Body IRS and Treasury Now Delivering Second Round of Payments Most people will get their payments automatically. See the press release for details. Se yon obligasyon pou nou fè peman ki gen rapò ak enpak ekonomik ou yo (Estimilis) pi vit posib. Tanpri pa rele IRS pou nouvo peman an; ajan nan telefòn yo pa gen lòt enfòmasyon pase enfòmasyon ki la a sou IRS.gov epi nan fòmilè demann "Get my payment" la. Dezyèm peman ki gen rapò ak enpak ekonomik la (Estimilis) Ou kapab kalifye pou jwenn yon dezyèm peman ki gen rapò ak enpak ekonomik la. N ap otomatikman fè yon peman pou moun ki kalifye yo. Verifye estati peman w la Itilize "Get my payment" pou: Detèmine estati peman ki gen rapò ak enpak ekonomik ou yo. Konfime tip peman w la: depo dirèk oswa peman pa lapòs. Yo mete done yo ajou yon fwa chak jou, nan lannwit. Kidonk, pa gen okenn nesesite pou verifye yo plis pase yon fwa chak jou. Pou repons ak kesyon ki gen pou wè ak dezyèm peman ki gen rapò ak enpak ekonomik la, konsilte Kesyon ak repons sou dezyèm peman ki gen rapò ak enpak ekonomik la (an Anglè). Pou kesyon sou fòmilè demann "Get My Payment" la, konsilte Kesyon yo souvan poze sou Get My Payment (an Anglè). Get My Payment Premye peman ki gen rapò ak enpak ekonomik la (Estimilis) Pifò moun k ap peye taks ki kalifye yo te resevwa premye peman ki gen rapò ak enpak ekonomik yo. Si w pa t jwenn tout lajan peman ou kalifye pou li a, ou ka kalifye pou resevwa yon Kredi rekiperasyon (an Anglè) lè w ranpli deklarasyon taks federal 2020 ou yo. Verifye estati premye peman ki gen rapò ak enpak ekonomik ou a Itilize "Get my payment" pou: Verifye estati premye peman ki gen rapò ak enpak ekonomik ou a. Gen kèk moun ki te resevwa premye peman ki gen rapò ak enpak ekonomik yo a pa plizyè peman. Si w te resevwa peman pasyèl, aplikasyon an ap montre sèlman sa a ki pi resan an. Konfime tip peman w la: depo dirèk oswa peman pa lapòs. Yo mete done yo ajou yon fwa chak jou, nan lannwit. Kidonk, pa gen okenn nesesite pou verifye yo plis pase yon fwa chak jou. Pou repons ak kesyon sou "Get My Payment", konsilte Kesyon yo souvan poze sou Get My Payment (an Anglè). Get My Payment Reklame yon kredi rekiperasyon Si w pa jwenn tout lajan peman ki gen rapò ak enpak ekonomik ou kalifye pou yo a, ou ka kalifye pou resevwa yon Kredi rekiperasyon lè w ranpli deklarasyon taks federal 2020 ou yo. Reklame kredi rekiperasyon Jwenn plis enfòmasyon sou peman ki gen rapò ak enpak ekonomik la Pou repons ak kesyon sou kalifikasyon pou peman, kantite lajan, kisa pou atann, lè pou tann li ak plis enfòmasyon ankò, konsilte: Kesyon ak repons sou dezyèm peman ki gen rapò ak enpak ekonomik la (an Anglè). Pou premye peman an, konsilte Sant enfòmasyon sou peman ki gen rapò ak enpak ekonomik la (an Anglè). Patnè IRS yo kapab vizite Patnè peman ki gen rapò ak enpak ekonomik nou an ak materyèl pwomosyon (an Anglè) pou dènye pwodwi nou pral pataje ak kliyan yo, moun ki gen aksyon yo, kliyan ak elektè yo.