Main Content

Plan pou Pozisyon yo

Menmsi gen avètisman pou anpil kalite katastwòf posib, gen anpil ijans ak katastwòf ki frape san okenn avètisman. Paske ou pa kapab prevwa kote w ap ye pou katastwòf yo, li enpòtan pou gen plan ak rezèv pou kote oumenm ak moun lakay ou souvan.  Si ou planifye davans sa ap asire oumenm ak moun lakay ou ap konnen kisa pou fè, epi ou dwe gen rezèv ou bezwen pou rete an sekirite kèlkeswa kote ou ye.

Moun ak moun nan kay yo ta dwe konsidere kote yo ye souvan; chèche konnen ki plan ki disponib pou kote sa yo, epi adapte plan pèsonèl yo ak plan moun lakay yo selon sa moun lakay yo ta fè si te gen yon ijans pandan yo te nan kote sa a. Men kèk egzanp kote pou anvizaje epi pou planifye pou yo:

  • Lakay ou
  • Espas travay
  • Machin
  • Metòd regilye transpò tankou tren, transpò komen lavil ak banlye
  • Lekòl
  • Espas Kote yo Pratike Relijyon
  • Espas pou espò ak teren jwèt
  • Kote ki gen amizman tankou teyat
  • Zòn pou achte tankou sant komèsyal ak sant lavant an detay
  • Kote ki gen touris ak vwayaj tankou otèl

Kreyasyon plan yo pou diferan kote ap lakòz ou chèche jwenn enfòmasyon enpòtan sou òganizasyon oswa sou kreyasyon plan manadjè yo pou kote yo. Nan kèk ka, si plan yo pa disponib, sa ka lakòz ou travay avèk manadjè bilding nan oswa avèk lòt manm òganizasyon an pou devlope oswa pou agrandi plan yo. Men kèk enfòmasyon ou ta dwe konsidere:

  • Fason oumenm ak lòt moun ki la yo ap resevwa alèt oswa avètisman lokal yo pandan ou nan kote a
  • Sistèm alam oswa alèt pozisyon bilding nan
  • Plan pou moun ki nan bilding nan sòti ak lòt kote pou yo sòti tou
  • Plan bilding nan oswa òganizasyon an pou bay abri pou moun ki la yo nan yon ijans
  • Rezèv enpòtan oumenm/moun lakay ou ak lòt moun ta bezwen pou abri pwovizwa

Planifikasyon an ta dwe konsidere tou kijan kalite estrikti oswa anviwònman ki toutotou fondasyon an oswa kote a ka afekte alèt yo ak avètisman yo, abri a oswa deplasman moun yo, ak bezwen pou rezèv. Men kèk egzanp konsiderasyon pou kalite fondasyon oswa anviwònman ki toutotou kote a:

  • Bilding yon sèl balkon parapò ak bilding plizyè balkon oswa bilding ki wo anpil gen diferan kalite sistèm alam, konsiderasyon pou abri ak deplasman.
  • Zòn lavi ak zòn riral ka gen diferan sipozisyon lokal ak plan pou deplasman sin gwo zòn yo afekte.
  • Bilding tankou lekòl, espas kote yo fè espò ak sant komèsyal ka gen diferan plan pou deplasman ak abri selon fondasyon espesifik bilding nan, epi pètèt bon metòd pou deplasman oswa kote ki pwoteje pou abri pou diferan kalite ijans, pa egzanp tònad
  • Kote ki deyò tankou teren oswa teren gòlf bezwen plan espesifik pou abri rapid akoutèm, pa egzanp, pou loraj ak kout-zèklè oswa tònad
  • Jewografi ka enpòtan pou kèk danje, pa egzanp, si zòn nan ba epi frajil pou inondasyon sanzatann

Kay-sou-woulèt, fondasyon modilè ak lòt bilding ki pa tache nan fondasyon pèmanan bezwen planifikasyon pou deplasman ak lòt kote pou abri