Nouvo enskripsyon nan EFTPS yo kapab pran jiska senk jou ouvrab pou yo trete yo. Fason ki pi fasil pou peye tout taks federal ou EFTPS®(an Anglè) ® se yon sistèm gratis ke Ministè Finans Etazini ofri pou ka peye taks federal ou. EFTPS® ap ofri w... Sekirite ou kapab fè konfyans Lè ou ap fè pèman elektwonik taks federal ou, itilizasyon twa pyès idantite ap pwoteje konfidansyalite ou epi sekirize done pèsonèl ou yo. Lè ou itilize Nimewo Idantifikasyon Kontribyab (EIN oswa SSN), Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl (PIN) ak Modpas Entènèt ou, ansanm ak yon navigatè Entènèt sekirize, sa ogmante sekirite pou ou. Avantaj ki nan de pla men w Pwograme pèman ou jiska 365 jou alavans. Fè pèman taks ou pandan w chita lakay ou oswa nan biwo w, 24/24 epi 7/7. Efektye pèman taks sou revni, taks sou travay, estimasyon taks ak taks federal patikilye ou dwe. Chanje fasilman oswa anile pèman ou te gentan pwograme. Suiv pèman ou gras a notifikasyon pa imèl. Afiche 15 mwa nan istorik vèsman ou te fè yo. Resevwa èd ak pèman oswa ransèyman ou bezwen nan men Ajan Sèvis a Kliyantèl yo. Presizyon ou kapab fè konfyans Konfimasyon imedya pou pèman ou ansanm ak atestasyon bankè ou ap ratifye vèsman ki fèt yo. Kijan pou enskri nan EFTPS Vizite sit EFTPS®(an Anglè) oswa rele Sèvis a Kliyantèl EFTPS® la pou fè demand fòmilè enskripsyon: 800-555-4477 877-333-8292 (Ajans Federal yo) 800-733-4829 (TDD pou Moun Ki Tande Di) 800-244-4829 (Espayòl) Avantaj siplemantè lè ou ap itilize EFTPS Opsyon pou peye atravè sistèm repons vokal EFTPS la: 800-555-3453 Ransèyman imedya lè ou itilize paj Kesyon Moun Poze Souvan (an Anglè), “FAQ” Aprè ou fin enskri, ap gen avantaj lè ou itilize karakteristik Fason pou Fè (an Anglè) a (sa mande pou enskri dabò) Telechaje dokiman EFTPS (an Anglè) (klike yon lòt fwa oswa telechaje ankò si paj la make "Session Expired") Enfòmasyon Siplemantè Piblikasyon 966, Sistèm Elektwonik pou Pèman Taks Federal, Yon Gid sou Kijan Pou Kòmanse (an Anglè) PDF Piblikasyon 4990, EFTPS Livrè Enstriksyon sou Pèman pou Kontribyab ki se Biznis ak Kontribyab Endividyèl (an Anglè) PDF Resous EFTPS® yo sou entènèt epi disponib pou moun kòmande pa telefòn (an Anglè) Gen plis opsyon elektwonik ak lòt ankò sou paj pèman prensipal la Eskwokri ak sit pyèj ki ekziste aktyèlman ki degize an IRS (an Anglè)