Etap pou Pase Kounye a pou Ou Jwenn Avantaj Fiskal yo

Tout moun dwe ranje zafè enpo yo. Prepare w jodia pou fè deklarasyon enpo federal ou.

Sa pou w fè pou ou rann deklarasyon enpo pi fasil an 2021

Itilize bouton tab pou w ale nan pwochen eleman an

Òganize dosye w yo pou ou prepare deklarasyon enpo w pi fasil. Sa ka ede w dekouvri tou, dediksyon oubyen kredi anpil moun pa okouran de yo.

Mete nan dosye fiskal ou :

  • Fòm W-2 anplwayè yo
  • Fòm 1099 bank yo ak lòt kontribyab yo
  • Lòt dokiman revni ak dosye tranzaksyon monnen vityèl yo.

Mete Avi 1444 Pèman Enpo Ekonomik ou ak Dosye Fiskal ou yo si ou te resevwa yon Pèman Enpak Ekonomik.

Gade enfòmasyon sou kont ou pou ou ka wè enfòmasyon sou dènye deklarasyon enpo ou te fè.

IRS konnen si adrès ou chanje (an Anglè) epi fè Administrasyon Sekirite Sosyal (an Anglè) konnen lè genyen chanjman yon non legal.

Sonje, gen taks sou majorite revni yo. Sa gen ladan :

Asire w Nimewo Idantifikasyon Fiskal Pèsonèl ou (ITIN) pa t ekspire anvan ou fè yon deklarasyon enpo an 2021. Si ou bezwen yon deklarasyon enpo an 2020, IRS rekòmande pou soumèt yon Fòm W-7, Aplikasyon pou Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl IRS kounye a pou renouvle ITIN ou. Kòm rapèl ITIN ki gen nonb 70, 71, 72, 73, 74, 75, 76, 77, 78, 79, 80, 81, 82, 83, 84, 85, 86, oswa 87 nan mitan ki te ekspire nan lane 2016, 2017, 2018, oswa 2019 ka renouvle tou.

Itilize Estimatè Retni Enpo a (an Anglè) pou ede w konnen montan ekzakt enpo ou te kenbe sou chèk ou. Zouti sa sou IRS.gov ap ede w konnen si ou bezwen ajiste retni ou yo ak soumèt yon nouvo Fòm W-4 bay anplwayè w yo.

Konsidere Pèman Enpo yo Estime yo. Si ou resevwa yon gwo montan revni ki pa yon salè, tankou revni yon travay endepandan, revni yon envestisman, benefis Sekirite Sosyal ki gen taks sou yo, ak nan kèk egzanp, pansyon ak revni aniyite ou ta dwe fè pèman enp estime chak trimès yo, avèk dènye pèman pou 2020 ki dwe fèt 15 janvye 2021, ou ka jwenn opsyon pèman yo sou IRS.gov/payments.

    Sa ki nouvo ak sa pou ou konsidere lè w ap fè deklarasyon an 2021

    Ou ka an mezi pou w reklame kredi pou ranbousman rekiperasyon sou deklarasyon enpo sou revni federal ane fiskal 2020 w lan si ou te kalifye nan lane 2020 epi :

    • Ou pa t resevwa yon pèman Enpak Ekonomik, oswa
    • Pèman Enpak ekonomik ou te pi piti pase $1200 ($2400 si antanke marye ou te fè deklarasyon konjwentman pou 2019 oswa 2018) plis $500 pou chak timoun kalifye ou te genyen an 2020.
    • Pou plis enfòmasyon sou pèman Enpak Ekonomik la, vizite Sant Enfòmasyon Pèman Enpak Ekonomik lan (an Anglè).

    Si ou te resevwa yon ranbousman sou enpo federal, li posib pou se enterè yo peye w. Gen enpo sou Gen enpo sou pèman enterè yo e ou dwe mete yo nan deklarasyon enpo sou revni federal 2020 an. An janvye 2021, IRS la ap voye yon Fòm 1099-INT (an Anglè) bay tout moun ki resevwa pou piti 10$ kòm montan total enterè.

    Malgre IRS la pa pran 21 jou pou l bay majorite ranbousman yo, li avèti kontribyab yo pou yo pa mete nan tèt yo gen yon dat pou resevwa ranbousman (an Anglè),espesyalman lè yo fè gwo acha oswa lè yo peye bil. Gen ranbousman ki ka mande plis analiz e ki ka pran plis tan. Pa egzanp, IRS ansanm avèk patnè li yo nan endistri enpo a, kontinye ranfòse enspeksyon sekirite pou pwoteksyon kont vòl idantite ak fwod nan ranbousman. Anplis, yo p ap ka bay ranbousman pou moun k ap reklame kredi enpo sou revni yo genyen (EITC) oswa kredi enpo siplemantè pou timoun (ACTC), anavn mitan mwa fevriye. Lwa a mande pou IRS kenbe tout ranbousman – menm pòsyon ki pa pou EITC oswa ACTC. Chanjman sa a nan lwa a, ki te an vigè an 2017, bay IRS plis tan pou l detekte epi anpeche fwod pandan l ap asire ke tout kontribyab yo jwenn ranbousman yo dwe yo.

    Distansyasyon Sosyal: Rete lakay epi rete an sekirite ak zouti anliy IRS yo

    Fè yon kanpe sou IRS.gov, kote w ap jwenn zouti ki pou ede w jwenn enfòmasyon ou bezwen. Zouti yo fasil pou itilize e yo disponib tout 24è nan jounen an. Plizyè milyon moun sèvi avèk yo pou fè eklarasyon epi peye enpo, jwenn enfòmasyon sou kont yo ak jwenn repons ak kesyon sou enpo yo.

    Jwenn èd ou bezwen an ak zouti anliy sa yo lè w prè pou fè deklarasyon.

    Itilize Deklarasyon Gratis IRS

    Apati janvye 2021, prèske tout mou nap ka fè deklarasyon yo anliy gratis sou IRS.gov oswa sou aplikasyon IRS2Go a. Pwogram Deklarasyon Gratis IRS la ki disponib sèlman sou IRS.gov la, ofri package gwo mak lojisyèl pou preparasyon enpo pou itilize san lajan. Lojisyèl la fè tout travay pou l jwenn dediksyon yo, kredi yo ak sa yo dispanse w yo. Li gratis pou sila yo ki te touche 72 000 $ oubyen pi piti an 2020. Genyen nan package deklarasyon gratis la ki ofri tou preparasyon deklarasyon enpo leta gratis.

    Si ou konfòtab pou ou prepare pwòp dosye fiskal ou, ou ka sèvi avèk Fòm Deklarasyon Gratis pou Ranpli yo (an Anglè), kèlkeswa revni w, pou w fè deklarasyon enpo w yo pa imèl oswa anliy.

    Itilize zouti lokalizatè VITA a (an Anglè)

    Pwogram Asistans Volontè pou Enpo sou Revni IRS la (VITA) ak Konsèy sou Enpo pou Pèsonaj (TCE) yo ofri preparasyon deklarasyon enpo bazik gratis pou patikilye ki kalifye yo. Zouti Lokalizatè VITA a ap ede w lokalize sit VITA ki tou pre w la.

    Jwenn yon pwofesyonèl enpo

    Gen plizyè opsyon k ap ede w jwenn yon preparatè enpo. Chwazi yon pwofesyonèl enpo se yon resous, li ofri ou anpil bon enfòmasyon lè w seleksyone yon pwofesyonèl enpo. Gen yon pakèt tip preparatè deklarasyon enpo, tankou ajan yo anwole, kontab piblik ki sètifye, avoka, ak kèk moun ki pa gen akreditasyon pwofesyonèl.

    Anyè Preparatè Deklarasyon Enpo Federal ki gen Akreditasyon ak Seleksyon Kalifikasyon (an Anglè)  an kapab ede w jwenn preparatè nan zòn ou an ki gen akreditasyon pwofesyonèl IRS rekonèt, oswa ki gen yon Dosye Anyèl Pwogram Sezon Deklarasyon ki Acheve.

    Itilize Asistan Entèraktiv pou Enpo a (ITA) (an Anglè)

    Apati janvye 2021, sèvii avèk ITA a pou ou konnen si chanjman evennman vi a rann ou elijib pou kredi ou pa t kalifye pou yo nan pase. ITA a se yon zouti ki bay repons ak kesyon sou dwa fiskal yo. Li ka detèmine si gen enpo sou tèl tip revni, si ou elijib pou ou reklame yon seri kredi, oswa si ou kapab dedwi depans yo sou deklarasyon enpo ou. Li bay repons tou ak kesyon jeneral, tankou detèmine estati dosye w, si ou ka reklame chaj yo, oswa si ou gen pou ou fè deklarasyon enpo.

    Ale sou IRS.gov epi klike sou Ki Kote Ranbousman mw yo ye? ki kote ranbousman m ye ? pou w verifye estate ranbousman w. Estati ranbousman w ap disponib nan 24 è apre IRS la fin resevwa deklarasyon enpo out e fè anliy lan. Si out e fè yon deklarasyon enpo sou papye, sa ka pran jiska 4 semèn apre ou fin voye l pai mèl pou l disponib. Zouti ki kote ranbousman mw an ye a fè mizajou yon fwa chak 24 è, dabitid nan lannwit, konsa w ap bezwen verifye yon sèl fwa nan jounen an.

    Fè deklarasyon an anliy epi chwazi Depo Dirèk (an Anglè) pou deklarasyon enpo w – se mwayen ki pi rapid e ki pi sekirize pou w resevwa kòb ou. Yo resevwa deklarasyon enpo elektwonik yo nan 24 è, e deklarasyon enpo ki fèt sou papye pran plizyè semèn. Ou ka toujou chwazi depo dirèk, menm si ou fè deklarasyon enpo w sou papye. Sit Wèb FDIC (an Anglè) a bay enfòmasyon k ape de w ouvri yon kont anliy.

    Pa janm gen yon meyè moman pou rantre nan pwogram Asistans Volontè pou Enpo sou Revni an ak Konsèy sou Enpo pou Pèsonaj (TCE). Volontè VITA/TCE yo fè preparasyon pou deklarasyon enpo gratis pou kontribyab ki elijib yo. Avèk anpil moun ki vin ap eksperimante chanjman finansyè, vin gen plis bezwen volontè pou ede yo. An repons, IRS la ap deplwaye nouvo mwayen pou rann volontarya a pi fasil.

    Sa ki nouvo ane sa, gwo volontè yo ka branche san yo pa bezwen deplase pou yo aprann de pwogram nan, konnen ki wòl k ap bon pou yo antanke volontè epi poze kesyon. Anplis, kounye a gen sit ki bay volontè yo opsyon pou aiste kontribyab yo anliy olye yo bay asistans la fas a fas. Sa pèmèt volontè yo ede kontribyab yo konplete deklarasyon yo nan telefòn oswa anliy. Gen volontè ki ka analize kalite deklarasyon enpo an ak kontribyab la anvan li soumèt li anliy bay IRS. Volontatrya a distans lan se yon bèl opsyon pou nouvo volontè yo, pliske yo ka mande volontè eksperimante yo èd pandan y ap fè deklarasyon enpo yo.

    Vizite IRS.gov/volunteers (an Anglè) pou aprann plis epi enskri. W ap jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou ou jwenn yon oryantasyon a distans.

    Konekte epi Aprann sou Enpo yo (an Anglè) se yon pwogram aprantisaj pou volontè sou wèb la. Li prepare patnè VITA ak TCE epi Volontè yo pou bay bon sèvis preparasyon deklarasyon enpo ki gen kalite nan kominote lokal yo. Kou entèraktiv sa a, kote ou ka detann ou, montre w prepare deklarasyon enpo byen presi pou patikilye, e ou ka genyen sètifika volontè w panda w ap fè sa, lè ou vle.