Konprann avi oswa lèt IRS ou an

Avi oswa lèt ou an va eksplike rezon poukisa IRS kontakte e kijan pou jere sitiyasyon an.

Si ou dakò ak Enfomasyon yo, ou pa bezwen kontakte nou.

Si, lè wap chache avi oswa lèt ou an, ou itilize metòd rechech ki sou paj sa a, si l pa ba w rezilta a, oubyen si w panse avi an oubyen lèt la ta sanble sispèk, se pou kontakte nou nan nimewo sa 800-829-1040. Si ou jwenn avi an oswa lèt la fo, tanpri swiv gid konsèy asistans IRS yo oubyen ale sou sit nou nan paj: Rapò eskwokri pou lòt etap la.

Pou kapab jwenn yon kopi avi oubyen lèt IRS la an Braille oubyen an gran lèt, visite Enfòmasyon sou paj Sant Medya Altenatif (an anglè) pou plis detay.

Poukisa IRS te kontakte m?

IRS ekri moun pou rezon sa yo:

  • Ou dwe yon balans.
  • Ranbousman w soti pi gwo oubyen pi piti.
  • Nou gen yon kesyon konsènan taks ou.
  • Nou bezwen verifye idantite ou.
  • Nou bezwen plis enfomasyon.
  • Nou chanje ranbousman w lan.
  • Nou bezwen avize w de reta nou jwenn pou n fè swiv taks ou.

Pwochen etap

Li

Chak avi ou let gen anpil enfòmasyon enpòtan, poutet sa se enpòtan pou li l avek atansyon. Si nou chanje taks ou, konpare enfomasyon nou voye ba ou nan avi oubyen lèt la ak enfomasyon ki nan taks orijinal out e ranpli a.

Reponn

Si Avi ya ou let la reklame yon repons nan yon dat espesific, gen de rezon fondamantal wap bezwen reponn nan dat yo mande a:

  • Pou diminye plis enterè ak penalite.
  • Pou prezève dwa ou genyen pou mande yon revizyon si ou pa dakò

Pèman

Peye kantite ou kapab, menm si ou paka peye tout sa w dwe a an plen. Ou ka peye sou entenet oswa aplike pou yon akò pèman sou entenet oubyen yon òf an echanj. Visite paj pèman pou plis detay.

Kenbe yon kopi avi ya ou lèt la

Se enpòtan pou kenbe kopi tout avi oswa lèt yo avek dosye taks ou paske ou ka bezwen dokiman sa yo pi devan nan yon lot okazyon.

Kontakte nou

Wap jwenn nimewo telefòn pou kontakte nou anlè nan kwen adwat avi a oubyen lèt la. Nòmalman ou dwe kontakte nou selman si ou pa dakò ak enfomasyon ou resevwa a, si nou mande enfomasyon anplis, oubyen si ou gen yon balans ki rive nan dat limit. Ou ka ekri nou tou nan adrès ki nan avi a oubyen nan lèt la. Si ou ekri, tann omwen 30 jou pase pou ka jwenn repons nou.

Andwa pou nimewo avi a ou nimewo let la

Ou Ka jwenn nimewo avi a (CP) oubyen nimewo let la (LTR) swa nan kwen anlè oubyen nan kwen anba adwat korespondans ou.