Avètisman: Sèvis Resevwa Transkripsyon an se pou kontribyab endividyèl rekipere pwòp transkripsyon pa yo pou rezon pèsonèl yo. Pa gen pèsonn lòt antite ki gen otorizasyon pou itilize sa.

Ou ka resevwa divès Fòm nan seri 1040 lan kalite transkripsyon (an Anglè) sou entènèt oswa pa lapòs. Si ou bezwen konnen Revni an Gwo Ajiste (AGI) ou pou ane dènyè a pou soumèt e-file, chwazi ki kalite transkripsyon deklarasyon taks ou bezwen lè w ap fè demand lan. Pou ka konnen konbyen kòb ou dwe oswa pou verifye istorik pèman ou, ou kapab gade nan kont taks ou.

Metòd ou te chwazi pou soumèt deklarasyon taks ou, e-file oswa papye, ansanm ak si ou te dwe yon balans sou li, ap afekte disponiblite transkripsyon w pou ane sa a (an Anglè)Note Byen: Si ou bezwen yon fotokopi deklarasyon taks ou, ou dwe itilize Fòm 4506 (an Anglè).

 

Fè Demand Sou Entènèt

Men Sa W Ap Bezwen

Pou enskri epi itilize sèvis sa a, ou ap bezwen:

  • Nimewo Sekirite Sosyal ou, dat nesans ou, kondisyon fiskal ou ak adrès postal ki te nan dènye deklarasyon taks ou te fè a,
  • aksè a kont imèl ou,
  • nimewo kont pèsonèl ou ki sou kat kredi ou, ipotèk, prè sou valè nèt kay ou, maj kredi sou valè nèt kay ou oswa prè otomobil ou, ak
  • yon telefòn pòtab ki gen non ou sou kont lan.

Kisa Ou Ap Jwenn

 

Resevwa Transkripsyon Sou Entènèt (an Anglè)

 

Voye yon lèt nan Lapòs pou mande sa

Kisa W Ap Bezwen

Pou w ka itilize sèvis sa a, w ap bezwen:

Kisa W Ap Resevwa

  • Deklarasyon Taks ou oswa tip transkripsyon (an Anglè) ke yo ap voye ba ou nan lapòs
  • Transkripsyon yo ap rive nan adrès ki koresponn ak non w nan dosye nou ant 5 ak 10 jou sivil

 

Resevwa Transkripsyon pa Lapòs (an Anglè)

 

Vizite paj Kesyon Moun Poze Souvan (FAQs) sou Resevwa Transkripsyon (an Anglè) an pou plis enfòmasyon. Si ou ap chèche yon transkripsyon pou ka ranpli FAFSA, gade nan Enfòmasyon sou taks pou demand èd finansyè etidyan (an Anglè).

AVÈTISMAN: Nou pa janm rele ni voye imèl ni mesaj tèks pou mande w ba nou enfòmasyon oswa konekte w pou resevwa yon transkripsyon oswa pou mete pwofil ou ajou. Ale sou rapòte pyèj elektwonik (an Anglè) pou enstriksyon si ou pa sèten ke yon mesaj "pa aza" ou resevwa otantik vre lè li deklare ke se IRS ki voye li, sof si se pa mwayen lapòs Etazini li rive.