Kreyòl Ayisyen (Haitian Creole)

Consumer Financial Protection Bureau (Biwo Pwoteksyon Finansye Konsomatè, CFPB) a se nouvo ajans gouvènman federal la ke yo kreye pou fè pwodwi finansye ak sèvis yo travay pou tout moun–ke y’ap achte yon kay, chwazi yon kat kredi, voye lajan bay yon manm lafanmi nan peyi letranje, oswa sèvi avèk lòt pwodwi finansye pou konsomatè.


Nou sipèvize bank, sendika kredi, ak lòt konpayi finansye, epi nou ranfòse lwa finansye yo ki pwoteje w kont pratik enjis, mansonjè, ak abizif yo.

Èske w gen yon pwoblèm avèk yon pwodwi oswa sèvis finansye? Nou vle tande opinyon ou. Yon moun ki pale Kreyòl Ayisyen kapab reponn apèl ou. N ap voye plent ou yo bay konpayi a epi n ap travay di pou jwenn yon repons nan men yo. Ou gen dwa soumèt yon plent konsènan kat kredi, ipotèk, kat ki peye alavans, voye lajan nan peyi letranje, rapò sou kredi, kont oswa sèvis labank, koleksyon dèt, prè ki repeye lè w touche, prè etidyan, prè machin, ak lòt prè konsomatè. Rele CFPB nan (855) 411-2372 epi peze 9.

Èske w bezwen enfòmasyon sou nenpòt sijè sa yo?

Enfòmasyon sou voye lajan (Sending money to another country)

Voye lajan aletranje avèk plis konfyans (Send money abroad with more confidence)

W'ap chèche achte yon ipotèk? (Shopping for a mortgage? What you can expect under federal rules)

Pran aksyon pou anpeche sezi kay – yon lis verifikasyon pou konsomatè (Take control to avoid foreclosure – a checklist for consumers)

Ou genyen yon ipotèk?  (Have a mortgage? What you can expect under federal rules) 

Kisa règ nouvo ipotèk CFPB yo vle di pou fanmi ak mèt kay? (What the new CFPB mortgage rules mean for families and homeowners)

Ti konsèy pou moun k ap chèche achte kay: Pran avantaj dirèktiv ipotèk nouvo CFPB yo (Tips for homebuyers: Make the most of the new CFPB mortgage rules)

Lis Verifikasyon 2014 sou "Kouman pou pran plis avantaj nan ipotèk ou" (The 2014 “Make the most of your mortgage” checklist)

Rezime sou pwosedi CFPB pou anpeche sezi kay (Summary of the CFPB foreclosure avoidance procedures)