Main Content

REKIPERE APRE KATASTWÒF

Picture of FEMA Mobile Disaster Recovery Center banner hanging up at a FEMA support site

Anjeneral, retounen nan aktivite apre yon katastwòf se yon pwosesis ki fèt ofi-amezi. Sekirite se yon premye pwoblèm, menm jan ak byennèt mantal ak fizik. Si gen asistans ki disponib, si ou konnen kijan pou jwenn li sa ap fè pwosesis li pi rapid ak mwens estresan. Seksyon sa a bay kèk konsèy jeneral sou etap pou fè apre katastwòf la fin frape pou kapab kòmanse ale lakay ou, nan kominote ou, epitou pou kapab retounen nan lavi nòmal ou.