Chak ane, yo depanse plizyè milya dola pou lopital, ponpye, lekòl, wout, ak lòt resous selon done ki soti nan resansman an.
Rezilta resansman an detèmine kantite syèj chak eta gen nan Kongrè a, epi yo itilize yo pou trase limit nan distri vòt yo.
Epitou, Konstitisyon Etazini an egzije li: Atik 1, Seksyon 2, mandate pou peyi Etazini konte popilasyon li chak 10 lane. Premye fwa yo te konte popilasyon an se te nan lane 1790.
Lalwa egzije Biwo Resansman an pwoteje repons ou yo epi kenbe yo totalman konfidansyèl. Sa ki pi bèl la, tout anplwaye an sèmante pou yo pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou yo avi.
Dapre Tit 13 ki nan Kòd Lwa Etazini an, Biwo Resansman an pa gen dwa pataje okenn enfòmasyon ki ka idantifye oumenm, fwaye ou, oswa biznis ou, menm avèk moun ki plase kòm otorite pou fè respekte lwa. Lwa a garanti yo pwoteje done prive ou epi okenn ajans gouvènman oswa tribinal gen dwa itilize repons ou yo kont ou.
Sa a se yon pati nòmal Resansman 2020 an. Ou gendwa wè travayè resansman yo nan zòn ou an pou plizyè rezon diferan:
Nan mwa me 2020, resansè yo pral kòmanse vizite kay ki poko reponn Resansman 2020 an pou garanti yo konte tout moun.
Pou ede, ou ka pataje nouvèl ak enfòmasyon Biwo Resansman an ak zanmi, fanmi, ak moun k ap suiv ou sou Facebook, Twitter, ak Instagram.