Main Content

Lekòl ak Espas Travay

Menm jan ak moun ak fanmi yo, lekòl yo, founisè sèvis gadri, espas travay yo, katye yo ak bilding ki gen apatman yo, yo tout ta dwe genyen plan espesifik pou espas yo.

Mande enfòmasyon sou plan nan espas kote fanmi ou pase pifò tan yo: travay, lekòl ak lòt kote yo ale souvan. Si pa gen okenn plan, anvizaje sèvi kòm volontè pou devlope youn. W ap prepare pi byen pou reyini fanmi ou ak moun ou yo san pwoblèm pandan yon ijans si ou reflechi davans ak kominike davans avèk lòt yo.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou travay ansanm, ale sou Entènèt nan seksyon sitwèb Citizen Corps

Kesyon pou Lekòl ak Gadri yo

Si ou se yon paran, oswa gadyen legal yon granmoun aje oswa yon adilt andikape, asire lekòl yo ak founisè sèvis gadri yo gen plan repons pou ijans.

Ale sou Entènèt nan seksyon sitwèb Ready Kids pou jwenn plis enfòmasyon.

  • Mande kijan y ap kominike avèk fanmi yo pandan yon kriz.
  • Mande si yo konsève manje, dlo ak lòt rezèv debaz ki apwopriye.
  • Chèche konnen si yo prepared pou "pran refij anplas" si li nesesè, ak kote yo planifye pou ale si yo dwe deplase.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou devlope plan preparasyon pou lekòl yo, tanpri ale sou Entènèt nan sitwèb Depatman Edikasyon Etazini.

Kesyon pou Espas Travay yo

Si ou se yon patwon, asire espas travay ou gen yon plan pou sòti nan bilding nan, epitou asire anplwaye yo pratike plan sa a souvan.

Ale sou Entènèt nan seksyon sitwèb Ready Business pou jwenn plis enfòmasyon.

Verifye sistèm chofaj, sistèm ayerasyon, ak sistèm è-kondisyone pou detèmine si yo estab oswa si yo kapab modènize pou yo kapab pi byen filtre posib kontaminan yo, epitou pou asire ou konnen kijan pou fèmen yo si ou bezwen fè sa.

Reflechi sou kisa pou fè si anplwaye ou yo pa kapab ale lakay yo.

Asire ou gen rezèv apwopriye anplas.

Li plis enfòmasyon nan Prepare Yon Twous ak Lè pou pa Bouje. Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou travay ansanm, ale sou Entènèt nan seksyon sitwèb Citizen Corps ak nan seksyon sitwèb Katye ak Apatman nou.