Sijè ki nan Nouvèl

La a ou pral jwenn atik nan enterè aktyèl - nouvo pwogram, konsèy ki sot pase oswa rapèl alè.

Yon mesaj Damon Rowe, Direktè ekzekitif, biwo pou aplikasyon lalwa fwod IRS la

Obsèvasyon Semèn Entènasyonal Konsyantizasyon sou Fwod

Nan menm lide pou nou kontinye fokis sou pwoblèm konfòmite taks la, IRS te kreye Biwo pou Aplikasyon lalwa Fwod pou sipòte efò IRS yo pou detekte ak dekouraje fwod pandan yap ranfòse pwogram nasyonal fwod la.

Nan obsèvasyon Semèn Entènasyonal Konsyantizasyon Fwod la, nou pral ankouraje envestisman enkwayab IRS te fè nan kesyon aplikasyon lalwa fwod la. Semèn sa a, nou pral patisipe nan yon efò mondyal pou minimize enpak fwod, ki gen ladan fwod sou taks, pandan n ap ankouraje konsyantizasyon fwod ak edikasyon. Efò IRS la pou konbat fwod sou taks ak lòt fwod finansyè ede pwoteje kontribyab yo nan lemond epi aksantye sou enpòtans prevansyon fwod pou sosyete a.

Alèjman Fiskal pou Kowonaviris

Pèman pou enpak ekonomik

Sitwayen ameriken, rezidan pèmanan oswa rezidan ki kalifye, kontribyab ki pa sou kont yon lòt kontribyab ak moun ki gen yon nimewo Sekirite Sosyal ki ba yo dwa pou yo travay kapab kalifye pou yon Pèman pou Enpak Ekonomik (EIP). Menm si ou pa fè deklarasyon taks nòmalman oswa ou nan moman ou sanzabri ou ka toujou kalifye pou yon Pèman. Kontribyab yo kapab resevwa yon lòt 500 dola anplis pou chak timoun ki kalifye. Pou gen pèman 1 200 dola sa a, kontribyab yo dwe enskri (an Anglè) sou IRS.gov 15 Oktòb 2020.

Vizite page Kowonaviris ak Pèman pou Enpak Ekonomik: Resous ak Machaswiv (an Anglè) paj pou dènye kontni nou mete ki gen ladan:

  • Kominike Nouvèl 
  • Konsèy sou taks 
  • Deklarasyon IRS yo
  • Kesyon yo Poze Souvan 
  • Fèy Enfòmasyon
  • Materyèl Patnè nou yo ak Anons Sèvis Piblik an Anglè ak an panyòl 
  • Machaswiv IRS
  • Atik ki Tou Pare pou Moun Itlize

Pou ka jwenn dènye nouvèl sou sitiyasyon aktyèl operasyon ak sèvis IRS (an Anglè) ki afekte yo.

Chanjman lwa fiskal yo pwolonje oswa chanje anpil dispozisyon nan lwa fiskal k ap ekspire yo, ki gen ladan: 

  • Trètman prim asirans pou ipotèk antanke enterè sou rezidans ki kalifye
  • Rediksyon nan fon dediksyon depans medikal
  • Dediksyon frè eskolarite ak depans ki gen rapò ak sa
  • Kredi pou kay ki pa konsome anpil enèji yo
  • Kredi anplwayè pou konje pou rezon lafanmi ak konje medical ki peye
  • Kredi opòtinite travay
  • Règleman espesyal pou detèmine revni ou touche
  • Anilasyon laj maksimòm pou kontribisyon nan IRA tradisyonèl yo
  • Ogmantasyon nan laj pou dat obligatwa pou kòmanse fè distribisyon obligatwa yo
  • Elajisman plan seksyon 529 yo

Pou yon lis konplè sou dispozisyon lwa fiskal ki afekte yo, gade Komite Kolektif sou Lis Taksasyon Pwovizyon Fiskal k ap Ekspire an 2020 (an Anglè).

Koneksyon Elaji

Resevwa enfòmasyon sou taks gratis pou pataje (an Anglè) ak estaf ou, kliyan w yo oswa kòlèg ou kapab mete sou:

  • Sit wèb ou
  • E-Newsletter (Bilten Enfòmasyon Elektwonik ou)
  • Twitter, Instagram oswa lòt medya sosyal

Deklarasyon Gratis IRS la

Pifò kontribyab yo ka fè deklarasyon enpo federal yo atravè deklarasyon gratis IRS la – prezante non komèsyal founisè sèvis enpo sou entènèt la − nan IRS.gov/freefile pou peryòd deklarasyon enpo nan 2020 an.

Kontribyab ki gen revni an gwo ki ajiste a 69 000 dola oswa mwens nan 2019 la - ki kouvri pifò moun - ka fè taks yo kounye a avèk yon founisè sèvis deklarasyon gratis.

Premye Ak sou Kontribyab

Nan dat 1 jiyè 2019, Premye Ak (Act) sou Kontribyab lane 2019 la te vin tounen yon lwa, ki gen pou objektif pou chanje Sèvis Revni Entèn nan. Anjeneral, lejislasyon an gen pou objektif pou elaji ak ranfòse dwa kontribyab yo ak refòme IRS tankou yon ajans ki vin pi pre kontribyab yo atravè obligasyon yo ba li pou li devlope yon estrateji sèvis kliyantèl ki konplè, modènize teknoloji li yo epi ki amelyore sistèm sekirite sou entènèt li.

Gade paj Premye Ak (Act) sou Kontribyab (an Anglè) pou dènye mizajou yo.

Refòm fiskal

IRS la ap travay pou mete an aplikasyon Lwa pou redwi taks ak travay. Nouvo lwa sa a gen ladan pi gwo lejislasyon taks ki pral afekte patikilye yo ak antrepriz yo. Tcheke paj Refòm fiskal (an Anglè) pou dènye mizajou yo.

Prelèvman sou Taks

Lwa sou Rediksyon Enpo ak Travay la chanje fason yo te konn kalkile taks. IRS ankouraje kontribyab yo pou yo fè yon "verifikasyon sale rapid" ak itilizasyon Estimatè Prelèvman an pou verifye si yo peye montan prelèvman an ekzat pou sitiyasyon pa yo.

Alèt pou Konsomatè yo sou Eskwokri nan Taks

‪Konnen byen IRS p ap janm:

Rele pou mande pèman imedya avèk yon metòd pèman espesifik tankou yon kat debi peye davans (prepaid debit card), kat kado oswa transfè. Jeneralman, IRS ap voye yon imèl k ap genyen yon fakti pou ou si w dwe lajan taks.

  • Menase pou yo di w y ap voye lapolis vin pran w oswa lòt otorite lalwa pou yo arete w paske w pa peye.
  • Egzije pou w peye taks yo san yo pa ba w okazyon pou w kesyone oswa konteste kantite lajan yo di ou dwe a.
  • Mande nimewo kat kredi oswa kat debi yo nan telefòn.

Pou plis enfòmasyon sou eskwokri nan taks, tanpri gade Eskwokri Fiskal/Alèt pou Konsomatè yo. Pou plis enfòmasyon sou fo imèl sou taks, tanpri gade Imèl ki parèt Sispèk ak Vòl Idantite (an Anglè).

Èske se vrèman IRS k ap rele a?

IRS vle w konnen kijan ak ki lè nou kontakte kontribyab yo epi ede w detèmine si yon kontak ou ka resevwa soti bò kote yon anplwaye IRS toutbon.

Pifò kominikasyon IRS ap fè, li fè yo atravè lapòs nòmal Sèvis Postal Etazini livre kay moun.

Sepandan, gen sikonstans espesyal IRS ap rele oswa vini nan yon kay oswa yon antrepriz, tankou lè yon kontribyab gen yon bòdwo taks anreta, pou sekirize yon deklarasyon taks anreta oswa yon pèman taks sou travay anreta, oswa vizite yon biznis nan kad yon odit oswa pandan envestigasyon kriminèl yo.

Gade Evite Eskwokri: Konnen tout enfòmasyon sou kòman IRS kontakte kontribyab yo (an Anglè) pou plis enfòmasyon.

Koleksyon Dèt Prive

IRS kòmanse yon nouvo pwogram koleksyon prive (an Anglè) nan kèk dèt taks anreta federal pandan li chwazi kat kontraktè pou li kòmanse aplike li. Gwoup yo se: CBE Group of Cedar Falls, nan Iowa; Conserve ki nan Fairport, nan N.Y.; Performant nan Livermore, nan Calif. ak Pioneer nan Horseheads, nan N.Y. Yo ap mete Kont Kontribyab la sèlman nan youn nan ajans sa yo, janmè nan toulèkat. Pa gen lòt gwoup prive ki otorize pou reprezante IRS.

IRS ap toujou voye avi bay yon kontribyab anvan li transfere kont yo nan yon ajans koleksyon prive (PCA, an Anglè). IRS ap voye yon lèt bay kontribyab la ak reprezantan taks yo pou enfòme li yo ap voye kont yo nan yon PCA epi bay non ak kowòdone PCA a. Lèt la ap gen ladan li yon kopi Piblikasyon 4518, Kisa Ou Ka Espere Lè IRS Transfere Kont ou bay yon Ajans Koleksyon Prive (an Anglè) PDF.

Lwa sou Respè Règleman Taks pou Kont Etranje (FATCA, an Anglè)

FATCA (an Anglè) vle di Lwa sou Respè Règleman Taks pou Kont Etranje (FATCA) ki mande kontribyab ameriken yo ak enstitisyon finansye etranje yo rapò sou kont espesifik aletranje yo. An jeneral, lwa federal la egzije sitwayen ameriken yo rapòte revni yo reyalize atravè lemond, ki gen ladan revni ki soti nan fidisi ak bank aletranje ak byen aletranje.