Body

Deklarasyon Gratis IRS la pèmèt ou prepare epi deklare taks federal sou revni w gratis sou entènèt. Itilize Pwogram Deklarasyon Gratis IRS la pou w deklare nan yon sit ki se asosye IRS oswa itilize Fòmilè Aktif Deklarasyon Gratis yo. Sa fasil, san danje epi sa pa koute w anyen.

Chwazi yon opsyon daprè revni w

Revni $69,000 ak revni ki pi ba:

  • Fè deklarasyon taks federal ou gratis nan yon sit ki asosye ak IRS
  • Fè deklarasyon taks pou eta pa w la (sa gratis ak deseri òf)
  • Preparasyon gide - annik reponn kesyon
  • Sèvis sou entènèt la fè tout kalkil yo

Revni ki pi wo pase $69,000:

  • Fòmilè deklarasyon gratis ou ranpli epi w soumèt ou menm menm
  • Pa gen deklarasyon taks pou Eta a
  • Ou ta dwe konnen kijan pou w prepare fòmilè an papye yo
  • Kalkil elemantè ak konsèy limite

 

Ki sa Deklarasyon Gratis IRS la ye?

Pwogram Deklarasyon Gratis IRS la se yon patenaraya piblik-prive ant IRS ak anpil dirijan endistri preparasyon taks ak lojisyèl deklarasyon ki founi gratis pwodui ki gen mak non pa yo. Sa bay kontribyab taks yo de fason yo ka prepare epi deklare taks federal sou revni yo gratis sou entènèt:

  • Deklarasyon gratis tradisyonèl IRS la bay sèvis preparasyon taks gratis sou entènèt la, epi l bay opsyon tou pou fè sa nan sit asosye IRS yo. Asosye nou yo se konpayi preparasyon taks sou entènèt ki devlope epi delivre sèvis sa a gratis pou kontribyab taks ki kalifye pou sa. Tanpri remake, se sèlman kontribyab taks ki genyen revni an gwo ajiste (oswa AGI) yo (an Anglè) $69,000 ou mwens ki kalifye pou òf asosye Deklarasyon Gratis IRS yo.
  • Fòmilè Aktif Deklarasyon Gratis yo se fòmilè elektwonik pou taks federal ou ka ranpli epi soumèt sou entènèt la gratis. Si w chwazi opsyon sa a, ou dwe konnen kijan pou w prepare deklarasyon taks ou pou kont pa w. Tanpri remake, sa se sèl opsyon Deklarasyon gratis ki disponib pou kontribyab taks ki gen revni (AGI) (an Anglè) ki depase $69,000.

Chache jwenn kisa w bezwen pou w kòmanse, pwoteksyon ak sekirite, fòmilè ki disponib epi plis koze sou Deklarasyon Gratis IRS la.

 

Chwazi yon opsyon (an Anglè) Deklarasyon gratis IRS nan yon konpayi asosye, prepare epi deklare taks ou nan sit yo a, epi resevwa yon imel lè nou aksepte deklarasyon w lan.

Pwogram Deklarasyon Gratis IRS la ofri Fòm deklarasyon ak Barèm ki pi komen (an Anglè) yo pou kontribyab taks yo.

Asosye Deklarasyon Gratis IRS yo se konpayi preparasyon taks sou entènèt yo ye. Yo ofri Deklarasyon Gratis IRS la san kontribyab taks ki kalifye pou sa yo pa peye anyen pou sa. Asosye yo fè pati Alyans Deklarasyon Gratis (an Anglè), ki travay an akò ak IRS pou founi w sèvis. Patnèchip piblik-prive sa konsakre tèt li pou l ede yon kantite milyon moun prepare epi soumèt deklarasyon taks federal yo gratis sou entènèt.

IRS pa andose okenn konpayi asosye endividyèl.

Enfòmasyon Pèsonèl Ou Bezwen

  • Yon kopi deklarasyon taks ane pase a pou w ka gen aksè ak Revni An Gwo Ajiste (AGI) ou (an Anglè)
  • Nimewo Sekirite Sosyal Valid pou tèt ou, mari oswa madanm ou, epi nenpòt ki depandan w genyen, si sa aplikab

Revni ak Resi

  • Avantaj Sekirite Sosyal bay
  • Konpansasyon Chomaj
  • Tout resi ki gen pou wè ak ti antrepriz, si sa aplikab
  • Resi revni pou lweyaj, byen imobilye, redevans, patenarya, sosyete S, fideyikomi

Lòt revni

Deklaran ACA yo

Fè Deklarasyon Elektwonik

  • Itilize AGI 2018 ou pou w verifye idantite w. Si w te kreye yon nimewo idantifikasyon pèsonèl 2018, sa ap mache tou. Nimewo idantifikasyon pèsonèl la mande pou w te kreye yon pin ki gen senk chif, nenpòt ki chif (eksepte zero) ou te chwazi pou sèvi kòm siyati elektwonik ou.
  • Ou pa genyen AGI (an Anglè) ou oswa PIN? Si w pa gen yon kopi deklarasyon taks 2018 ou a, ou ka itilize  zouti otoasistans Resevwa Relve IRS yo pou w ka jwenn yon relve deklarasyon taks ki montre AGI (an Anglè)w. Ou genyen de opsyon:
    • Sou entènèt: Chwazi Relve Deklarasyon Taks ou epi itilize sèlman liy antre ki di “Revni An Gwo Ajiste” a. Aksè Sekirize:Fason pou w Anwole pou w ka jwenn Deseri Zouti Otoasistans ba w enfòmasyon w bezwen pou w pase demand lan.
    • Pa Lapòs: Tanpri fè yon ti tann 5 a 10 jou pou w jwenn li. Itilize sèlman lin aksè ki di “Relve Deklarasyon Taks (Adjusted Gross Income)” la.

Enfòmasyon sou moun pou yo kontakte

Pou lojisyèl konpayi Deklarasyon Gratis la voye nòt pou fè w konnen IRS aksepte deklarasyon w lan, ou bezwen genyen yon adrès imel ki valid.

Enfòmasyon w yo pwoteje pou okenn moun ki pa otorize pa jwenn aksè ak yo lè w voye yo bay IRS. Konpayi asosye Deklarasyon Gratis yo ka pa revele oswa itilize enfòmasyon deklarasyon taks pou rezon ki pa preparasyon deklarasyon taks si yo pa jwenn konsantman volontè ou. Antrepriz sa yo gen pou yo anba Règleman konsènan Pwoteksyon ak Privasite Komisyon Federal Kòmès epi tou anba règleman e-file IRS.

Nou pa kolekte oubyen kenbe enfòmasyon sou ou lè w itilize Deklarasyon Gratis IRS la. Règleman nou entèdi n itilize kouki entènèt ki pèmanan. Pafwa nou sèvi ak kouki “tanporè” oswa “sesyon” pou n ka asire n se ou menm ki moun egzat ki te mande enfòmasyon an. Bagay sa yo tou efase lè w soti w kite sit entènèt la.

Daprè Deklarasyon Gratis IRS la, ou gen dwa pou w:

  • Fè deklarasyon taks federal ou gratis. Toutotan w kalifye pou òf Deklarasyon Gratis asosye espesyal la, yo pa gen dwa mande w peye ni pou preparasyon ni pou w soumèt deklarasyon taks federal ou sou e-file.
  • Anba pwoteksyon pou w pa peye frè ki pa nesesè. Apa frè pou preparasyon taks eta a epi pou yon frè posib si w ta chwazi kontinye ak preparasyon taks malgre w pa kalifye pou òf Deklarasyon Gratis IRS la, yo pa gen dwa ofri oubyen mande w koze maketing, rabè pwomosyonèl ni okenn mòd aktivite ki gen vann ladann sou sitwèb Deklarasyon Gratis IRS konpayi asosye a genyen an. Nenpòt frè preparasyon nan yon eta oswa nenpòt frè ki pa kalifye pou sa, yo dwe afiche yo sou paj ouvèti Deklarasyon Gratis IRS konpayi an.
  • Kite yo gide w nan chwa w ap fè yo. Si w reyalize ou pa kalifye pou òf Deklarasyon Gratis IRS yon konpayi fè w aprè w fin konsilte sitwèb yo a, ou ka retounen ale sou sitwèb Deklarasyon Gratis IRS.gov pou w chache lòt òf Deklarasyon Gratis ki sou entènèt la. Chak konpayi Deklarasyon Gratis IRS ap ba w enfòmasyon si w pa kalifye ak opsyon pou ale ankò sou sit Deklarasyon Gratis IRS.gov ou w ka chwazi yon lòt konpayi.
  • Chache jwenn asistans si w bezwen sa. Si w bezwen asistans lè w sou yon sit Deklarasyon Gratis IRS yon konpayi asosye IRS epi w ap regle koze taks, ou ka ale nan opsyon sèvis kliyantèl konpayi a bay gratis la.
  • Pa bliye Deklarasyon Gratis IRS la. Si w te itilize Deklarasyon Gratis IRS la ane ki sot pase a, ou ta dwe resevwa yon imel ki soti nan menm konpayi asosye ou te fè l la, kote y ap akeyi w pou tounen w tounen sou Deklarasyon Gratis IRS ankò .Nan imel la ou sipoze jwenn yon lyen ki voye w sou sit Deklarasyon Gratis IRS konpayi an, epi l ap tou eksplike w kòman ou ka deklare ladann.
  • Pwoteje tèt ou anba frè poutèt pwodui labank yo. Nan pwogram Deklarasyon Gratis IRS la, yo pa andwa ofri okenn pwodui labank ki ka lakòz gen tarif pou w peye pou sa, tankou pou yo ta ofri prete w kòb sou do ranbousman an oswa ba w chèk sou do ranbousman an.
  • Chache asistans jouk pou w rive jwenn yon opsyon ki gratis pou ou. IRS ofri yon zouti elektwonik ki pou ede w chache Deklarasyon Gratis IRS la (an Anglè) k ap ede w jwenn yon òf ki ka satisfè bezwen w yo pi byen.
  • Pran enfòmasyon ki enpòtan sou kòb yo ka fè w peye pou deklarasyon taks eta a. Anpil konpayi asosye ki nan pwogram Deklarasyon Gratis IRS la ofri preparasyon taks eta a gratis. Gen kèk ki mande peye yon tarif pou leta. Pran tan pou w li byen li enfòmasyon chak konpayi bay.

Tanpri make sa. Se sèl pou ane w ladann nan ou ka itilize Deklarasyon Gratis IRS la pou w deklare taks ou. Ou pa ka itilize Deklarasyon Gratis IRS la pou w soumèt deklarasyon ane ki gentan pase.

Deklarasyon pou ane ki gentan pase yo, se sèlman preparatè taks otorize (an Anglè) ki ka fè sa pa mwayen elektwonik e se pou de ane fiskal ki pi pre yo. IRS pa bay mwayen pou deklarasyon elektwonik fèt pou ane ki gentan pase yo sou sit-wèb kote moun ka fè preparasyon an pou kont kò yo. W ap oblije enprime, siyen epi poste deklarasyon pou ane ki pase yo. Nou genyen yon Repètwa Preparatè Deklarasyon Taks Federal ki gen Diplòm ak Kalifikasyon Espesyal (an Anglè) ki ka ede w jwenn preparatè nan zòn pa w la ki gen diplòm pwofesyonèl IRS rekonèt, ou byen ki posede yon Sètifika Finisman Pwogram Sezon Deklarasyon Taks Anyèl. Ou ka verifye tou pou w wè ak ki asosyasyon pwofesyonèl (an Anglè)  anpil nan preparatè taks yo afilye.
 

  • Pou w wè balans ou dwe, istwa jan w peye oswa lòt enfòmasyon sou kont fiskal ou, kreye oswa gade kont ou.

  • Resevwa enfòmasyon ki ajou nan ranbousman w lan.

  • Toujou sonje enprime yon kopi deklarasyon w lan aprè deklarasyon w fè sou entènèt la fin apwen. Si w bliye enprime deklarasyon an, ou ka voye mande yon relve gratis. Tou depan ki kalite relve ou mande, ou gen gen pi plis oswa pi piti pase enfòmasyon ki nan deklarasyon w lan.

  • Ou ka itilize Pèman Dirèk pou w peye fakti taks endividyèl ou oswa fè yon pèman estimasyon taks ki soti swa nan kont kouran oswa epay ou gratis.