Main Content

Plan pou Pwoteje Tèt ou ak Fanmi Ou

Fanmi chita alantou yon tab kwizin ekri yon plan ijans

Prepare tèt ou ak fanmi ou pou yon katastwòf avèk yon plan ou fè pou ijans.

Telechaje Plan Fanmi pou Ijans (FEP) (PDF), enprime paj yo, epi ranpli yo san ou pa konekte nan Entènèt.

Planifikasyon ou pou ijans ta dwe konsidere tou swen bèt kay, fason pou ede manm fanmi ou ki gen bezwen pou aksè ak bezwen fonksyonèl ak fason pou fèmen sèvis piblik yo san pwoblèm.

Ou ka vle konnen tou plan pou ijans yo nan travay, gadri ak lekòl. Si pa gen plan, anvizaje sèvi kòm volontè pou kreye youn. Li plis enfòmasyon sou plan pou lekòl ak espas travay.

Depi ou fin pran enfòmasyon enpòtan sa yo, rasanble manm fanmi ou epi diskite sou enfòmasyon pou mete nan plan an. Pratike plan ou omwen de fwa chak ane, epi fè chanjman ladan selon nenpòt pwoblèm ki genyen.