Resevwa yon PIN pou Pwoteksyon Idantite (IP PIN)

Yon PIN pou Pwoteksyon Idantite se yon nonb sis (6) chif ki anpeche yon lòt moun itilize nimewo Sekirite Sosyal ou pou fè yon deklarasyon taks. PIN pou Pwoteksyon Idantite a se ou sèl ak IRS ki konnen li e li ede nou verifye idantite ou lè w fè deklarasyon taks sou òdinatè oswa sou papye.

Elijiblite

Si yo konfime ou se yon viktim vòl idantite e si nou te rezoud pwoblèm kont fiskal ou, n ap voye yon AVI CP01A (an Anglè) pa imèl pou ou avèk IP PIN ou chak ane.

Apati 2021 an, ou ka chwazi rantre nan pwogram IP PIN nan depi ou vle, kòm yon fason ou angaje w pou w pwoteje tèt ou kont vòl idantite ki gen rapò ak taks.

Si ou vle rantre nan pwogram nan, tanpri remake :

  • Ou dwe pase nan yon pwosesis verifikasyon ki rijid
  • Mari oswa Madanm ak Depandan elijib pou IP PIN nan si yo pase nan pwosesis verifikasyon idantite a.

Kòman ou ka genyen yon IP PIN

Si yo konfime ou se yon viktim vòl idantite, n ap voye yon IP PIN pou ou nan yon avi CP01A sou bwat imèl ou si ka w la trete anvan kòmansman pwochen peryòd deklarasyon an.

Si ou volontye pou w rantre nan pwogram IP PIN nan, ou ta dwe itilize zouti Resevwa yon IP PIN ki anliy lan. Si ou poko gen yon kont sou IRS.gov, ou dwe anrejistre pou ou valide idantite w'. Anvan ou anrejistre, fè yon lekti sou pwosesis otantifikasyon idantite ak aksè sekirize a. Remake :

  • IP PIN nan valid pou yon lane
  • You dwe resevwa yon IP PIN chak ane
  • Jeneralman, zouti IP PIN pa disponib soti mitan mwa Novanm jiska mitan mwa Janvye chak ane.

Resevwa yon IP PIN (an Anglè)

Remak: si ou te deja anrejistre pou yon IP PIN, oswa ou gen youn nan kont ki anba yo, ou ta dwe konekte ak menm non itilizatè a epi ak menm modpas la:

IP PIN ki Pèdi yo

Si ou resevwa IP PIN pou ane a men ou pèdi li oswa ou pa t resevwa yon avi CP01A, ou ka sèvi avèk zouti Resevwa yon IP PIN (an Anglè) pou w rekipere nimewo w la. Revize Rekipere IP PIN ou (an Anglè) pou detay yo.

Lòt altènativ aprè zouti anliy yo

Si ou rantre volontye nan pwogram IP PIN nan epi ou pa ka valide idantite w avèk siksè atravè zouti Resevwa IP PIN nan, gen lòt altènativ. Tanpri remake: yon lòt altènativ ka retade IP PIN ou an.

Si revni w se 72 000 dola oswa pi piti, ou p ap ka itilize zouti anliy lan, depoze Fòm 15227, Aplikasyon pou yon Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl pou Pwoteksyon Idantite (Disponib Janvye 2021). Fòk ou genyen:

  • Yon Nimewo Sekirite Sosyal Valid oswa yon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl
  • Yon revni brit ki ajiste a 72 000 dola oswa pi piti
  • Aksè ak yon telefòn

N ap itilize nimewo telefòn ou mete nan Fòm 15227 lan pou nou rele w, valide idantite w, epi ba ou yon IP PIN pou peryòd deklarasyon k ap vini annapre a. Pou rezon sekirite, IP PIN nan p ap ka itilize pou peryòd deklarasyon ki ankou an. W ap resevwa yon IP PIN atravè Sèvis Lapòs Etazini an nan ane k ap vini annapre a epi nan lefiti.

Si ou pa kapab verifye idantite w anliy oswa nan pwosesis Fòm 15227 lan oswa ou pa kalifye pou depoze Fòm 15227 la, ou ka pran yon randevou pou yon reyinyon an pèsòn nan yon Sant Asistans pou Kontribyab. Tanpri pote yon dokiman idantifikasyon ki gen foto ak yon lòt dokiman idantifikasyon ki ka pwouve idantite w. Depi nou fin verifye idantite w, w ap resevwa yon IP PIN atravè Sèvis Lapòs Etazini an nan twa (3) semèn. W ap resevwa yon IP PIN sou imèl la chak ane.

Itlize yon IP PIN

Rantre IP PIN sis (6) chif la lè lojisyèl fiskal ou a mande l oswa bay pwofesyonèl enpo ou fè konfyans lan, k ap prepare deklarasyon enpo a li.

Fòk ou byen rantre IP PIN nan nan deklarasyon elektwonik la oswa sou papye a pou evite rejeksyon ak reta. Si ou rantre yon move IP PIN oswa ki manke chif, wap gen rejeksyon si se deklarasyon elektwonik, oswa reta si se deklarasyon sou papye, jiskaske yo verifye IP PIN nan.

Pa bay okenn moun IP PIN ou. Se sèl pwofesyonèl taks ou a ki pou konnen li lè ou pare pou ou siyen epi soumèt yon deklarasyon. IRS p ap janm mande w IP PIN ou. Apèl telefòn, imèl oswa tèks mesaj k ap mande w IP PIN ou se anak.

Resous

Kesyon yo Poze Souvan sou Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl pou Pwoteksyon (IP PIN) (an Anglè)