Kredi pou Kontribisyon nan Epay Retrèt (Kredi Epayan an)

Ou ka byen ka pran yon kredi sou taks si w fè kotizasyon ki elijib bay IRA ou oubyen plan retrèt anplwayè parene. Epi, pou kòmanse ak lane 2018, Si yo deziye kòm benefisyè, ou ka byen elijib pou yon kredi pou kotizasyon ou voye nan Kont pou w Akonplil yon Pi Bon Eksperyans nan Lavi (ABLE).

Ki moun ki elijib pou kredi a?

Ou ellijib pou kredi a si:

  1. Ou gen 18 an oubyen plis;
  2. Ou pa yon etidyan atanplen; epi
  3. Yo pa reklame w kòm depandan yon lòt moun.

Gade Enstriksyon pou Fòm 8880, Kredi pou Kontribisyon nan Epay Retrèt ki Kalifye (an Anglè), pou sa yo rele etidyan aplentan an.

Montan kredi a

Montan kredi a se 50%, 20% oubyen 10% nan plan retrèt ou a oubyen IRA oubyen kontribisyon kont ABLE w la tou depan ki kantite revni an gwo ajiste w ye (sa ki rapòte nan seri deklarasyon Fòm 1040 lan). Kantite kontribisyon maksimòm ki ka kalifye pou kredi a se $2,000 dola ($4,000 pou moun marye ki deklare ansanm), sa fè kredi maksimòm nan se $1,000 dola ($2,000 pou moun marye ki deklare ansanm). Itilize tablo sa ki anba la a pou w kalkile kredi w.

Kontribisyon ABLE ki elijib pou kredi a

Kòmanse nan ane 2018, yo ka pran Kredi Epayan an w lan pou kontribisyon ou mete nan yon kont ABLE (an Anglè) si se ou ki se benefisyè deziye a.

Kontribisyon transfè rekondui yo (sa vle di lajan ki soti nan yon kont ABLE oubyen yon kont Plan Skolarite ki Kalifye (QTP) pa kalifye pou kredi a. Epi tou, kontribisyon elijib ou a ka redui selon nenpòt kantite kòb ou fèk resevwa ki soti nan kont ABLE ou an.

*Selilbatè, moun marye ki fè deklarasyon separe, oubyen vèv ou vèf ki kalifye

Kredi Epayan 2020

To Kredi Moun Marye k ap Deklare Ansanm Chèf kay la Tout Lòt Kontribyab*
50% nan kontribisyon w lan AGI ki pa pi plis pase $39,000 AGI ki pa pi plis pase $29,250 AGI ki pa pi plis pase $19,500
20% nan kontribisyon w lan $39,001 - $42,500 $29,250 - $31,875 $19,501 - $21,250
10% nan kontribisyon w lan $42,501 - $65,000 $31,876 - $48,750 $21,251 - $32,500
0% nan kontribisyon w lan Plis pase $65,000 Plis pase $48,750 Plis pase $32,500

Kredi Epayan 2019

To Kredi Moun Marye k ap Deklare Ansanm Chèf kay la Tout Lòt Kontribyab*
50% nan kontribisyon w lan AGI ki pa pi plis pase $38,500 AGI ki pa pi plis pase $28,875 AGI ki pa pi plis pase $19,250
20% nan kontribisyon w lan $38,501 - $41,500 $28,876 - $31,125 $19,251 - $20,750
10% nan kontribisyon w lan $41,501 - $64,000 $31,126 - $48,000 $20,751 - $32,000
0% nan kontribisyon w lan Plis pase $64,000 Plis pase $48,000 plis pase $32,000

Kredi Epayan 2018

To Kredi Moun Marye k ap Deklare Ansanm Chèf kay la Tout Lòt Kontribyab*
50% nan kontribisyon w lan AGI ki pa pi plis pase $38,000 AGI ki pa pi plis pase $28,500 AGI ki pa pi plis pase $19,000
20% nan kontribisyon w lan $38,001 - $41,000 $28,501 - $30,750 $19,001 - $20,500
10% nan kontribisyon w lan $41,001 - $63,000 $30,751 - $47,250 $20,501 - $31,500
0% nan kontribisyon w lan plis pase $63,000 plis pase $47,250 plis pase $31,500

Kredi Epayan 2017

To Kredi Moun Marye k ap Deklare Ansanm Chèf kay la Tout Lòt Kontribyab*
50% nan kontribisyon w lan AGI ki pa pi plis pase $37,000 AGI ki pa pi plis pase $27,750 AGI ki pa pi plis pase $18,500
20% nan kontribisyon w lan $37,001 - $40,000 $27,751 - $30,000 $18,501 - $20,000
10% nan kontribisyon w lan $40,001 - $62,000 $30,001 - $46,500 $20,001 - $31,000
0% nan kontribisyon w lan plis pase $62,000 plis pase $46,500 plis pase $31,000

Epay retrèt ki elijib pou kredi a

Kredi Epayan an ka soti nan kontribisyon w fè nan yon IRA tradisyonèl oubyen Roth; 401(k) w la, SIMPLE IRA, SARSEP, 403(b), 501(c)(18) oubyen plan gouvènmantal 457(b) plan; epi kontribisyon volontè nan plan retrèt ki kalifye ak plan 403(b) yon anplwaye fè aprè l fin peye taks li.

Kontribisyon nan transfè rekondui (Rollover) (lajan w retire nan yon lòt plan retrèt oubyen IRA) pa elijib pou Kredi Epayan an. Epi tou, kontribisyon elijib ou a ka redui kòz nenpòt kòb ou resevwa ki soti nan plan retrèt ou oubyen IRA.

Egzanp: Jill, ki travay nan yon ti magazen detayan, marye epi l touche $38,500 nan ane 2019. Mari Jil menm pa t travay nan ane 2019 epi l pa t gen anyen pou l touche. Jill kotize $1,000 nan kont IRA li nan ane 2019. Aprè dediksyon kontribisyon l nan IRA, revni an gwo ajiste ki parèt nan deklarasyon li fè ansanm ak mari l se $37,500. Jill ka reklame yon kredi 50%, $500, pou kontribisyon $1,000 li te fè nan IRA a.

Resous adisyonèl