Skip to main content

Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen yo Admèt nan Peyi a Tanporèman (Haitian Family Reunification Parole, HFRP)

Pwogram HFRP a pèmèt sèten sitwayen ameriken ki elijib ak sèten rezidan pèmanan legal pou yo aplike pou admisyon tanporè nan peyi a pou manm fanmi yo ki an Ayiti. Si yo otorize admisyon tanporè a, manm fanmi sa yo ka vini nan peyi Etazini anvan dat priyoritè pou viza imigran yo vinn efektif. Yon fwa moun sa yo rantre nan peyi Etazini, yo ka lè sa a aplike pou otorizasyon travay etan ap tann pou yo aplike pou estati rezidan pèmanan legal.

NOTE: PIGA eseye rantre nan peyi Etazini sou bato. Vwayaj sa yo gen danje ladan ki ka menase lavi w. Si yo kenbe w sou lanmè a, yo ka fè w retounen Ayiti.

Paj sa a bay enfòmasyon sou:

  • Elijibilite pou HFRP
  • Pwosesis Envitasyon an
  • Aplikasyon pou HFRP
  • Tretman Aplikasyon w lan
  • Entèvyou
  • Pwosesis Apre Entèvyou a
  • Apre Nou Otorize Admisyon Tanporè a
  • Frè pou Aplikasyon an ak Frè Estimatif ki Asosye avèk Pwosesis ou Vini yon Rezidan Pèmanan Legal (LPR)
  • Enfòmasyon Jeneral sou Pwogram lan
  • Kijan pou Pwoteje Tèt ou kont Fwòd

Tanpri gade tabilasyon ki pi ba a ki make Apre Nou Otorize Admisyon Tanporè a  pou enfòmasyon sou elijibilite pou yon Kat Rezidans, otorizasyon travay, ak sèten avantaj, yon fwa yo admèt tanporèman nan peyi Etazini yon benefisyè Pwogram HFRP la.

Elijibilite pou HFRP

Pami Patisipan ki nan Pwogram HFRP a, genyen:

Mo a Definisyon
Demandè

Sitwayen ameriken an oswa LPR ki nan peyi Etazini ki te soumèt yon Fòm I-130, Petisyon pou Fanmi ki Etranje a (Petition for Alien Relative), anfavè yon fanmi k ap viv Ayiti, e ke nou te apwouve.

Se sèlman demandè ki kalifye ki ka soumèt aplikasyon pou benefis nan Pwogram HFRP a. Demandè kalifye yo fèt pou satisfè kondisyon elijibilite pou demandè yo.
Benefisyè

Manm fanmi ki Ayiti ki ka benefisye de petisyon yon manm fanmi (Fòm I-130) soumèt e ke yo apwouve anfavè yo, e ke yo ka admèt tanporèman nan peyi Etazini si yo apwouve yo nan Pwogram HFRP a.

Benefisyè yo enkli benefisyè prensipal la, benefisyè derive, ak benefisyè derive adisyonèl.
Benefisyè prensipal

Manm fanmi ayisyen an pou ki demandè a te soumèt Fòm I-130 la.

Pa egzanp, benefisyè prensipal la ka mari oswa madanm, oubyen pitit, oswa pitit gason ki adilt, pitit fi ki adilt oswa frè ak sè yon sitwayen ameriken.
Benefisyè derive

Mari oswa madanm benefisyè prensipal la ak pitit li yo ki pa marye e ki gen mwenske 21 an daj. Yo ka liste yo tou sou Fòm I-130 ki apwouve a.

Benefisyè sa yo ka elijib pou admisyon tanporè nan peyi a baze sou relasyon ki genyen ant yo ak benefisyè prensipal la. Si yo pa apwouve benefisyè prensipal la pou admisyon tanporè nan peyi a, yo p ap apwouve benefisyè derive yo.
Benefisyè derive adisyonèl Si yon benefisyè prensipal marye oswa vin gen yon timoun depi yo te apwouve Fòm I-130 la, ou ka soumèt yon aplikasyon Pwogram HFRP anfavè mari oswa madanm benefisyè prensipal sa a ak/oswa pitit li ki poko gen 21 an daj la.

Ki moun ki Elijib pou Aplike?

Si ou soumèt yon Fòm I-130 pou yon manm fanmi w, se oumenm ki se demandè a epi manm fanmi w lan se li ki se benefisyè a. Pou ka elijib pou aplike pou admisyon tanporè nan peyi Etazini pou fanmi ki kalifye e ki Ayiti, ou fèt pou satisfè kondisyon swivan yo:

  • Ou se swa yon sitwayen ameriken oswa LPR;
  • Ou te soumèt yon Fòm I-130, Petisyon pou Fanmi ki Etranje (Petition for Alien Relative), pou yon manm fanmi ayisyen e yo te apwouve l nan dat 18 desanm 2014 oswa avan dat sa a;
  • Yon viza pou imigran poko disponib pou manm fanmi w lan; e
  • You Ou resevwa yon envitasyon ki soti nan Sant Nasyonal pou Viza nan Depatman Deta (Depatman of State's National Visa Center, NVC) pou patisipe nan Pwogram HFRP a. Tanpri gade seksyon Pwosesis Envitasyon an nan paj sa a pou plis enfòmasyon.
Note: Nou pral refize aplikasyon w yo si ou pa satisfè tout kondisyon ki make anlè yo lè yap deside sou aplikasyon pou benefis HFRP yo. Nou p ap ranbouse frè ou deja peye yo.

Yon demandè kalifye ap kapab aplike sèlman anfavè yon manm fanmi (benefisyè) ki se:

  • Yon sitwayen ayisyen, si se benefisyè prensipal la; ak
  • Benefisyè yon Fòm I-130 ke yo apwouve nan dat 18 desanm 2014 oswa anvansa (ikonpri nenpòt mari/madanm oswa timoun k ap akonpaye l oswa ki pral vini annapre*).

*Gade nan seksyon 203(d) nan Lwa Imigrasyon ak Nationalite (Immigration and Nationality Act, INA), nan Kòd 8 Etazini (U.S.C.) 1153 (d).

Ki moun ki Pa elijib

Patisipasyon nan Pwogram HFRP a pa disponib pou:

  • Moun ki kalifye antake manm fanmi imedya.** Admisyon tanporè ap disponib pou moun sa yo etandone yo ka fè demann pou viza imigran imedyatman pou yo vwayaje Ozetazini yon fwa yo apwouve Fòm I-130 yo a. Manm fanmi imedya se:
    • Mari oswa madanm sitwayen ameriken;
    • Timoun ki pa marye e ki poko gen laj 21 an sitwayen ameriken yo; ak
    • Paran sitwayen ameriken ki gen pliske 21 an daj.
  • Moun ki pa kapab ale nan yon entèvyou an pèsòn ann Ayiti. Enplemantasyon pwogram sa a ap etabli ann Ayiti sèlman;
  • Benefisyè Fòm I-130 yo te apwouve apre dat 18 desanm 2014; ak
  • Benefisyè Fòm I-130 yo apwouve e ke manm fanmi k ap fè demann lan ki Ozetazini pa resevwa yon envitasyon ki soti nan NVC pou endike ke yo elijib pou aplike pou Pwogram HFRP a.

**Gade nan INA § 201(b)(2)(A)(i), 8 U.S.C. § 1151(b)(2)(A)(i).

Note: Si ou se benefisyè y on Fòm I-130 yo apwouve ki abite Ayiti, ou pa ka aplike pou pwogram HFRP a pou tèt ou oswa pou manm fanmi w. Demandè ki Ozetazini a fèt pou l aplike anfavè w.

Mari/Madanm ak Timoun Benefisè Prensipal la (Benefisyè Derive)

Si mari/madanm benefisyè prensipal la ak timoun ki pa marye yo ki poko gen laj 21 an (ke yo rele benefisyè derive yo) gen non yo sou Fòm I-130 apwouve a, yo ka elijib pou benefis nan Pwogram HFRP a. Tout demann pou admisyon tanporè yo soumèt anfavè yo fèt pou yo soumèt anmenm tan ak demann pou admisyon tanporè pou benefisyè prensipal la. Y ap elijib pou admisyon tanporè sèlman si yo detèmine benefisyè prensipal la elijib pou admisyon tanporè, e yo pral bezwen tou endepadaman pou yo etabli yo gen otorizasyon pou admisyon nan peyi Etazini.

Si yo pa soumèt yon aplikasyon pou Pwogram HFRP a pou benefisyè prensipal la, oswa si nou detèmine benefisyè prensipal la pa elijib pou Pwogram HFRP a, mari/madanm ak pitit yo p ap elijib pou admisyon tanporè pou Pwogram HFRP a.

Demann pou Ajoute Mari/Madanm oswa Pitit sou yon Fòm I-130 Apwouve (Benefisyè Derive Adisyonèl)

Si yon benefisyè prensipal marye oswa vin gen yon timoun depi yo te apwouve Fòm I-130 la, ou ka soumèt yon aplikasyon Pwogram HFRP anfavè mari oswa madanm benefisyè prensipal sa a ak/oswa pitit li ki poko gen 21 an daj la (jeneralman yo rele yo derive "adisyonèl").

Derive adisyonèl p ap liste sou lèt envitasyon NVC a. Yon demandè kalifye ka toujou soumèt yon aplikasyon pou Pwogram HFRP a anfavè yo, depi ke yo resevwa aplikasyon adisyonèl yo avèk pakè aplikasyon yo te soumèt pou benefisyè prensipal la ak oumenm, demandè a, bay prèv nesesè pou etabli relasyon kalifyab manm fanmi derive adisyonèl la.

Limit Laj pou Benefisyè yo

Pa gen limit sou laji pou benefisyè prensipal Fòm I-130 yo. Sepandan, tout timoun derive yo dwe gen mwenske 21 an daj nan dat nou resevwa aplikasyon w lan ke ou soumèt kòmsadwa. Lèt envitasyon an pral avize w pou pa soumèt aplikasyon Pwogram HFRP yo pou timoun derive ki pral gen laj 21 an oswa plis lè w soumèt aplikasyon an.

N ap refize Fòm I-131 ke w soumèt pou timoun derive ki gen 21 an daj oswa ki pi gran nan dat nou resevwa aplikasyon w lan ke ou soumèt kòmsadwa. Nou p ap remèt frè ki asosye ak anrejistreman yo.

Nou pral kontinye trete aplikasyon yo pou nenpòt lòt benefisyè, ikonpri benefisyè prensipal la ak mari/madanm ak timoun ki pa marye e ki poko gen 21 an daj.

Sikonstans ki Ka Afekte Elijibilite

Ayisyen k ap viv andeyò Ayiti

Byenke Pwogram HFRP a fèt pou Ayisyen ki ann Ayiti, Ayisyen k ap viv andeyò Ayiti pa eskli nan pwogram lan e yo ka toujou elijib pou pwogram lan. Si benefisyè a Ozetazini oswa nan yon lòt peyi, benefisyè a fèt pou l vwayaje al Ayiti pou yon entèvyou Pwogram HFRP pou yo konsidere l pou admisyon tanporè.

Benefisyè ki Ozetazini ikonpri sa ki gen TPS yo, ki deside vwayaje ale Ayiti pou entèvyou yo, dwe obteni dabò yon admisyon tanporè davans nan men nou. San admisyon tanporè davans la, yo ka p ap ka retounen Ozetazini si yo refize aplikasyon Pwogram HFRP yo a.

Si benefisyè prensipal la Ozetazini oswa nan yon lòt peyi e li p ap retounen Ayiti pou yon entèvyou pou Pwogram HFRP a, ou pa dwe soumèt yon aplikasyon pou manm fanmi derive benefisyè prensipal la ki Ayiti paske yo pral refize aplikasyon sa yo. Yo ka apwouve manm fanmi derive yo pou admisyon tanporè nan peyi Etazini si yo apwouve benefisyè prensipal la ki sou Fòm I-130 apwouve a, pou admisyon tanporè.

Obtansyon sitwayènte amerikèn

Si ou se yon rezidan pèmanan legal (LPR) e ou vin yon sitwayen ameriken apre ou soumèt aplikasyon Pwogram HFRP w la (yo) avèk nou, ou ka chwazi pou yo kontinye trete aplikasyon "manm fanmi imedya" w yo pou admisyon tanporè. Altènativman, ou ka chwazi pou mande pou yo trete aplikasyon yo pou viza imigran apre ou peye tout frè ki aplikab yo pou viza imigran yo.

Si ou tounen yon sitwayen ameriken anvan ou aplike pou Pwogram HFRP a, n ap refize tout aplikasyon ou soumèt anfavè "manm fanmi imedya" yo.

Maryaj

Yon chanjman nan eta marital yon manm fanmi benefisyè sou Fòm I-130 la ka afekte elijibilite manm fanmi w lan pou Pwogram HFRP a.

Manm fanmi ki pa elijib pou Pwogram HFRP a si yo marye enkli:

Yon timoun pou ki ou te soumèt yon Fòm I-130 selon preferans ki baze sou dezyèm fanmi a. Si pitit ou vin marye apre nou apwouve Fòm I-130 la, yo pa konsidere kòm yon timoun ankò selon INA *** e yo pa elijib pou benefisye de petisyon pou viza a. Dezyèm preferans lan disponib pou LPR ki ta renmen fè mari/madanm yo ak pitit ki pa marye yo antre Ozetazini kèlkesa laj timoun yo.

Yon timoun benefisyè prensipal la pou ki ou soumèt yon Fòm I-130, ke yo rele yon timoun derive. Si timoun nan vin marye apre yo te apwouve Fòm I-130 la, yo pa konsidere yo kòm yon timoun ankò selon INA *** menmsi yo poko gen 21 an daj, e yo pa ka obteni estati nan men benefisyè prensipal la.

***Seksyon 101(b)(1) nan INA defini yon timoun kòm "yon moun ki pa marye ki poko gen laj 21 an."

 

Pwosesis Envitasyon an

Si ou elijib pou aplike pou pwogram lan anfavè manm fanmi w ki Ayiti, ou pral resevwa yon lèt envitasyon ki soti nan NVC. Yo pral poste envitasyon an nan dènye adrè NVC gen pou ou a. Ou dwe resevwa yon avi ki soti nan NVC konsènan elijibilite w pou aplike pou Pwogram HFRP a anvan pou soumèt aplikasyon w lan.

Kantite envitasyon yo voye chak ane depann de kantite benefisyè yo antisipe ki pral gen viza ki disponib sou apeprè 18 a 42 mwa apatide dat yo voye envitasyon yo. Kantite envitasyon yo voye chak ane ka limite baze sou kapasite operasyonèl gouvènman ameriken an ann Ayiti ak disponibilite resous gouvènman ameriken pou benefisyè pwogram asistans yo.

Note: Si ou se yon demandè ki panse ou ka elijib pou Pwogram HFRP a, tanpri, asire w ke NVC gen adrès postal aktyèl ou. Ou ka kontakte NVC atravè Fòm Demann Piblik yo a. Si avoka atitre w la p ap reprezante w ankò, tanpri fè NVC konn sa.

Fason yo Emèt Envitasyon yo

Anba Pwogram HFRP a, NVC pral emèt envitasyon ekri bay demandè Fòm I-130 apwouve yo baze sou dat lè yo antisipe ke viza imigran pou manm fanmi yo pral efektif. Omwen yon fwa chak ane, NVC pral idantifye Fòm I-130 apwouve yo avèk dat soumisyon (dat priyoritè) ke yo prevwa ki pral efektif sou apeprè 18 a 42 mwa e li pral emèt envitasyon bay demandè Ozetazini yo.

Yo p ap envite w pou aplike pou Pwogram HFRP a si:

  • Ou gen mwenske 18 mwa pou tann apatide lè yo emèt envitasyon yo anvan yo antisipe ke manm fanmi w pral resevwa viza imigran yo, paske gen anpil chans y ap kapab imigre Ozetazini toutosi rapidman ke si yo te trete aplikasyon pou viza imigran yo defason tradisyonèl.

    Pa egzanp, mari/madanm ou ki Ayiti p ap elijib pou yon envitasyon kounye a si:

    • Yo se benefisyè yon Fòm I-130 ke yo apwouve anvan anons pwogram HFRP a, e
    • Yo antisipe viza yo ap disponib sou sèt mwa.
  • Viza imigran pou manm fanmi w yo p ap disponib pou pliske 42 mwa apatide lè yo emèt envitasyon yo.

    Pa egzanp, sè w ki Ayiti p ap elijib pou yon envitasyon kounye a si:

    • Li se benefisyè yon Fòm I-130 ke yo apwouve anvan anons pwogram HFRP a, e
    • Viza l la pap vin disponib pou katran.

Sepandan, li ka elijib pou yon envitasyon yon fwa dat priyoritè viza l la tonbe apeprè nan lespas ant 18 a 42 mwa.

Aplikasyon pou HFRP

PIGA aplike pou pwogram HFRP a toutotan NVC a pa envite w pou fè sa. Benefisyè potansyèl ki Ayiti paka aplike poutèt yo.

Byenke Pwogram HFRP a ofri potansyèl pou manm fanmi w vin jwenn ou Ozetazini san yo pa tann pou viza imigran yo vin disponib, pwogram lan pa konvnab pou tout moun.

Anvan w aplike anfavè yon manm fanmi w, tanpri konsidere enfòmasyon ki pi ba a:

  • Nou pa ka prevwa kantite tan l ap pran avan w reyini avèk fanmi w anba Pwogram HFRP a an konparezon avèk pwosesis viza imigran an. Kantite tan li pral pran pou fanmi w vin jwenn ou Ozetazini pral depann de faktè tankou kantite tan l ap pran pou viza yo disponib, kantite tan ou pran pou aplike pou Pwogram HFRP a anfavè yo, si nou egzije enfòmasyon adisyonèl nan men w pou etabli elijibilite yo pou pwogram lan, avèk tou kantite tan li pran manm fanmi w pou yo vwayaje Ozetazini apre apwobasyon an.
  • Yon moun yo admèt tanporèman Ozetazini anba Pwogram HFRP a, y ap atann aske moun sa a aplike pou estati LPR (pou yon kat rezidans) yon fwa viza yo vin disponib. Nou antisipe ke viza pou benefisyè Pwogram HFRP yo ap vin efektif sou dezan pare yo admèt yo tanporèman Ozetaini. Pou aplike pou yon Kat Rezidans, chak benefisyè (kit se yon benefisyè prensipal oswa yon benefisyè derive) fèt pou soumèt yon Fòm I-485, Aplikasyon pou Anrejistre Rezidan Pèmanan oswa Ajiste Estati. Frè pou peye pou fòm sa a aktyèlman se $1 225 e pa gen dispans pou frè ki disponib. Kòm frè yo ka chanje, se pou w tcheke orè frè USCIS la anvan w soumèt nenpòt petisyon oswa aplikasyon.
  • Y ap egzije pou demandè yo soumèt aplikasyon Pwogram HFRP a pou tout manm fanmi yo ki asosye avèk menm Fòm I-130 apwouve a, anmenmtan. Y ap sèlman konsidere benefisyè derive ki sou Fòm I-130 la pou admisyon tanporè anba Pwogram HFRP a si benefisyè prensipal ki sou Fòm I-130 lan apwouve pou admisyon tanporè. Benefisyè derive pa elijib pou Pwogram HFRP a poukont yo e kèlkeswa aplikasyon Fòm I-131 ou soumèt anfavè yo, yo pral refize yo si benefisyè prensipal la pa apwouve pou admisyon tanporè.
  • Timoun derive ki liste sou Fòm I-130 apwouve a ki deja genyen 21 an daj oswa ki pral genyen 21 an daj oswa k ap pi gran anvan ou soumèt bannou yon aplikasyon Pwogram HFRP ki konplete kòmsadwa p ap elijib pou Pwogram HFRP a. Dat yo konsidere yon aplikasyon kòm yon aplikasyon yo anrejistre se dat ke biwo USCIS ki liste sou lèt envitasyon NVC a, resevwa l. Si ou soumèt yon aplikasyon anfavè yon timoun derive e nou resevwa l apre ke timoun nan vin gen 21 an daj, n ap refize aplikasyon w lan.
  • Lè w aplike pou Pwogram HFRP a sa p ap nesesèman fè pwosesis reyinifikasyon fanmi an fèt pi rapid pou demanè LPR ki gen entansyon natiralize nan ennan. Yon fwa LPR yo vin sitwayen ameriken, viza imigran yo pou mari/madanm ak pitit ki pa marye e ki poko gen 21 an daj yo, pral disponib imedyatman. Kidonk, menm si yo envite yo pou yo aplike pou Pwogram HFRP a, LPR ki pre tounen sitwayen ameriken pa dwe soumèt aplikasyon Fòm I-130 yo san yo pa byen reflechi ak kalkile pri sa ap koute ak avantaj yo pou Pwogram HFRP a konpare avèk pwosesis nòmal pou viza imigran an.

Kijan pou Aplike

Note: Si ou pèdi envitasyon ekri ke NVC te voye ba ou a, n ap aksepte pakè aplikasyon w lan kanmèm. Sepandan, ou dwe soumèt tout lòt dokiman ki obligatwa yo lè w ap soumèm pakè aplikasyon w lan avèk USCIS Lockbox la.

Ou pa ka aplike nan Pwogram HFRP a toutotan ou pa resevwa yon envitasyon ki soti nan NVC. Si ou aplike pou pwogram lan e ou pa elijib, n ap refize aplikasyon w lan e nou p ap ranbouse w frè anrejistreman yo.

Si ou ta renmen pou yo konsidere manm fanmi w pou Pwogram HFRP a, ou dwe swiv enstriksyon pou aplikasyon ki espesifik a Pwogram HFRP a ki nan lèt NVC a (li liste pi ba a tou) epi soumèt dokiman yo egzije yo nan Lockbox la avan dat limit pou anrejistreman an ki endike nan lèt la:

  1. Konplete Fòm I-131, Aplikasyon pou Dokiman Vwayaj:

Konplete yon Fòm I-131 apa pou chak manm fanmi ki elijib pou patisipe nan Pwogram HFRP a.

  • Konplete pati 1, 2, 7, 8 ak 9 nan Fòm I-131 an;
  • Remake ke Pati 1 an mande enfòmasyon sou ou, demandè a.
  • Nan Pati 2 a, Tip Aplikasyon, tcheke kaz 1.F, M ap aplike pou yon Dokiman Admisyon Tanporè Davans pou yon moun ki andeyò Lèzetazini; Kesyon 2.A-2.P mande enfòmasyon sou manm fanmi w, benefisyè a;
  • Nan Pati 8 la, siyen l oumenm, antanke demandè a;
  • Ekri "HFRP" avèk gwo lèt detache sou pati anlè Fòm I-131 an;
  • Ajoute de (2) foto paspò pou manm fanmi w lan;
  • Ajoute yon fotokopi Fòm I-197, Avi sou Aksyon, avi apwobasyon Fòm I-130, oswa yon vèsyon enprime ki soti nan Estati Ka a sou Entènèt, ki montre otorizasyon an; e
  • Ajoute frè ki aplikab la ki se $575 oswa demann pou dispans frè a. (Aplikan yo ka mande yon dispans frè lè yo soumèt Fòm I-912, Demann pou Dispans Frè. Pou enstriksyon, tanpri gade nan Gid pou Dispans Frènou an.)
  1. Konplete Fòm I-134, Afidavi Sipò:

Konplete yon Fòm I-134 apa pou chak manm fanmi an. Swiv enstriksyon ki sou fòm lan ke yo bay nan paj wèb Fòm I-134 la. Si sa nesesè, ou ka soumèt Fòm I-134 ke plizyè esponnsò konplete pou montre gen ase revni oswa resous finansyè pou sipòte chak manm fanmi.

  1. Ajoute yon kopi lèt envitasyon NVC a:

    Ajoute yon fotokopi lèt NVC a, ki te avize w sou elijiblite w pou aplike pou Pwogram HFRP a anfavè benefisyè w yo.

Note: Ou dwe soumèt yon Fòm I-131 apa ak yon Fòm I-134 apa pou chak manm fanmi ke w ta renmen yo konsidere pou admisyon tanporè anba Pwogram HFRP a. Ou dwe peye tout frè aplikasyon pou chak aplikasyon oswa mande yon dispans frè.

Soumisyon Pakè Aplikasyon W lan

Ou dwe soumèt aplikasyon pou tout fanmi elijib ki asosye avèk menm Fòm I-130 apwouve a anmenmtan pou yo sa trete aplikasyon yo ansanm. Soumèt tout aplikasyon ak dokiman sipò ki asosye yo, ikonpri frè pou anrejistreman oswa yon demann pou dispans frè nan yon pakè voye l nan adrès sa a sèlman:

USCIS
P.O. Box 8500
Chicago, IL 60680-4120

Si ou pa soumèt yo ansanm sa ka afekte kapasite pou nou detèmine elijibilite yo nan pwogram nan e sa ka lakòz yo refize tout oswa kèk nan aplikasyon ki asosye yo.

Ou pa ka soumèt aplikasyon w lan elektwonikman atravè sistèm anrejistreman sou Entènèt nou an, pou lemoman. Ou dwe voye aplikasyon w lan pa lapòs nan adrès ki made sou lèt envitasyon an.

Dat Limit pou Aplike

Dat limit pou aplikasyon an pral enkli nan envitasyon NVC a. Jeneralman, demand yo envite pou aplike pou Pwogram HFRP a ap gen sis mwa apatide dat lèt envitasyon NVC a pou yo fè sa. Rezon pou dat limit la se paske benefis pou HFRP yo gen tan limite; pou pwofite de avantaj pou reyinifikasyon rapid fanmi, li enpòtan pou soumèt aplikasyon pou pwogram sa a nan dat limit la.

Tretman Aplikasyon W lan

Apre ou soumèt aplikasyon w lan nan USCIS Lockbox, yo pral voye pakè aplikasyon an nan yon sant sèvis USCIS poud detèminasyon desizyon. Sant sèvis la pral verifye ke yon demandè kalifye te soumèt aplikasyon an, ki vle di, ke ou te resevwa yon envitasyon pou aplike pou pwogram lan. Anplis, sant sèvis la pral revwa dokiman yo epi detèmine si benefisyè a ka kalifye pou admisyon tanporè. Sant sèvis la ka mande prèv adisyonèl, li ka refize oswa apwouve sou kondisyon, aplikasyon w lan.

Si sant sèvis la apwouve aplikasyon w lan sou kondisyon, yo pral voye l bay NVC. Yo pral avize w sou 60 jou ke yo resevwa dosye w la.

Si nou refize Fòm I-131 ke w soumèt anba Pwogram HFRP a, desizyon an final. Sepandan, si nou refize Fòm I-131 an, benefisyè a ka gen posiblite ke li elijib toujou pou tretman viza imigran baze sou Fòm I-130 apwouve yo ke yo soumèt anfavè yo. Lè viza imigran endividyèl la vin disponib, yo ka kontakte NVC pou kòmanse pwosesis pou aplikasyon pou yon viza imigran.

Li ka pran apeprè sis mwa pou trete yon aplikasyon HFRP apatide lè nou resevwa aplikasyon w lan pou emisyon yon dokiman vwayaj. Tan li pran pou rive pran yon desizyon sou yon dosye ap varye toudepann de pwoblèm ki prezante ak si nou bezwen prèv adisyonèl.

Demann pou Prèv

Si sant sèvis la detèmine yon aplikasyon manke prèv yo egzije yo oswa gen prèv adisyonèl oswa enfòmasyon adisyonèl ki nesesè, sant sèvis la pral voye yon Demann pou Prèv (RFE) ba ou. Ou dwe founi prèv la, oswa etabli ke prèv la pa disponib epi soumèt yon prèv segondè nan plas li. Yo ka refize aplikasyon w lan si ou pa reponn a RFE a nan dat limit yo bay la.

Entèvyou

Note: NVC pwograme randevou. Tanpri piga eseye pran yon randevou dirèkteman avèk biwo lokal USCIS la ni avèk Anbasad Amerikèn ki Pòtoprens la.

NVC pral kontakte ou menm ak benefisyè prensipal la konsènan nenpòt egzijans adisyonèl ak pwogramasyon pou yon entèvyou pou benefisyè a. Nan dat entèvyou a, USCIS Pòtoprens pral fè entèvyou avèk benefisyè prensipal la ak benefisyè derive yo pou verifye idantite yo e pou konfime elijiblite yo pou admisyon tanporè anba Pwogram HFRP a.

Si ou bliye dat entèvyou pou manm fanmi w la, ou ka kontakte NVC atravè Fòm Demann Piblik.

Kijan pou Prepare pou Entèvyou a

Otorizasyon admisyon tanporè nan peyi a se pa yon bagay ki fèt otomatikman. Nou pral itilize diskresyon nou pou n akòde admisyon tanporè sou yon baz ka pa ka. Jeneralman nou akòde admisyon tanporè pou benefisyè ki satisfè kondisyon elijiblite HFRP yo epi tou:

  • Ki satisfè kondisyon elijiblite pou yon viza imigran (esepte pou kondisyon kote yo egzije nimewo viza imigran an disponib);

    Sa gen ladan l:

    • Pase yon verifikasyon kriminèl ak sekirite nasyonal;
    • Pase yon egzamen medikal;
    • Kalifye pou admisyon Ozetazini; ak
    • Jistifye yon desizyon favorab sou diskresyon.

Nan dat entèvyou yo a, benefisyè yo dwe ale avèk:

  • Yon fòm idantifikasyon gouvènman an emèt;
  • Paspò;
  • Dokiman orijinal sivil ki sipòte elijibilite yo pou pwogram lan, anplisde tradiksyon anglè sètifye pou dokiman sa yo;
  • Rezilta egzamen medikal; ak
  • Yon kopi avi pou randevou pou entèvyou yo a.

Se pou yo prezante dokiman sa yo bay ofisye a pou revizyon, nan dat entèvyou a. Avi randevou pou entèvyou a ke resevwa ki soti nan NVC ap gen ladan l enfòmasyon adisyonèl sou dokiman ki nesesè yo ak enstriksyon sou kijan pou fè egzamen medikal la.

Ayisyen ki komèt krim grav oswa ki pa pase verifikasyon sekirite a p ap gen otorizasyon pou admisyon tanporè a.

Lwa sou Imigrasyon ak Nasyonalite a bannou otorite pou nou itilize diskresyon nou pou otorize admisyon tanporè pou rezon imanitè ijan oswa pou rezon benefis piblik ki enpòtan.

Pwosesis Apre Entèvyou a

Note: Benefisyè yo pa dwe pran okenn desizyon pèmanan—tankou vann oswa achte pwopriyete, kite travay yo oswa sispann ale lekòl—toutotan yo pa gen dokiman vwayaj pou admisyon tanporè HFRP yo a nan men yo.

Si yo apwouve vwayaj la:

  • Anplwaye anbasad amerikèn pral emèt dokiman vwayaj ki nesesè yo pou benefisyè ki Ayiti a. Dokiman vwayaj sa yo pral pèmèt benefisyè a vwayaje pou ale Ozetazini ak mande yon ofisye Ladwàn ak Pwoteksyon Fwontyè Lèzetazini admisyon tanporè nan yon pò dantre.
  • Benefisyè k ap vwayaje Ozetazini anba Pwogram HFRP a fèt pou fè aranjman epi peye pou pwòp vwayaj yo

Si yo pa apwouve vwayaj la:

USCIS Pòtoprens pral voye yon avi alekri bay benefisyè ke yo pa apwouve pou vwayaje Ozetazini. Oumenm, antanke demandè a, pral resevwa tou yon avi alekri sou desizyon an.

Si nou Revize Admisyon Tanporè a

  • Desizyon nou pran pou n refize admisyon tanporè a se yon desizyon final, e ou pa gen okenn dwa pou konteste l.
  • Si nou refize admisyon tanporè pou yo benefisyè, ka gen posiblite ke li elijib toujou pou tretman viza imigran baze sou Fòm I-130 apwouve yo ke yo te soumèt anfavè yo. Si benefisyè a elijib toujou pou aplike pou yon viza imigran, yo ka fè sa lè viza imigran yo a vin disponib.
  • Nan sèten sikonstans, rezon ki fè yo te refize admisyon tanporè ka lakòz tou yo anile apwobasyon pou Fòm I-130 benefisyè a. Si yo anile apwobasyon Fòm I-130 la, benefisyè a p ap elijib ankò pou yon viza imigran. Nou pral pran desizyon sa yo sou yon baz ka endividyèl.

Admisyon Tanporè pou Rezon Imanitè oswa pou Rezon Benefis Piblik ki Enpòtan

Moun ki Ayiti ki p ap elijib pou Pwogram HFRP a e ki gen rezon imanitè ijan oswa rezon pou benefis piblik ki enpòtan pou yo vini Ozetazini, ka elijib pou aplike pou admisyon tanporè anba pwosesis admisyon tanporè estanda a. Pa egzanp, ka gen sèten sikonstans kote yon manm fanmi vilnerab patikilyèman ke yo te kite dèyè ann Ayiti ka gen rezon imanitè ijan pou yo vin jwenn yon manm fanmi yo ki Ozetazini.

Ou ka jwenn enfòmasyon sou kijan pou aplike pou admisyon tanporè atravè pwosesis admisyon tanporè estanda a sou paj wèb nou an nan Admisyon Tanporè pou Rezon Imanitè oswa pou Rezon Benefis Piblik ki Enpòtan.

Apre Nou Otorize Admisyon Tanporè a

Si nou otorize admisyon tanporè anba Pwogram HFRP a, USCIS oswa DOS pral emèt dokiman vwayaj nesesè yo pou benefisyè ki Ayiti a. Dokiman vwayaj sa yo pral pèmèt benefisyè a vwayaje pou ale Ozetazini ak mande yon ofisye Ladwàn ak Pwoteksyon Fwontyè (CBP) admisyon tanporè nan yon pò dantre.

Admisyon tanporè pèmèt yon moun pou l prezan legalman nan peyi Etazini e pou l aplike pou otorizasyon travay. Admisyon tanporè a li menm pa ba w yon estati imigrasyon legal nan peyi Etazini.

Sepandan, yo atann yo aske benefisyè Pwogram HFRP a ke yo admèt tanporèman Ozetazini, aplike pou estati rezidan pèmanan legal osito viza imigran yo vin disponib—yon bagay ki pran jeneralman dezan apatide lè yo admèt yo tanporèman nan peyi Etazini.

Admisyon Tanporè Anba Pwogram HFRP a

Si yo admèt ou tanporè Ozetazini anba Pwogram HFRP a, ou pral antre nan peyi a antanke yon admi tanporè.

Lè ou rive nan yon pò dantre Ozetazini, ou pral prezante dokiman vwayaj ou yo bay yon ofisye CBP. CBP a pral revize dokiman yo e, depi tout bagay annòd, li pral admèt ou tanporèman nan peyi Etazini pou 3 zan.

Admisyon tanporè se yon admisyon pwovizwa e, li pa otomatikman fè w elijib pou yon Kat Rezidans. Li tousenpleman pèmèt ou rete Ozetazini pou peryòd tan yo otorize admisyon tanporè a e li pèmèt ou aplike pou otorizasyon travay. Pou obteni yon estati pèmanan (yon Kat Rezidans), ou dwe aplike pou estati pèmanan an epi satisfè kondisyon elijiblite pou li.

Aplikasyon pou yon Kat Rezidans

Yon fwa viza imigran w lan vin disponib, jeneralman dezan apatide admisyon tanporè w lan Ozetazini, ou dwe lè sa a aplike pou estati rezidan pèmanan (yon Kat Rezidans).

Pou aplike pou yon Kat Rezidans, ou dwe soumèt Fòm I-485, Aplikasyon pou Anrejistre pou Rezidans Pèmanan oswa Ajiste Estati, ak soumèt frè yo mande a. W ap jwenn enstriksyon sou kijan pou soumèt Fòm I-485 nan uscis.gov/i-485.

Si yon Viza Imigran Pa Disponib Lè Otorizasyon pou Admisyon Tanporè a Ekspire

Si viza imigran w lan pa disponib toujou lè admisyon tanporè w la ekspire, ou dwe aplike nan USCIS pou yon nouvo otorizasyon pou admisyon tanporè epi peye frè yo mande a (oswa mande yon dispans frè).

Si ou kontinye rete Ozetazini apre peryòd admisyon tanporè w la san ke ou pa aplike pou ajisteman estai oswa san pou pa aplike pou yon ekstansyon pou peryòd admisyon tanporè w la, ou pral gen yon estati ilegal, ki ka gen dè konsekans imigrasyon grav.

Aplikasyon pou Otorizasyon Travay

Yon fwa yo admèt ou tanporè Ozetazini anba Pwogram HFRP a, ou pral elijib pou aplike pou otorizasyon travay nan men USCIS.

Pou aplike pou otorizasyon travay, ou dwe soumèt Fòm I-765, Aplikasyon pou Otorizasyon Travay, ak soumèt frè yo mande a.

Elijibilite pou Sèten Avantaj

Yon fwa yo admèt ou tanporèman Ozetazini anba Pwogram HFRP a, ou satisfè definisyon pou yon nouvo veni Kiben/Ayisyen e ou ka elijib pou resevwa benefis piblik.*

W ap elijib pou aplike pou benefis ak sèvis apatide dat ou antre pou premye fwa antanke nouvo veni Kiben/Ayisyen. Se dat ou antre Ozetazini sou estati admisyon tanporè a.

Ou pral elijib tou pou sèvis oryantasyon inisyal atravè Pwogram Nouvo Veni Kiben Ayisyen (Cuban Haitian Entrant Program, CHEP) USCIS la. Byenke sèvis oryantasyon disponib aktyèlman Miami sèlman, n ap travay ansanm avèk kolaboratè CHEP nou yo pou eksplore ofri sèvis sa yo nan lòt kote tou. W ap jwenn enfòmasyon adisyonèl disponib nan paj wèb CHEPnou an.

*Gade nan seksyon 501(e)(1) nan Lwa Edikasyon ak Asistans Refijye (Refugee Education and Assistance Act, REAA) 1980 an.

Frè pou Aplikasyon an ak Frè Estimatif ki Asosye avèk Pwosesis ou Vini yon Rezidan Pèmanan Legal

Ou dwe peye pou Fòm I-131, Applikasyon pou Dokiman Vwayaj ak frè anrejistraman an, ki pou lemoman se $575, pou chak aplikasyon Pwogram HFRP ou soumèt pou yon manm fanmi, oswa aplike pou yon dispans frè. Kòm frè yo ka chanje, se pou w tcheke orè frè USCIS la anvan w soumèt nenpòt petisyon oswa aplikasyon. Ou dwe peye tou pou tout frè ki gen rapò avèk yon entèvyou pou w al fè Pòtoprens, ikonpri frè pou fè yon egzamen medikal ak frè pou vwayaje al Ozetazini.

Pou travay Ozetazini, benefisyè Pwogram HFRP ap dwe soumèt Fòm I-765, Aplikasyon Otorizasyon Travay, apre yo fin rive nan peyi Etazini. Frè a se $410. Aplikan yo ka mande yon dispans frè lè yo soumèt Fòm I-912, Demann pou Dispans Frè. Pou enstriksyon, tanpri gade nan Gid pou Dispans Frènou an.)

Antanke benefisyè pwogram sa a, manm fanmi w yo ap dwe aplike pou estati rezidan pèmanan legal yon fwa viza yo vin disponib. Nou antisipe ke viza pou benefisyè Pwogram HFRP yo ap vin efektif sou dezan pare yo admèt yo tanporèman Ozetazini.

Manm fanmi w yo dwe peye pou yo obteni estati rezidan pèmanan legal (Kat Rezidans). Pou aplike pou yon Kat Rezidans, yo dwe soumèt Fòm I-485, Aplikasyon pou Anrejistre pou Rezidans Pèmanan oswa Ajiste Estati, yon fwa viza efektif. Aktyèlman frè a se $1 225. Dispans pou frè pa disponib. Kòm frè yo ka chanje, se pou w tcheke orè frè USCIS la anvan w soumèt nenpòt petisyon oswa aplikasyon.

Frè total pou obteni otorizasyon travay e pou tounen yon rezidan pèmanan legal si yo te admèt ou tanporèman Ozetazini anba Pwogram HFRP a dabò, se apeprè $2 210. An konparezon, frè pou yon moun antre Ozetazini avèk yon viza imigran se apeprè $665. Yon moun k ap antre antanke yon imigran gen estati rezidan pèmanan legal e otorize pou travay yon fwa li admèt nan peyi Etazini, kidonk pa gen frè adisyonèl pou peye pou aplike pou otorizasyon travay.

Nan ka ki ra, viza imigran yoon moun ka vin disponib pandan y ap trete dosye l la anba Pwogram HFRP a. Nan ka sa yo, yo ka kontinye trete dosye moun lan pou admisyon tanporè, oswa li ka chwazi pou DOS trete dosye l la pou yon viza imigran. Yo pral egzije pou moun lan peye frè ki gen rapò avèk pwosesis sa a, e nou p ap ranbouse frè aplikasyon Pwogram HFRP a.

Tablo ki pi ba a esplike frè total  w ap peye toudepannde kijan ou antre Ozetazini e pou obteni rezidans pèmanan legal (Kat Rezidans).

Si ou vini nan peyi Etazini: Lè sa a Soumèt: Epi Peye: Frè total pou chak moun*
Atravè Pwogram HFRP a, apresa soumèt aplikasyon an pou ajiste estati w
  • Fòm I-131, Aplikasyon pou Dokiman Vwayaj
  • Fòm I-765, Aplikasyon pou Otorizasyon Travay**
  • Fòm I-485, Aplikasyon pou Anrejistre Rezidans Pèmanan oswa Ajiste Estati + biyometrik ($1 140+ $85)

$575

 

$410

 

$1 225

$2 210

Atravè yon viza imigran

  • Frè tretman pou aplikasyon viza imigran (pou Fòm I-130 apwouve, Petisyon pou yon Manm Fanmi ki Etranje)
  • Revizyon Afidavi Sipò Depatman Deta
  • Frè USCIS pou Imigran

$325

 

$120

 

$220

$665

 

*Frè yo valid jiska 23 desanm 2016, e yo ka chanje.

**Pa obligatwa pou ajiste estati rezidan pèmanan legal. Sepandan, si yon benefisyè HFRP swete travay nan peyi Etazini anvan yo obteni Kat Rezidans yo, ou dwe aplike pou otorizasyon travay.

Frè yo asosye avèk pwosede imigrasyon yo ki endike nan tablo a pou vini yon rezidan pèmanan legal e yo pa fèt pou reprezante okenn lòt frè oswa benefis ki pa asosye avèk admisyon tanporè oswa estati rezidan pèmanan Ozetazini.

Enfòmasyon Jeneral sou Pwogram lan

Nou kreye Pwogram HFRP a le 18 desanm 2014, pou pwomouvwa inite familyal e pou sa nou diminye sou kantite tan sitwayen ameriken ak rezidan pèmanan legal yo fè separe avèk manm fanmi yo ki Ayiti. Pwogram lan sipòte tou objektif pi vas pou rekonstriksyon alontèm ak devlopman Ayiti lè nou pèmèt benefisyè Pwogram HFRP yo pou travay Ozetazini e pou yo pote kontribisyon yo Ayiti atravè lajan yo voye, si yo vle fè sa/

Objektif nou se pou pèmèt leplis moun posib pou yo benefisye nan pwogram HFRP a etan n ap konsidere kapasite operasyonèl gouvènman ameriken an, sitou Anbasad amerikèn Pòtoprens la, epi konsidere tou resous ki disponib pou ede benefisyè pwogram yo.

Nou antisipe pou n gen apeprè 5 000 entèvyou pou Pwogram HFRP a chak ane. Volim sa a ka varye chak ane tou depannde kapasite operasyonèl Anbasad amerikèn Pòtoprens la ak kantite moun ki aplike pou pwogram lan lè yo envite yo.

Kijan pou Pwoteje Tèt ou kont Fwòd

Lè w ap kòmanse aplikasyon w lan pou Pwogram HFRP a, sonje byen:

 

  • NVC a pral kontakte w sèlman alekri e li pral voye korespondans sèlman nan yon adrès Ozetazini. NVC kòmanse kontakte demandè elijib yo Ozetazini nan kòmansman mwa mas 2015. Tout priz kontak oswa demann ki fèt anvan dat sa a pat gen otorizasyon nou e yo pa valid. Tanpri ale sou paj wèbRapòt Eskwokri Imigrasyon pou jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou rapòte korespondans ou sispèk ki pa valid.
  • USCIS ak Depatman Deta ankouraje oumenm ak manm fanmi w pou nou rete veyatif sou posibilite ke gen moun ki ka pretann yo se reprezantan gouvènman ameriken epi yo mande w lajan. Moun sa yo, yo rele yo "eskwo", ka eseye twonpe w pou fè w peye yo pou yo ede w ranpli aplikasyon pou Pwogram HFRP a. Pou gen plis enfòmasyon sou eskwokri imigrasyon ki fèt souvan ak sou kijan pou rapòte moun k ap fè eskwokri yo, tanpri ale sou paj wèb nou an Evite Eskwokri.
  • Sitwèb ki fini avèk ".gov" se sitwèb ofisyèl gouvènman an. Enfòmasyon ki sou sitwèb ofisyèl gouvènman ameriken ki fini avèk ".gov" se enfòmasyon ofisyèl e kòrèk. Adrès imèl ofisyèl gouvènman ameriken fini tou avèk ".gov", epi tout korespondans ki soti nan yon adrès ki pa fini avèk ".gov" se pou w sispèk yo.

 

Last Reviewed/Updated: