Pwoteje Dwa Sivil Kontribyab yo

Sèvis Revni Entèn lan pa tolere anplwaye li yo fe diskriminasyon kont okenn moun sou baz laj, sèks, koulè, andikap, ras, relijyon, ak orijin nasyonal (epi tou, limitasyon nan konpetans è). Pozisyon zewo tolerans sa aplike ak tout moun ki volontè oswa kap travay avèk kontribyab yo nan youn nan pwogram asistans nou yo:

  • Klinik taks sou revni ki ba (LITC)
  • Volontè Asistans taks sou revni (VITA)
  • Konsey Taks pou Granmoun Aje (TCE)

Si yo mande, anplwaye IRS yo ak manm staf/volontè yo nan lokalite pwogram asistans nou yo dwe bay yon aranjman rezonab pou yon kontribyab ki gen yon andikap, oswa asistans lang pou yon kontribyab ki limite nan konpetans anglè.

Piblikasyon Dwa Sivil kontribyab yo

Piblikasyon sa yo ede eksplike e ranfòse angajman IRS pou pwoteje dwa sivil kontribyab yo:

Fè yon Demann

Si ou se yon kontribyab ki gen yon andikap e ki bezwen yon aranjman rezonab, oswa ou limite nan konpetans angle e bezwen asistans lang, enfòme anplwaye IRS la ke w nan nesesite travay avèk yonn nan yo sou bezwen w pou asistans. Anplis de sa, si ou rankontre yon moun ki travay kom volontè oswa kap travay nan yon lokalite LITC, VITA oswa TCE, enfòme moun nan de bezwen ou pou yon aranjman rezonab oswa asistans lang.

Nou ankouraje w travay avèk anplwaye nou yo, ak volontè nou yo oswa manm staf nou yo ki nan pwogram asistans nou yo, pou ka jwenn èd pou yon aranjman rezonab oswa asistans lang. Epi tou, ou ka kontakte biwo IRS ki gen pou wè ak Ekite, Divèsite ak Enklizyon, Inite Dwa Sivil ak kesyon sou jan pou jwenn asistans lè w ekri nou pa imèl nan edi.civil.rights.division@irs.gov (lyen voye imèl) :

Depoze yon Plent

Biwo IRS ki responsab zafè Ekite, Divèsite ak Enklizyon, Inite Dwa Sivil la gen pou responsablite defann ak pwoteje dwa sivil kontribyab yo, ansanm ak moun ki andikape oswa ki limite nan konpetans anglè. Si ou te viktim diskriminasyon pa yon anplwaye IRS oswa manm staf oubyen volontè ki afilye ak youn nan pwogram asistans nou yo, souple voye alekri yon plent (an Anglè) PDF nan:

Inite Dwa Sivil IRS
1111 Constitution Avenue, NW
Room 2413
Washington, DC 20224

Pou tout lòt kesyon konsènan dwa sivil kontribyab yo, kontakte nou nan adrès postal ki anwo a, oswa voye yon imèl nan edi.civil.rights.division@irs.gov (lyen voye imèl).

Lyen ki sou paj sa a, yo nan fòma Adobe PDF. Telechaje dènye vèsyon Adobe Acrobat Reader a gratis, nan paj telechajab Paj telechajab Adobe Reader (lyen ekstèn) sou sitwèb Adobe a.