Rapòte Pyèj ak Eskwokri sou Entènèt

IRS pa antre an kontak ak kontribyab pou mande yo bay done pèsonèl oubyen finansyè yo atravè imèl, mesaj tèks ni kanal medya sosyal yo. Sa vle di li p ap mande nimewo PIN, modpas oubyen enfòmasyon ki bay aksè pou sèvi kat kredi, kont labank oubyen finansye.

Pyèj se yon eskwokri tipik ki vini ak imel ou pat mande epi/oubyen sitwèb ki poste kòm si se sitwèb lejitim epi y a file viktim ki pa sispèk se koken yo ye, pou yo ka pran nan men yo done pèsonèl ak enfòmasyon sou finans yo.

Rapòte tout imel ki deklare di se IRS oubyen yon fonksyon IRs yo ye nan phishing@irs.gov. Si w pèdi lajan akòz ensidan ki gen pou wè ak IRS, tanpri rapòte sa bay Administrasyon jeneral Enspektè Ministè Finans (TIGTA) (an Anglè) epi Pote plent bay Komisyon Kòmès Federal (FTC) Pa mwayen Asistan Plent (an Anglè) yo a pou w kapav pèmèt enfòmasyon yo disponib pou envestigatè yo.

Remak: Tanpri ale nan Kontakte Irs, si w gen kesyon sou taks ki pa gen rapò ak pyèj vityèl oubyen vòl idantite.

Si w resevwa yon imel ki deklare di se IRS ki voye l epi i mande w done pèsonèl, pou taks ki asosye ak yon gwo envèstisman, eritaj oubyen lotri.

  1. Pa reponn.
  2. Pa ouvri okenn dokiman ki atache Yo ka gen ladan yo kòd ki gen malis ladan l ki ka enfekte konpitè w la oubyen telefòn mobil ou.
  3. Pa klike sou okenn lyen yo voye Vizite paj pwoteksyon idantite nou an si w klike sou yon lyen imel oubyen sitwèb epi w antre ladan enfòmasyon konfidansyèl.
  4. Fè l rive (an Anglè) - pito w fè sa ak tout antèt imel la - jan imel la ye a voye ban nou nan sitwèb phishing@irs.gov. Pa fè swiv imaj ki eskane paske sa ka fè nou pèdi enfòmasyon sou yo ki gen anpil valè.
  5. Efase imel orijinal la.

Fo Apèl telefonik nan non IRS - menm jan ak lòt tip apèl endezirab (tankou apèl wobo telemakèt, fo sibvansyon, sipò teknik, gany, eks.) toujou rete eskwokri ki popilè. Kontribyab yo dwe anvizaje bloke apèl sa yo. Gen lojisyèl pou bloke apèl ki fasil pou enstale ki disponib pou telefòn entèlijan yo. Malgre IRS pa andose okenn nan solisyon oubyen mak sa yo, gen yon echantiyon opsyon ki disponib yo se:

Rapò Konsomatè - https://www.consumerreports.org/cro/magazine/2015/07/robocall-blocker-review/index.htm (an Anglè)

Inyon Konsomatè - https://consumersunion.org/end-robocalls/solutions/ (an Anglè)

CTIA - https://www.ctia.org/consumer-tips/robocalls (an Anglè)

AG Indiana - https://www.in.gov/attorneygeneral/files/Call%20Blocking%20Options%208.12.16.pdf (an Anglè) PDF

Si w resevwa apèl yon moun ki pretann se IRS, men ou sispèk se pa yon anplwaye IRS:

  • Gade enfòmasyon sou kont taks ou sou entènèt oubyen revize opsyon pèman w nan IRS.gov pou w ka wè vre ki kantite egzak ou dwe vre
  • Si moun ki rele a se yon anplwaye IRS ki gen yon bezwen lejitim pou l kontakte ou, tanpri retounen apèl la ak nimewo apwopriye ou jwenn nan resous nou mete sou entènèt la

Si endividi a pa yon anplwaye IRS epi l pa gen okenn ka lejitim pou l kontakte ou, menm si ou viktim oubyen ou pa viktim kou eskwokri nan men l, rapòte ensidann sa a bay Ajans lwa pou respè lalwa yo:

  • Si sa lye ak IRS, tanpri rapòte sa bay Enspektè Jeneral Ministè Finans pou Administrasyon Fiskal (TIGTA) pa mwayen fòm (an Anglè) plent yo genyen sou entènèt la.
  • Si sa gen rapò ak Ministè Finans, tanpri rapòte sa bay Biwo Enspektè Jeneral Ministè Finans (TIG) pa mwayen OIGCounsel@oig.treas.gov

Tanpri rapòte apèl fwod ki relate ak IRS oubyen Ministè Finans nan phishing@irs.gov phishing@irs.gov (Sijè: Eskwokri Telefòn IRS).

Pou nenpòt apèl fwod, aprè w koute mesaj la, pa bay okenn enfòmasyon epi akwoche. Lè w rapòte yon apèl fwod, tanpri mete ladan n:

  • Nimewo telefòn moun ki rele a (egzanp, idantifikasyon apèl)
  • Nimewo telfòn yo te mande pou w rele a
  • Yon ti deskripsyon tou kout kòman kominikasyon an te dewoule

Si posib, mete:

  • Non anplwaye a
  • Nimewo badj anplwaye a
  • Dat ak lè egzat ou te resevwa apèl la
  • Lokasyon jewografik epi fizo orè kote w te resevwa apèl la si posib

An plis, tanpri anvizaje drese yon plent bay:

  • Komisyon Kòmès Federal (FTC) pa mwayen fòm (an Anglè) plent yo genyen sou nèt la
  • Komisyon Kominikasyon Federal (FCC) lè vizite Sant Plent Konsomatè (an Anglè). Konsomatè dwe chwazi fòm "telefòn" nan epi "apèl endezirab" anba "Pwoblèm Telefòn" epi bay detay sou apèl la kote la dekri pwoblèm nan
  • Biwo Avoka Jeneral nan zòn kote w ye a pa mwayen fòm plent konsomatè yo a (mekanis pou rapò yo ap varye sela Eta a)

Ale nan IRS.gov epi chèche nan lèt, nòt, oubyen nan nimewo fòm. Tanpri pa bliye fwodè yo anpil fwa modifye lèt ak fòm lejitim IRS yo. Ou ka jwenn enfòmasyon tou nan Konprann Nòt oubyen Lèt Pa W La oubyen chèche Fòm ak Enstriksyon (an Anglè). Pou enfòmasyon adisyonèl tanpri gade “Kòman w ka konnen si se IRS vrèman ki rele oubyen ki frape nan pòt kay ou (an Anglè)”.

Si se yon bagay lejitim, w ap jwenn enstriksyon kòman pou w reyaji. Si dwe gen fòm pou w ranpli epi ou wè w pa fin si se pa yon fo reprezantan, w ap bezwen verifye èske fòm nan idantik ak fòm ki nan IRS.gov lè w chèche Fòm ak Enstriksyon (an Anglè).

Si w pa jwenn enfòmasyon an sou sitwèb nou, oubyen yo diferan ak sa lèt la di w fè a, tanpri itilize resous apwopriye yo nou genyen sou nèt la.

Depi w ou dekouvri li pa lejitim, rapòte ensidan an bay TIGTA (an Anglè) epi voye l ban nou nan phishing@irs.gov.

Depi 2016, phishing@irs.gov resevwa imel kèk òganizasyon ki te sibi pa mwayen eskwokri elektwonik tantativ eskwokri W2 nan men konpwomisyon imel kòmèsyal (BEC) ak Izipatè imel komèsyal (BES).

Gen plizyè varyant nan eskwokri sa a (egzanp: detounman fon, detounman tit/papye legal, fo bòdwo, etc.). Tanpri annik kontakte IRS pou varyant W2 a. Ou ka rapòte varyant W2 a bay IRS – kit ou viktim ou non – epi w bezwen rapòte tou nenpòt varyant BEC/BES bay Sant Plent pou Krim Elektwonik (https://www.IC3.gov/default.aspx (an Anglè)).

Si viktim nan bagay sa (pa egzanp, ou te voye W2) tanpri voye imel bay dataloss@irs.gov epi tou voye antèt konplè email yo bay phishing@irs.gov (Sijè: eskwokri W2).

Si w te resevwa yon imel eskwokri, men ou pat ba yo okenn enfòmasyon, tanpri voye antèt konplè imel la bay phishing@irs.gov (Sijè: Eskwokri W2).

Si w rapòte eskwokri W2 bay phishing@irs.gov tanplri klarifye si w te viktim.

Tanpri gade:

(IR-2016-34) - IRS Avèti Pwofesyonèl Pewòl ak Resous Imèn yo kont Eskwokri sou Entènèt ki Enplike W2 yo (an Anglè)

(IR-2017-10) - IRS, Eta yo ak Endistri Taks la Renouvle Avètisman sou Fwòd Fòmilè W-2 a k ap Vize Pewòl, Depatman Resous Imèn yo (an Anglè)

(IR-2017-20) - Eskwokri Elektwonik W-2 Riske yo ap Vale Teren; Yo Vize Lekòl, Restoran, Lopital, Gwoup Tribi ak Lòt ankò (an Anglè)

(IR-2017-130) - Pa Pran nan Zen, Etap 6: Veye Zo w ak Eskwokri Elektwonik W-2 (an Anglè)

(IR-2018-8) - IRS, Eta yo ak Endistri Taks la Avèti Patwon yo pou yo fè Atansyon ak Anak W-2: Ka Gen Nouvo Eskwokri sou Entènèt pandan Sezon Taks la (an Anglè)

Gade "Kòman m ka verifye kontak ki soti nan IRS".

Si w dekouvri moun ki kontakte w la pa lejitim:

Si w se viktim yon ensidan Envestisman, tanpri repase Piblikasyon 4557 (an Anglè) PDF epi kontakte Lyezon ak Patiprenant yo (an Anglè)

Pou plis konsèy,tanpri gade Konsèy sou Vyolasyon Done FTC: Yon Gid pou Antrepriz (an Anglè) PDF.

Genyen yon anak ki gen ladann yon fo Fòm W8-BEN (an Anglè). Si w se yon sitwayen etranje, tanpri vizite paj akèy FATCA (an Anglè) a.

Depi w ou dekouvri li pa lejitim, rapòte ensidan an bay TIGTA (an Anglè) epi voye l ban nou nan phishing@irs.gov (Sijè: FAX).

Si w se yon sitwayen Ameriken k ap viv Ozetazini oubyen nan tèritwa l yo oubyen yon sitwayen Ameriken k ap viv aletranje.

  1. Konplete fòm plent apwopriye nan Komisyon Envestisman ak Echanj Ozetazini (an Anglè).
  2. Fè swiv imel la bay phishing@irs.gov (Sijè: Gwoup Aksyon).
  3. Si w viktim swa yo vòlè lajan w oubyen idantite w, ou ka soumèt plent you ak Asistan Plent FTC (an Anglè) a.

Si w pa sitwayen Ameriken epi w rezide nan lòt peyi ki pa Etazini.

  1. Konplete fòm plent apwopriye a nan Komisyon Envestisman ak Echanj Ozetazini (an Anglè).
  2. Kontakte regilatè Envestisman w yo epi depoze yon plent.
  3. Fè swiv imel la bay phishing@irs.gov (Sijè: Gwoup Aksyon).
  4. Si w viktim paske yo vòlè lajan w oubyen idantite w, ou ka depoze plent ou nan econsumer.gov (an Anglè).
  1. Pa reponn
  2. Pa ouvri okenn dokiman atache Yo ka gen ladan yo kòd ki gen malis ladan l ki ka enfekte konpitè w la oubyen telefòn mobil ou a.
  3. Pa klike sou okenn lyen yo voye Si w klike sou yon lyen nan yon SMS sispèk, epi w antre ladan enfòmasyon ki konfidansyèl, Vizite paj pwoteksyon idantite nou an.
  4. Fè mesaj la rive jwenn nou jan l ye a nan 202-552-1226. Remak: To mesaj tèks ka enpoze sou ou wi.
  5. Si posib, nan yon tèks separe, voye nimewo orijinal la vin jwenn nou nan 202-552-1226
  6. Efase tèks orijinal la.

Ou resevwa yon imel ou sispèk ki fwod epi ki pa di l soti nan IRS. Fè imel la rive jan l ye a nan reportphishing@antiphishing.org.

Ou resevwa yon imel ou sispèk ki gen kòd ki fèt ak malis oubyen yon dokiman atache ki gen malis epi w GENTAN klike sou lyen an oubyen w telechaje dokiman atache a:

Vizite OnGuardOnline.gov (an Anglè) pou w aprann sa pou w fè si w sispèk ou pran viris nan konpitè w la.

Ou resevwa yon imel ou sispèk ki gen kòd ki fèt ak malis oubyen yon dokiman atache ki gen malis epi w PA GENTAN klike sou lyen an oubyen w telechaje dokiman atache a:

Fè imel la rive jwenn depatman abi Founisè Sèvis Entènèt ou a epi/oubyen fè l rive jwenn spam@uce.gov.

Sa entèdi pou moun itilize yon imitasyon IRS oubyen anyen ki gen koulè IRS (tankou IRS, 1rs, eks.). IRS pa bay pèmisyon pou itilize “IRS” oubyen logo l nan egzèsis eskowkri entènèt kit se yon òganizasyon ki itilize platfòm vandè oubyen k ap pratike pwòp egzèsis pa yo pandan y ap sèvi zouti sous lib.

Egzèsis ki lye ak taks pa ka ap fèt nan sezon taks.

Egzèsis ki lye ak taks dwe genyen yon nòt aprè ki di li pa afekte taks moun nan.

Òganizasyon Eta/Lokal//Federal/Militè dwe kowòdone pa mwayen DHS NCATS.

Kominike Laprès epi plis ankò (an Anglè)

IRS itilize nouvo zouti ak zouti medya sosyal (an Anglè) pou l pataje dènye enfòmasyon ki genyen sou chanjman, inisyativ, pwodui ak sèvis taks.

IRS mete deyò tou sondaj satisfaksyon kliyan (an Anglè) pou l mete men l sou opinyon ak sijesyon kontribyab taks ak fiskalis yo pou l ka amelyore pwodui l yo ak sèvis li yo.

 

Phishing and Malware