Main Content

Siklòn Matthew

Retounen nan Kay ou

Se pou w reflechi sou anpil bagay lè w ap retounen nan kay ou oswa lè w ap gen pou jere sitiyasyon rekonstriksyon apre yon dezas. Resous nou liste pi ba yo ka ede w.

Si ou bezwen lojman touswit, ale nan paj Emergency Shelter nou an.

Jwenn enfòmasyon sou financial resources, ansanm avèk enfòmasyon sou prè lajan pou ede nan ka dezas ke Administrasyon Ti Antrepriz (SBA) ofri pwopriyetè kay ak lokatè.

Retounen nan Kay ou

Recovering from Disaster (PDF, 4 MB) - Jwenn konsèy pou ou menm ak fanmi w sou kesyon sekirite, lasante, ak byennèt mantal apre yon dezas. Gid sila a ofri w konsèy pou lè w ap retounen nan kay ou, sou kijan pou jwenn èd, jere sitiyasyon an, ak kijan pou ede zòt. (FEMA)

Returning Home Guidelines - Jwenn enfòmasyon sou kisa ou ta dwe fè anvan ou antre nan kay ou apre yon dezas. Lè ou antre andedan an, se pou konnen ki bagay pou veye. Epitou, w ap jwenn enfòmasyon sou bagay ou ka bezwen kenbe yon rapò pou yo, pou kesyon asirans. (Ready.gov)

Jwenn yon moun pwòch ou

Apre yon dezas, li enpòtan pou chèche pran kontak ak zanmi ak fanmi w pou fè yo konnen ke ou an sekirite. Medya sosyal se yon zouti ekselan pou kominike avèk zòt pou fè yo konnen kijan w ye, e Red Cross Safe and Well websitese yon lòt zouti ki ekselan tou. Itilize li pou anrejistre tèt ou kòm "an sekirite e byen (safe and well,)", oswa ale nan bazdone a pou chèche zanmi w ak fanmi w.

Si pitit ou disparèt, oswa si yon timoun w ap okipe disparèt, ou ka rele National Center for Missing and Exploited Children nan nimewo 1-800-THE-LOST (1-800-843-5678).

Kijan pou Ede

Pote w Volontè epi Fè Don Defason Responsab

Lè yon dezas frape, moun toujou vle ede, men byen souvan yo pa konnen ki kote pou yo kòmanse. Tanpri follow our guidelines pou aprann konnen fason ki pi efikas e ki pi an sekirite pou fè don lajan kach, atik, ak tan ou, apre yon dezas.

Don San 

Yo ka anile sèten kòlèk san ke yo te pwograme fè nan zòn dezas la afekte yo, sa ki ka vin lakòz yon mankman san. Ou ka ede. Find your local blood donation center.

Fè Volontarya

Apre yon dezas, gen plizyè òganizasyon tankou Lakwa Wouj k ap bezwen èd. Find out how you can volunteer.

Epitou ou ka kontakte local chapter of Voluntary Organizations Active in Disaster (VOAD)nan zòn kote w ye a. Yo ka mete w an kontak avèk plizyè òganizasyon k ap travay sou plas e ki bezwen volontè. Nan zòn Siklòn Matye afekte yo:

Fè Atansyon avèk Fwòd ak Eskwokri Lè W ap Chèche Èd nan Ka Dezas

Etan ajan gouvènemantal ak gwoup charitab yo ap kòmanse bay asistans nan ka dezas, malfektè, vòlè idantite ak lòt kriminèl ka eseye sible sivivan ki vilnerab yo. Pratik fwòd ki fèt pi souvan apre dezas gen ladan l fo enspektè kay, kontraktè imèb k ap fè fwòd, fo demann pou don nan ka dezas, ak fo òf èd leta oswa federal.

Fiksasyon Pri 

Sivivan yon dezas natirèl ka tounen sib pou move pratik, tankou fiksasyon pri. Fiksasyon pri fèt se lè yon founisè fikse pri yon atik pi wo lontan pase sa li peye toutbon pou atik la. Sivivan yo siseptib sitou paske bezwen yo genyen yo se bezwen imedya, e yo pa gen anpil lòt chwa. Si ou wè gen fiksasyon pri k ap fèt, kontakte Biwo Pwokirè Jeneral nan eta w la.

Sivivan yo dwe konnen:

  • Travayè federal ak travayè leta yo pa janm mande, ni yo pa janm aksepte lajan, lèfini yo toujou mache ak badj idantifikasyon yo
  • Pa gen OKENN FRÈ ki egzijib pou aplike pou oswa pou resevwa asistans nan ka dezas nan men FEMA, nan men Administrasyon Ti Antrepriz Lèzetazini, oswa nan men eta a
  • Tantativ eskwokri yo ka fèt nan telefòn, pa imèl, pa lapòs, pa tèks, oswa an pèsòn

Malerezman, sanble pa gen okenn limit sou nivo kreyativite moun k ap kòmèt zak fwòd yo. N ap mande sivivan Siklòn Matye yo pou yo rete vijilan, pou yo poze kesyon e pou yo egzije moun k ap fè konnen yo se reprezantan gouvènman, pou yo prezante pyès idantifikasyon ki gen foto yo sou li.

Kijan pou Jere Kontraktè yo:

Sivivan yo dwe suiv sèten etap pou yo pwoteje tèt yo e pou yo evite ke yo viktim zak fwòd lè y ap anboche kontraktè pou netwaye pwopriyete yo, retire debri oswa fè reparasyon.

Règ senp pou evite vin yon viktim fwòd:

  • Itilize sèlman kontraktè ki gen lisans nan eta kote w ye a
  • Mande yon estimasyon ekri epi pran plizyè estimasyon nan men kontraktè diferan
  • Egzije epi verifye referans yo
  • Mande pou yo ba w prèv asirans
    • sètadi, asirans sou responsabilite sivil ak Asirans pou Konpansasyon Travayè
  • Ensiste pou w resevwa yon kontra ekri epi refize siyen yon kontra ki gen espas blanch
  • Mande pou yo ekri sou papye tout garanti yo di y ap bay yo
  • Fè peman final yo sèlman apre tout travay la fin fèt
  • Peye avèk chèk labank.

Pi bon fason pou evite fwòd se pou pwoteje tèt ou kont li lè ou kenbe yon lis verifikasyon ki pou fè w sonje sa w dwe egzije lè w ap anboche yon kontraktè.

Eskwokri nan Fè Don Charitab

Yon lòt fason pou ede sivivan yo se nan fè don lajan kach oswa don atik pou ede avèk efò y ap mennen pou pote asistans nan ka dezas la. Se pou w veye zak eskwokri pandan yon ka dijans. Learn more about donating.

Si ou okouran ka gen yon zak eskwokri k ap fèt pou charite nan yon eta Siklòn lan afekte, ou ka rapòte l bay biwo afè konsomatè oswa biwo pwokirè jeneral la:

Nou ankouraje moun ki gen dout sou validite yon kontak oswa moun ki sispèk fwòd, pou yo rele Liy Asistans nan Ka Dezas pou FEMA a, nan nimewo pou apèl gratis la ki se 866-720-5721. Ou ka pote plent tou lè w kontakte ajans lokal ki responsab pou ranfòse lalwa.

Last Updated: 
10/13/2016 - 09:56