Si ou se yon kontribyab kalifye oubyen reprezantan otorize (Pwokirasyon/Delegasyon Pouvwa) ou ka fè demand pou yon pwogram pèman (pami yo ou gen antant vèsman) sou entènèt pou peye balans ou dwe a moso pa moso. Yon fwa ou fin konplete demand sou entènèt la, w ap resevwa yon mesaj imedya ki ap enfòme w si yo apwouve plan ou ap mande a. Plan Pèman Endividyèl Eske w kalifye? Sitiyasyon fiskal espesifik ou se sa ki ap detèmine ki opsyon pèman ki ap disponib a ou menm. Pami opsyon pou pèman yo nou ap site pèman konplè, plan pèman a kout tèm (lè ou ap peye nan espas 120 jou oswa mwens) oswa plan pèman a lon tèm (antant vèsman) (lè ou ap peye nan espas ki plis pase 120 jou). Ou kapab gen dwa pou fè demand sou entènèt si: Plan pèman a lon tèm (antant pou vèsman): Ou dwe $50,000 oswa mwens an tèm total pou taks, amand ak enterè, epi ou depoze tout fòm taks obligatwa yo. Plan pèman a kout tèm: Ou dwe mwens pase $100,000 an tèm total pou taks, amand ak enterè. Si ou se yon pwopriyetè endividyèl oswa yon kontraktyèl endepandan, fè demand pou yon plan pèman antanke moun. Note Byen: Frè enstalasyon an ka pi plis si ou fè demand plan pèman an pa telefòn, lapòs, oswa fas a fas. Pran plis enfòmasyon sou lòt opsyon plan pèman ak frè. Kisa w ap bezwen pou w fè demand yon plan pèman? Non ou: egzakteman jan li ekri nan dènye deklarasyon revni pou tasks ou depoze a. Adrès imèl ki valid Adrès kay ou jan li ekri nan dènye deklarasyon revni pou taks ou depoze a Dat Nesans Kondisyon Fiskal Nimewo Sekirite Sosyal ou oubyen Nimewo Idantifikasyon Taks Endividyèl (ITIN) ou Selon tip antant ou mande a, ou kapab bezwen deklare kantite balans ou dwe a Pou konfime idantite ou, ou ap bezwen: nimewo kont bankè ou oswa nimewo telefòn selilè ki enskri nan non ou oswa kòd aktivasyon ou te resevwa pa lapòs (sa pran 5 a 10 jou ouvrab) Si oparavan ou te enskri nan yon Antant Pèman Sou Entènèt, Resevwa Transkripsyon, oswa PIN pou Pwoteksyon Idantite (IP PIN), ou dwe konekte nan kont ou ak menm non itilizatè ak modpas ou. Ou ap bezwen konfime idantite ou; pou fè sa a, ou dwe bay done adisyonèl ki ekri nan lis anwo la a si ou pako fè sa. Konbyen kòb sa koute? Si nou aprouve plan pèman an pou ou, n ap ajoute youn nan frè sa yo sou fakti taks ou dwe a. Si ou dwe yon balans ki plis pase $25,000, fòk ou fè pèman otomatik atravè kont kouran ou (Debi Dirèk). Opsyon Plan yo ak Pri yo Peye Kounye a $0 frè enstalasyon Pa p gen ni amand ni enterè ki ap ajoute nan lavni Peye tout montan ou dwe a jodi a dirèkteman apati kont kouran oswa kont epay ou (Pèman Dirèk) oswa ak yon chèk, manda postal oswa kat debi/kredi.Kapab gen yon frè lè ou ap peye pa mwayen kat Plan Pèman a Kout Tèm (120 jou ou mwens) $0 frè enstalasyon Plis amand ak enterè ki ap monte jiskaske ou fin peye balans total la Aprè ou fin fè demand plan pèman a kout tèm lan, ou kapab peye montan ou dwe a dirèkteman apati kont kouran oswa kont epay ou (Pèman Dirèk) oswa ak yon chèk, manda postal oswa kat debi/kredi.Ap gen frè lè ou ap peye pa mwayen kat. Plan Pèman a Lon Tèm (Antant Vèsman) (Peye nan espas tan ki plis pase 120 jou atravè pèman chak mwa) Peye chak mwa atravè retrè otomatik $31 frè enstalasyon (pou moun a revni fèb: yo anile frè enstalasyon an) Plis amand ak enterè ki ap monte jiskaske ou fin peye balans total la Peye montan ou dwe a atravè Debi Dirèk (pèman otomatik apati kont kouran ou). Yo rele sa a tou Antant Vèsman Debi Dirèk (DDIA, an Anglè). Sa a obligatwa si balans ou depase $25,000. Peye chak mwa (Debi ki pa Dirèk) $149 frè enstalasyon (pou moun a revni fèb: $43 frè enstalasyon ke yo ka ranbouse w si ou ranpli deseri kondisyon) Plis amand ak enterè ki ap monte jiskaske ou fin peye balans total la Aprè ou fin fè demand plan pèman a lon tèm nan, peye montan ou dwe a atravè pèman chak mwa ak Debi Ki Pa Dirèk (ki pa otomatize), sa ki konte pèman ki fèt dirèkteman apati kont kouran oswa kont epay ou (Pèman Dirèk) oswa ak yon chèk, manda postal oswa kat debi/kredi.Ap gen frè lè ou ap peye pa mwayen kat. Revize yon Plan Pèman ki An Plas (Antant Vèsman) oswa Reyenstale Aprè Mank Pèman $10 kòm frè, ke yo ka ranbouse w si yo idantifye w kòm moun a revni fèb epi si ou ranpli deseri kondisyon. Pran plis enfòmasyon sou lòt opsyon plan pèman ak frè. Kijan pou m fè pou m revize yon plan ki deja an plas? Revize yon Plan Pèman Ou kapab wè detay ki nan plan pèman aktyèl ou (tankou tip antant, dat limit, ak kantite lajan ou dwe peye) lè ou konekte w nan zouti Antant Pèman Sou Entènèt la atravè bouton ki make Fè Demand/Revize (an Anglè) ki anba la a. Kisa Ou Ka Chanje Atravè Zouti Antant Pèman sou Entènèt la Ou ka sèvi ak zouti Antant Pèman Sou Entènèt la pou fè chanjman sa yo: Chanje dat limit pèman ou fè chak mwa a Chanje dat limit pèman ou fè chak mwa a Konvèti yon Antant ki deja egziste an Antant Debi Dirèk Reyetabli aprè pèman ki manke Ou ka konekte w nan zouti Antant Pèman Sou Entènèt la atravè bouton ki make Fè Demand/Revize (an Anglè) ki anba la a. Kijan Pou Revize yon Plan Pèman sou Entènèt Konekte w nan zouti Antant Pèman Sou Entènèt la atravè bouton ki make Fè Demand/Revize (an Anglè) ki anba la a. Nan premye paj la, ou kapab revize tip plan aktyèl ou, dat pèman, ak kantite lajan. Epi soumèt chanjman ou fè yo. Si kantite lajan pèman chak mwa ou mete a pa ranpli kondisyon yo, ou ap resevwa yon mesaj ki ap fòse ou korije kantite lajan pèman an. Si ou pa kapab peye kantite minimòm obligatwa pou pèman an, ou ap resevwa enstriksyon pou ranpli yon Fòm 433-F Atestasyon Done pou Rekouvreman Lajan (an Anglè) PDF ak kijan pou soumèt li. Si plan w lan ekspire akoz de pèman ki manke epi yo ap reyetabli li, ou ka gen pou peye yon frè pou retablisman. Pwokirasyon (POA) pou yon moun Pou fè demand antanke Pwokirasyon (POA) pou yon moun, ou ap bezwen: Enfòmasyon pou verifye idantite ou Si oparavan ou te enskri nan yon Antant Pèman Sou Entènèt, Resevwa Transkripsyon, oswa PIN pou Pwoteksyon Idantite (IP PIN), konekte w nan kont ou ak menm non itilizatè ak modpas yo. Ou ap bezwen verifye idantite w; pou fè sa a, ou ap bay tout enfòmasyon obligatwa yo si ou pako fè sa deja. Pou moun ke ou ap reprezante a, w ap bezwen: Nimewo Sekirite Sosyal Kontribyab la (SSN) oubyen Nimewo Idantifikasyon Taks Endividyèl (ITIN) li Nimewo Dosye Otorizasyon Santralize (CAF) (an Anglè) ou Idantifikasyon apèl ki nan avi pou kontribyab la oswa dat siyati POA ki nan Fòm 2848 (an Anglè) Revni an Gwo Ajiste kontribyab la pou ane pase (si ou fèk depoze dosye taks 2018, donk se pou itilize AGI ane 2017 la) Selon tip antant ou mande a, ou kapab bezwen tou: Kantite balans ou dwe a Ane fiskal yo egzamine a Fè Demand/Revize antanke Moun (an Anglè) Fè Demand/Revize antanke POA Endividyèl (an Anglè) Plan Pèman pou Biznis Eske w kalifye? Sitiyasyon fiskal espesifik ou se sa ki ap detèmine ki opsyon pèman ki ap disponib pou ou menm. Pami opsyon pou pèman yo nou ap site pèman konplè oswa plan pèman a lon tèm (antant vèsman) (lè ou ap peye nan espas ki plis pase 120 jou). Ou kapab kalifye pou fè demand sou entènèt, si: Plan pèman a lon tèm (Antant pou vèsman): Ou depoze tout fòm taks obligatwa yo epi ou dwe $25,000 oswa mwens an tèm total pou taks, amand, ak enterè. Si ou se yon pwopriyetè endividyèl oswa yon kontraktyèl endepandan, fè demand pou yon plan pèman antanke moun. Note Byen: Frè enstalasyon an ka pi plis si ou fè demand plan pèman an pa telefòn, lapòs, oswa fas a fas. Pran plis enfòmasyon sou lòt opsyon plan pèman ak frè. Kisa biznis mwen an ap bezwen pou li fè demand lan? Enfòmasyon pou verifye idantite ou antanke moun Si oparavan ou te enskri nan yon Antant Pèman Sou Entènèt, Resevwa Transkripsyon, oswa PIN pou Pwoteksyon Idantite (IP PIN), konekte nan kont ou ak menm non itilizatè ak modpas yo. Ou ap bezwen konfime idantite w; pou fè sa a, ou ap bay tout enfòmasyon obligatwa yo si ou pako fè sa deja. Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN) ou Dat biznis la te etabli (MM/AAAA) Adrès kay ou ki nan dènye deklarasyon revni pou taks ou depoze a Idantifikasyon Apèl ou a ki nan avi a Selon tip antant ou mande a, ou kapab bezwen tou: Kantite balans ou dwe a Fòm taks ou te depoze oswa ke yo egzamine Ki peryòd taks ou te depoze oswa ke yo egzamine Konbyen kòb sa koute? Si nou aprouve plan pèman an pou ou, n ap ajoute youn nan frè sa yo sou fakti taks ou dwe a. Si ou dwe yon balans ki plis pase $10,000, fòk ou peye atravè Debi Dirèk (pèman otomatik atravè kont kouran ou). Opsyon Plan yo ak Pri yo Peye Kounye a $0 frè enstalasyon Pa p gen ni amand ni enterè ki ap ajoute nan lavni Peye tout montan ou dwe a jodi a, nan fason elektwonik oswa pa telefòn atravè Sistèm Elektwonik pou Pèman Taks Federal (EFTPS) oswa ak yon chèk, manda postal oswa cat debi/kredi.Kapab gen yon frè lè ou ap peye pa mwayen kat. Plan Pèman a Lon Tèm (Antant Vèsman) (Peye nan espas tan ki plis pase 120 jou atravè pèman chak mwa) Peye chak mwa atravè retrè otomatik $31 frè enstalasyon Plis amand ak enterè ki ap monte jiskaske ou fin peye balans total la Peye montan ou dwe a atravè Debi Dirèk (ak pèman otomatik apati kont kouran ou). Yo rele sa a tou Antant Vèsman Debi Dirèk (DDIA, an Anglè). Sa a obligatwa si balans ou depase $10,000. Peye chak mwa (Debi ki pa Dirèk) $149 frè enstalasyon Plis amand ak enterè ki ap monte jiskaske ou fin peye balans total la Aprè ou fin fè demand pou plan pèman sou entènèt la, peye montan ou dwe a atravè pèman chak mwa Debi Ki Pa Dirèk (ki pa otomatize), ki gen ladan l pèman elektwonik sou entènèt oswa nan telefòn atravè Sistèm Elektwonik pou Pèman Taks Federal la (EFTPS ) oswa ak chèk, manda postal, oswa kat debi/kredi.Ap gen yon frè lè ou ap peye pa mwayen kat. Revize yon Plan Pèman ki An Plas (Antant Vèsman) oswa Reyenstale Aprè Mank Pèman $10 frè. Pran plis enfòmasyon sou lòt opsyon antant pèman ak frè. Kijan pou m fè pou m revize yon plan ki deja an plas? Revize yon Plan Pèman Ou kapab wè detay ki nan plan pèman aktyèl ou (tankou tip antant, dat limit, ak kantite lajan ou dwe peye) lè ou konekte w nan zouti Antant Pèman Sou Entènèt la atravè bouton ki make Fè Demand/Revize (an Anglè) ki anba la a. Kisa Ou Ka Chanje Atravè Zouti Antant Pèman sou Entènèt la Ou ka sèvi ak zouti Antant Pèman Sou Entènèt la pou fè chanjman sa yo: Chanje kantite lajan ou peye chak mwa a Chanje dat limit pèman ou fè chak mwa a Konvèti yon antant ki deja egziste an antant Debi Dirèk Reyetabli aprè pèman ki manke Ou ka konekte w nan zouti Antant Pèman Sou Entènèt la atravè bouton ki make Fè Demand/Revize (an Anglè) ki anba la a. Kijan Pou Revize yon Plan Pèman sou Entènèt Konekte w nan zouti Antant Pèman Sou Entènèt la atravè bouton ki make Fè Demand/Revize (an Anglè) ki anba la a. Nan premye paj la, ou kapab revize tip plan aktyèl ou, dat pèman, ak kantite lajan. Epi soumèt chanjman ou fè yo. Si kantite lajan pèman chak mwa ou mete a pa ranpli kondisyon yo, ou ap resevwa yon mesaj ki ap fòse ou korije kantite lajan pèman an. Si ou pa kapab peye kantite minimòm obligatwa pou pèman an, ou ap resevwa enstriksyon pou ranpli yon Fòm 433-F Atestasyon Done pou Rekouvreman Lajan (an Anglè) PDF ak kijan pou soumèt li. Si plan w lan ekspire akoz de pèman ki manke epi yo ap reyetabli li, ou ka gen pou peye yon frè pou retablisman. Pwokirasyon (POA) pou yon Biznis Pou fè demand antanke Pwokirasyon (POA) pou yon biznis, ou ap bezwen: Enfòmasyon pou verifye idantite ou Si oparavan ou te enskri nan e‐Services, Antant Pèman Sou Entènèt, Resevwa Transkripsyon, oswa PIN pou Pwoteksyon Idantite (IP PIN), konekte w nan kont ou ak menm non itilizatè ak modpas yo. Ou ap bezwen verifye idantite w; pou fè sa a, ou ap bay enfòmasyon adisyonèl si ou pako fè sa deja. Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN) Nimewo Dosye Otorizasyon Santralize (CAF) (an Anglè) ou Idantifikasyon apèl ki nan avi pou kontribyab la oswa dat siyati POA ki nan Fòm 2848 (an Anglè) Selon tip antant ou mande a, ou kapab bezwen tou: Adrès biznis la jan li ekri nan dènye deklarasyon revni pou taks ou depoze a Ki fòm taks ou te depoze oswa egzamine Ki peryòd taks ou te depoze oswa egzamine l Kantite balans ou dwe a Fè Demand/Revize antanke Biznis (an Anglè) Fè Demand/Revize antanke POA pou Biznis (an Anglè) Plis enfòmasyon Repons ak kesyon moun poze souvan Podcast: Ou Dwe Taks Men Ou Pa Ka Peye? (an Anglè) MP3 Videyo: Evite Peye Enterè ak Sanksyon (an Anglè) Disponiblite Sistèm nan Lendi a Vandredi: 6 a.m. jiska 12:30 a.m. Lè Zòn Lès Samdi: 6 a.m. jiska 10 p.m. Lè Zòn Lès Dimanch: 6 p.m. jiska 12:00 a.m. Lè Zòn Lès Sistèm nan ap disponib sèlman padan peryòd ki ekri anwo a yo; tranpri remonte sou sistèm nan pandan disponiblite sistèm nan pou itilize demand pou Antant Pèman Sou Entènèt la.