Vòl idantite mete gwo chay sou do viktim yo epi prezante yon gwo pwoblèm pou biznis, òganizasyon ak ajans gouvènemantal yo, ikonpri IRS.

IRS konbat vòl idantite ki gen rapò ak taks grasa gwo estrateji prevansyon ki agresif, sistèm deteksyon ak asistans pou viktim yo. N ap fè pwogrè nan konbat krim sa a, ki se youn nan pi gwo priyorite nou yo.

Vòl idantite ki gen rapò ak taks (an Anglè) fèt se lè yon moun itilize nimewo Sekirite Sosyal ou pou l soumèt yon deklarasyon enpo kote li reklame lajan ranbousman nan fè fwòd. Si w viktim zak sa a, nou angaje nou pou n ede w rezoud ka w la lepli rapid posib.

Enfòmasyon ak Gid (Tout lyen ale nan kontni angle)

Moun
Pwofesyonèl ki Prepare Taks
Biznis

Inisyativ Somè sou Sekirite

IRS, eta yo ak endistri fiskal sektè prive a ap travay an tèt ansanm pou idantifye ak aplike mezi kontwò (an Anglè) pou pi byen pwoteje kontribyab yo ak konbat vòl idantite. Sepandan, nou bezwen èd ou. Enfòme w sou kisa ou ka fè pou pi byen pwoteje done pèsonèl ou, done finansye ou ak done fiskal ou, nan: Taks. Sekirite. Ansan (an Anglè).

Sonje

IRS pa kontakte kontribyab yo pa imèl pou mande yo pou enfòmasyon pèsonèl yo oswa enfòmasyon finansye yo. Sa vle di tou, li pa itilize okenn mwayen kominikasyon elektwonik, tankou mesaj tèks ak chanèl medya sosyal. IRS pa rele kontribyab yo nan telefòn pou l menase yo ak pousuit devan lajistis ni li pa menase l ap fè arete yo.