Enfòmasyon OCR an kreyòl ayisyen
Depatman Sante ak Sèvis Sosyal (HHS) biwo dwa sivil (OCR), aplike lwa federal dwa sivil, lwa sou libète konsyans ak relijye yo, lwa sou sou transfè ak responsablite nan zafè asirans sante (HIPAA) ak lwa sou sekirite ak règleman sou vyolasyon, avi lwa avèk règ sou sekirite pasyan an, kote yo tout pwoteje dwa fondamantal ou yo nan zafè pa genyen non-diskriminasyon, konsyans, libète relijye, ak konfidansyalite sou enfòmasyon sante antite ki konsène yo.
Si ou bezwen èd pou depoze yon plent, tanpri rele nou nan 1-800-368-1019. Si ou bezwen yon entèprèt, nou ap ba ou youn gratis.
OCR te tradui fèy ransèyman ki suiv yo la nan plizyè lang. Si ou bezwen plis enfòmasyon ki tradui apati sit entènèt sa a, tanpri rele nou nan 1-800-368-1019.
Dwa sivil
Lwa sou dwa sivil federal yo ede pwoteje ou kont move tretman oswa diskriminasyon poutèt ras ou, koulè ou, orijin nasyonal ou, andikap ou, laj ou, oswa sèks.
Si ou kwè ke yon antite konsène ta diskrimine-w oswa vyole dwa sivil ou (oswa lòt moun) lakòz ras, koulè, orijin nasyonal, laj, oswa sèks ou, ou kabap pote yon plent nan biwo dwa sivil (OCR).
- Pote yon plent pou dwa sivil (To file a discrimination complaint with the Office for Civil Rights)
Fèy ransèyman sa yo dekri dwa sivil ou yo nan kad lwa ki dikte OCR yo.
- KONN DWA OU YO KONT DISKRIMINASYON! BIWO POU DWA SIVIL LAN (OCR) (Know your Civil Rights)*
- PWOTEJE DWA SIVIL AK KONFIDANSYALITE ENFÒMASYON SOU SANTE YO (Protecting Your Civil Rights in Health Care and Social Services and Your Health Information Privacy Rights)*
- KONN DWA OU YO ESKE OU PA KAPAB PALE, LI, EKRI, OSWA KONPRANN ANGLÈ BYEN (Know Your Rights LEP Brochure)*
- KONNEN DWA KI PWOTEJE NOU YO KONT DISKRIMINASYON SOU BAZ RAS, KOULÈ OSWA ORIJIN NASYONAL (Your Rights under Title VI of the Civil Rights Act of 1964)*
- KONNEN DWA YO KI PWOTEJE MOUN KI GEN ANDIKAP YO KONT DISKRIMINASYON (Your Rights under Section 504 and the Americans with Disabilities Act)*
- KONNEN DWA OU YO NAN KAD DISPOZISYON LWA HILL-BURTON LAN SOU ASIRANS POU SÈVIS NAN KOMINOTE AN (Your Rights under the Community Service Assurance of the Hill-Burton Act)*
- KONNEN DWA YO KI PWOTEJE MOUN KI GEN VIH AK SIDA YO (Your Rights as a Person with HIV Infection, AIDS, or Related Conditions)*
- DEKOUVRI LWA FEDERAL KI PWOTEJE KONT DISKRIMINASYON DAPRE LAJ LAN (Your Rights under the Age Discrimination Act)*
Libète konsyans ak relijyon
Lwa federal sou libète konsyans ak relijye ede pwoteje ou kont presyon, diskriminasyon sou baz konsyans oswa relijyon, ak defi pou pwatike relijyon ou libe libè.
Si ou kwè ke yon antite konsène ta diskrimine-w oswa vyole libète konsyans ak relijye ou (ak lòt moun), ou kapap pote plent nan biwo dwa sivil la (OCR).
- Pote yon plent pou libète konsyans ak relijyon (To file a conscience or religious freedom complaint with the Office for Civil Rights)
Enfòmasyon konfidansyèl sou sante
Regleman Konfidansyalite HIPAA se yon lwa federal ki ba ou dwa sou enfòmasyon sou sante ou ak regleman ki tabli limit sou moun ki ka gade ak resevwa enfòmasyon sou sante. Regleman sou Konfidansyalite a aplike pou tout fòm enfòmasyon sante moun ki pwoteje, elektwonik, ekri oswa oral. Règ Sekirite HIPAA se yon lwa federal ki egzije sekirite pou enfòmasyon medblèmikal sou fòm elektwonik. Anplis de sa, Lwa ak regleman sou sekirite pasyan yo an etabli yon sistèm rapò volontè pou amelyore done ki disponib yo pou evalye ak rezoud pwo sekirite pasyan an ak kalite swen sante yo, epi li bay pwoteksyon pou konfidansyalite ak enkyetid sou sekirite pasyan yo.
Si ou kwè ke yon antite ta vyole dwa ou oswa (lòt moun) konfidansyalite enfòmasyon sou sante-w oswa ta komèt yon lòt vyolasyon anvèti lwa sou transfè ak responsablite nan zafè asirans sante (HIPAA), lwa sou konfidansyalite, sekirite ak avi sou vyolasyon oswa lwa ak règ sou sekirite pasyan yo, ou kapab pote yon plent nan biwo dwa sivil (OCR).
- Pote yon plent pou zafè enfòmasyon sante ki prive. (To file a Privacy of Health Information complaint with the Office for Civil Rights)
- Pote yon plent pou vyolasyon regleman sou sekirite (To file a Security Rule complaint with the Office for Civil Rights)
Dokiman
- PATAJE ENFOMASYON SOU SANTE AK MANM FANMI E AK ZANMI (Sharing Health Information with Family Members and Friends)*
- KONPRANN AVI HIPAA A (Understanding the HIPAA Notice)*
- DWA SOU ENTIMITE SOU ENFOMASYON SANTE W (Your Health Information Privacy Rights)*
- ENTIMITE, SEKIRITE, AK DOSYE MEDIKAL ELEKTWONIK (Privacy, Security, and Electronic Health Records)*
* Moun ki sèvi ak teknoloji asistans ka pa kapab konplètman aksè enfòmasyon nan dosye sa yo. Pou asistans, kontakte Biwo HHS pou Dwa Sivil nan (800) 368-1019, TDD gratis: (800) 537-7697, oswa pa imèl OCRMail@hhs.gov.