Preparasyon Deklarasyon Taks Gratis pou Kontribyab ki Kalifye

Pwogram Volontè pou Asistans nan Taks sou Revni (VITA) ak Konsèy sou Taks pou Moun Laj Avanse (TCE) IRS genyen yo ofri senp preparasyon deklarasyon taks, ki gratis pou kontribyab ki kalifye. Pwogram ki rele VITA a gen 50 an depi li ap fonksyone, li ofri asistans taks gratis pou moun ki jeneralman fè $56,000 ou mwens, moun ki gen andikap ak kontribyab ki pa pale anglè byen ki bezwen asistans lè yo ap prepare deklarasyon taks yo. Anplis VITA, pwogram ki rele TCE a ofri èd ak taks gratis, espesyalman pou moun ki gen laj 60 tan ou plis, yo espesyalize nan kesyon sou pansyon ak pwoblèm ki gen rapò ak retrèt ke sèl moun laj avanse yo genyen. Pandan ke IRS ap jere pwogram VITA ak TCE yo, lokal VITA/TCE yo se patnè IRS yo ki jere yo, epi se volontè ki vle pote chanjman nan kominote yo ki fòme ekip travayè ki travay ladan yo. Volontè ke IRS sètifye ki bay konsèy taks yo, souvan se moun ki retrete ki asosye ak òganizasyon ki pa travay pou pwofi ki resevwa sibvansyon nan men IRS.

Non sèlman sèvis VITA/TCE yo gratis, yo se sous fyab e kredib pou preparasyon deklarasyon taks tou. Tout volontè VITA/TCE yo ki prepare deklarasyon taks oblije pran epi reyisi nan fòmasyon sou lwa taks yo oswa depase nivo IRS mande yo. Fòmasyon sa a gen ladan li respekte vi prive ak konfidansyalite sou enfòmasyon pèsonèl tout kontribyab. An plis de obligasyon pou volontè yo sètifye konesans yo genyen nan lwa taks yo, IRS egzije yon verifikasyon kalite sou chak deklarasyon taks ki fèt nan yon lokal VITA/TCE avan yo soumèt li. Chak sezon taks, gen plizyè dizèn milye volontè VITA/TCE devwe ki prepare plizyè milyon deklarasyon taks federal ak eta (state). Yo ede kontribyab ak preparasyon plizyè milye deklarasyon ki fèt atravè Sèvis Asiste Lib yo.

Avan ou ale nan yon lokal VITA ou TCE, gade nan Piblikasyon 3676-B (an Anglè) PDF pou ka konnen ki sèvis yo ofri epi gade nan paj ki rele Kisa pou Pote (an Anglè) a pou ka fè sèten ke ou pote tout dokiman ak enfòmasyon obligatwa ke volontè nou yo ap bezwen pou yo ede w. *Note Byen: sèvis ki disponib yo ka diferan nan chak lokal akoz disponiblite volontè sètifye nan ekspètiz lwa fiskal deklarasyon ou ap fè a mande.

Kèk lokal VITA ofri Sèvis CAA (an Anglè) pou kontribyab ansanm ak pwogram VITA yo a.

Anplis toujou, ale sou sitwèb FDIC a (an Anglè) pou enfòmasyon sou kibò pou jwenn yon bank ki ka ouvri yon kont sou entènèt ak sou kijan pou chwazi kont ki apwopriye pou oumenm.

Chèche yon Lokal VITA ou TCE Pre Lakay Ou

Lokal VITA ak TCE yo jeneralman chita kò yo nan sant kominotè ki nan katye yo, bibliyotèk, lekòl, sant komèsyal ak lòt lokal aksesib atravè peyi a yo. Pou jwenn yon lokal VITA ou TCE ki pre lakay ou, itilize Zouti Lokalizatè VITA a oswa rele nan 800-906-9887.

Lè ou ap chèche yon lokal TCE, se pou w sonje ke majorite lokal TCE yo se pwogram Èd ak Taks AARP Foundation an ki dirije yo. Pou jwenn lokal TCE nan Èd ak Taks AARP ki pi pre ou ant mwad Janvye ak Avril, itilize Zouti Lokalizatè Lokal AARP a osinon rele nan 888-227-7669.

Nan yon ti kantite lokal pou taks, kontribyab gen opsyon tou pou yo prepare senp deklarasyon taks federal ak eta (state) yo poukont yo gratis, lè yo sèvi ak lojisyèl preparasyon taks ki baze sou Entènèt kote gen yon volontè IRS sètifye pou ede yo atravè pwosesis la. Opsyon sa a disponib sèlman nan lokal ki mete Self-Prep” ("Preparasyon Lib") nan repètwa lokal la.

Atansyon: Yo revize lokalizatè a regilyèman apati mwad Fevriye jiska Avril.

Tranpri, note byen ke lè ou ap itilize zouti lokalizatè yo, ou ap kite sit IRS.gov la.

Chwazi Opsyon Pa W

Zouti Lokalizatè VITA/TCE (an Anglè)   Zouti Lokalizatè pou Lokal Èd ak Taks AARP (an Anglè)