Si ou demenaje nan yon lòt adrès, ou dwe fè IRS konnen pou ka asire w ke ou ap resevwa ranbousman oswa lèt IRS voye. Gen plizyè fason ou kapab fè nou konnen ke adrès ou chanje:

Lè ou chanje non ou, sa ka fè gwo enpak sou taks ou. Tout non yon kontribyab genyen dwe koresponn ak dosye Administrasyon Sekirite Sosyal la genyen. Si non yon moun pa koresponn, sa ka bay reta sou ranbousman l.