Gwo Antrepriz ak Sant Fiskal Entènasyonal

Divizyon Gwo Biznis ak Biznis Entènasyonal (LB&I) la sèvi sosyete yo, Sosyete anba-chapit S yo, epi patènarya yo ki genyen byen ki depase $10 milyon dola.

Pwogran ak Resous LB&I 

Abri Fiskal Abizif ak Tranzaksyon (an Anglè) 
Sèvis Revni Entèn genyen yon estrateji an plas moun ka konprann pou konbat abri fiskal ak tranzaksyon taks abizif yo.

E-file pou Gwo Sosyete ak Sosyete Moyen yo (an Anglè) 
Pou ane fiskal ki fini aprè 31 Desanm 2006 yo, sosyete ki genyen byen ki vo $10 Milyon dola oubyen plis yo anba obligasyon pou yo soumèt dosye 1120/1102S yo a pou deklarasyon taks sou revni yo. Pou ane fiskal ki fini aprè 31 Desanm 2007 yo, sosyete ki pa domestik yo ki genyen byen ki vo $10 Milyon dola oubyen plis yo anba obligasyon pou yo soumèt dosye 1120-F yo a pou deklarasyon taks sou revni yo.

Progran Rezolisyon Zafè Endistri (an Anglè) 
Pwogran Rezolisyon Zafè Endistri (IIR) a rezoud souvan kesyon taks ki nan diskisyon oswa ki bay tèt chaje. IRS mande pou pwogram nan sijèsyon kontribyab, reprezantan ak asosyasyon yo pou pwoblèm ki soulve.

Konsèy pou Direktè Endistri LB&I (an Anglè) 
Machaswiv LB&I bay konsèy administratif ak konsèy ki lye ak endistri pou egzaminatè LB&I yo pou asire yon administrasyon taks ki aplike menm fason tout kote. Konsèy sa yo pa etabli pozisyon Sèvis la sou kesyon jiridik, kidonk yo pa konsèy jiridik.

Pwogran Akò Avan-Deklarasyon (an Anglè)
Pwogram Akò Avan-Deklarasyon an sipoze desann pwa lou ki sou do kontribyab yo epi ede yo itilize ak plis efikasite resous IRS yo, pou yo rive rezoud oswa elimine kontwovès taks yon ti kras pi bonè nan pwosesis etidye dosye a.

Barèm M-3 pou konsilye Kaye Finans ak Revni Fiskal (an Anglè) 
Ministè Finans ak IRS ap egzekite Barèm M-3 a, "Rekonsilyasyon Revni Nèt (Pèt) pou sosyete ki genyen yon Kantite Byen ki Vo 10 milyon dola oubyen pi plis".