Verifye estati peman ki gen rapò ak enpak ekonomik ou yo

Get My Payment ap pèmèt ou konfime:

  • Nou te voye dezyèm peman ki gen rapò ak enpak ekonomik ou a, yo rele l tou yon peman boustè (stimulus payment, an Anglè).
  • Nou te voye premye peman w la. Gen kèk moun ki te resevwa premye peman ki gen rapò ak enpak ekonomik yo a pa plizyè peman pasyèl. Si w te resevwa peman pasyèl, aplikasyon an ap montre sèlman sa a ki pi resan an.
  • Konfime tip peman w la: depo dirèk oswa pa lapòs.

Yo mete done yo ajou yon fwa chak jou, nan lannwit. Kidonk, pa gen okenn nesesite pou verifye yo plis pase yon fwa chak jou.

Tanpri pa rele IRS pou dezyèm peman boustè a (stimulus payment, an Anglè); ajan nan telefòn nou yo pa gen lòt enfòmasyon pase enfòmasyon ki la a sou IRS.gov epi nan fòmilè demann "Get my payment" la.

Get My Payment (an Anglè)

Ou gen kesyon sou Get My Payment?

Vizite paj kesyon yo souvan poze sou Get My Payment nou an (an Anglè) pou reponn kesyon ou genyen sou itilizasyon aplikasyon an.

Jwenn plis enfòmasyon sou peman ki gen rapò ak enpak ekonomik la

Pou repons ak kesyon w yo sou kalifikasyon pou peman, kantite lajan, kisa pou atann, lè pou tann li ak plis enfòmasyon ankò, konsilte:

Patnè IRS yo kapab vizite Patnè peman ki gen rapò ak enpak ekonomik nou an ak materyèl pwomosyon (an Anglè) pou dènye pwodwi nou pral pataje ak kliyan yo, moun ki gen aksyon yo, kliyan ak elektè yo.