Body

Se yon obligasyon pou nou fè peman ki gen rapò ak enpak ekonomik ou yo (Estimilis) pi vit posib.

Tanpri pa rele IRS pou nouvo peman an; ajan nan telefòn yo pa gen lòt enfòmasyon pase enfòmasyon ki la a sou IRS.gov epi nan fòmilè demann "Get my payment" la.

Dezyèm peman ki gen rapò ak enpak ekonomik la (Estimilis)

Ou kapab kalifye pou jwenn yon dezyèm peman ki gen rapò ak enpak ekonomik la. N ap otomatikman fè yon peman pou moun ki kalifye yo.

Verifye estati peman w la

Itilize "Get my payment" pou:

  • Detèmine estati peman ki gen rapò ak enpak ekonomik ou yo.
  • Konfime tip peman w la: depo dirèk oswa peman pa lapòs.

Yo mete done yo ajou yon fwa chak jou, nan lannwit. Kidonk, pa gen okenn nesesite pou verifye yo plis pase yon fwa chak jou.

Pou repons ak kesyon ki gen pou wè ak dezyèm peman ki gen rapò ak enpak ekonomik la, konsilte Kesyon ak repons sou dezyèm peman ki gen rapò ak enpak ekonomik la (an Anglè).

Pou kesyon sou fòmilè demann "Get My Payment" la, konsilte Kesyon yo souvan poze sou Get My Payment (an Anglè).

Get My Payment
 

American dollars

Premye peman ki gen rapò ak enpak ekonomik la (Estimilis)

Pifò moun k ap peye taks ki kalifye yo te resevwa premye peman ki gen rapò ak enpak ekonomik yo.

Si w pa t jwenn tout lajan peman ou kalifye pou li a, ou ka kalifye pou resevwa yon Kredi rekiperasyon (an Anglè) lè w ranpli deklarasyon taks federal 2020 ou yo.

 

Verifye estati premye peman ki gen rapò ak enpak ekonomik ou a

Itilize "Get my payment" pou:

  • Verifye estati premye peman ki gen rapò ak enpak ekonomik ou a. Gen kèk moun ki te resevwa premye peman ki gen rapò ak enpak ekonomik yo a pa plizyè peman. Si w te resevwa peman pasyèl, aplikasyon an ap montre sèlman sa a ki pi resan an.
  • Konfime tip peman w la: depo dirèk oswa peman pa lapòs.

Yo mete done yo ajou yon fwa chak jou, nan lannwit. Kidonk, pa gen okenn nesesite pou verifye yo plis pase yon fwa chak jou.

Pou repons ak kesyon sou "Get My Payment", konsilte Kesyon yo souvan poze sou Get My Payment (an Anglè).

Get My Payment

 

Reklame yon kredi rekiperasyon

Si w pa jwenn tout lajan peman ki gen rapò ak enpak ekonomik ou kalifye pou yo a, ou ka kalifye pou resevwa yon Kredi rekiperasyon lè w ranpli deklarasyon taks federal 2020 ou yo.

Reklame kredi rekiperasyon

 

Jwenn plis enfòmasyon sou peman ki gen rapò ak enpak ekonomik la