Main Content

Anjen Dispèsyon Radyolojik (RDD)

Prekosyon – Danje Radyasyon - siy avètisman

Itilizasyon teworis yon RDD — ki rele souvan “zam nikleyè sal” oswa “bonm sal” — konsidere pi plis nèt pase itilizasyon yon anjen nikleyè eksplozif. Yon RDD melanje avèk yon anjen eksplozif konvansyonèl — tankou yon bonm — avèk materyèl radyo-aktif. Li deziyen pou epapiye kantite materyèl danjere ak grav sou yon zòn jeneral. RDD sa yo tante teworis yo paske yo bezwen konesans teknik limite pou bati ak deplwaye yo parapò ak yon anjen nikleyè. Epitou, yo itilize materyèl radyo-aktif ki nan RDD yo anjeneral nan lamedsin, agrikilti, endistri ak rechèch, epi materyèl sa yo pi fasil pou jwenn pase iranyòm oswa plitonyòm ki kapab sèvi pou fè zam.

Rezon prensipal ki fè teworis itilize yon RDD se pou lakòz laperèz sikolojik ak pètibasyon ekonomik. Kèk anjen kapab lakòz anpil moun mouri poutèt yo ekspoze nan materyèl radyo-aktif. Selon vitès yo deplase moun ki zòn nan detonasyon RDD a oswa si moun yo te pran abri anplas avèk siksè, kantite lanmò ak chòk nan yon RDD ta ka pa pi gran pase eksplozyon yon bonm konvansyonèl.

Dimansyon zòn ki afekte a ak nivo destwiksyon yon RDD lakòz ta depannde sofistikasyon ak dimansyon bonm konvansyonèl la, kalite materyèl radyo-aktif yo itilize a, ak kondisyon metewolojik zòn nan - sitou van ak presipitasyon. Yo kapab mete zòn ki afekte a entèdi pou piblik la pandan plizyè mwa pandan efò y ap fè pou netwaye.

Anvan

Yon travayè ap egzamine materyèl radyo-aktifAnvan yon Evènman RDD

Pa gen fason pou konnen ki kantite tan avètisman k ap genyen anvan yon atak teworis k ap itilize yon Anjen Dispèsyon Radyolojik (RDD), kidonk li enpòtan pou prepare davans ak pou konnen kisa pou fè ak kilè. Pou prepare pou yon evènman RDD, ou ta dwe fè sa ki anba la a:

  • Prepare yon Twous Rezèv pou Ijans, ki genyen ladan atik tankou manje ki p ap gate, dlo, ak yon radyo ki fonksyone avèk pil oswa avèk manivèl, flach ak pil siplemantè. Epitou mete ladan:
    • Yon woulo adeziv twal ak sizo.
    • Pandan peryòd gwo menas yo ogmante rezèv ou pou katastwòf pou ka siviv pandan apeprè de (2) semèn.
  • Fè yon Plan Kominikasyon pou Fanmi ou. Fanmi ou ka pa ansanm lè gen yon katastwòf, poutèt sa li enpòtan pou konnen kijan youn ap kontakte lòt, kijan n ap tounen ansanm ak sa w ap fè sizoka gen yon ijans.
    • Plan mete kote fanmi ou ap reyini, nan ak deyò katye imedyat ou.
    • Li kapab pi fasil pou fè yon apèl entè-iben pase pou rele nan vilaj la, kidonk yon kontak deyò vil la kapab nan yon pi bon pozisyon pou kominike avèk manm fanmi ki separe yo.
    • Ou kapab vle chèche enfòmasyon tou sou plan nan kote fanmi ou yo pase tan: travay, gadri ak lekòl. Si pa gen plan, anvizaje sèvi kòm volontè pou kreye youn.
    • Ou dwe konnen sistèm avètisman ak plan katastwòf kominote ou.
    • Fè travayè sosyal ak founisè sèvis gadri yo konnen plan ou.
    • Fè plan pou bèt kay ou.
    • Chwazi yon chanm andedan pou pran abri, pito youn nan chanm ki pa gen fenèt.
  • Chèche konnen si ofisyèl yo te deziyen nenpòt bilding piblik nan kominote ou kòm abri anti-atomik. Si yo pa t deziyen okenn, fè lis abri posib pa ou toupre lakay ou, espas travay ou, ak lekòl ou. Kote sa yo ta gen sousòl oswa zòn santral san fenèt nan etaj mitan nan bilding ki wo anpil ak nan metwo ak tinèl.
  • Si w ap viv nan yon bilding ki gen apatman oswa nan yon bilding ki wo anpil, pale avèk manadjè a sou kote ki pi an sekirite nan bilding nan pou pran abri, ak sou fason pou satisfè bezwen moun ki nan bilding nan jouk lè pa gen pwoblèm pou sòti deyò.

Li trè nesesè pou pran abri pandan evènman RDD. Gen de (2) kalite abri - abri pou eksplozyon ak abri pou konsekans nikleyè. Sa ki anba la a dekri de (2) kalite abri yo:

  • Abri pou eksplozyon yo konstwi sitou pou ofri pwoteksyon kont presyon eksplozyon an, radyasyon inisyal, chalè ak dife. Men, menm yon abri pou eksplozyon pa kapab reziste kont yon frap dirèk nan yon eksplozyon nikleyè.
  • Abri pou konsekans nikleyè pa bezwen konstwi sitou pou bay pwoteksyon kont konsekans nikleyè. Yo kapab nenpòt espas ki pwoteje, depi miray yo ak twati a epè ak ajiste ase pou abòde radyasyon ki degaje nan patikil konsekans nikleyè yo.

Pandan yon Evènman RDD

Alòske eksplozyon an ap vizib kanmenm imedyatman, prezans radyasyon an p ap defini aklè jouk lè anplwaye antrene ki gen ekipman espesyalize rive nan zòn nan. Kit ou andedan kit ou deyò, lakay ou oswa nan travay ou, ou dwe pran plis prekosyon. Li ta pi bon pou sipoze gen kontaminasyon radyolojik - sitou nan yon anviwònman lavil oswa toupre lòt kote ki ka sib teworis yo - epitou ou dwe pran bon jan prekosyon. Menm avèk nenpòt radyasyon, ou vle pou pa ekspoze ditou oswa pou pa ekspoze twòp. Sa vrè sitou pou inalasyon pousyè radyo-aktif ki lakòz eksplozyon an. Pandan w ap chèche abri nan nenpòt kote (andedan oswa deyò), epi gen pousyè oswa lòt kontaminan ki vizib nan lè a, respire nan twal chemiz ou oswa manto ou pou pa ekspoze twòp. Si ou fè tout sa ou kapab pou pa respire pousyè radyo-aktif la, paske ou pre avèk patikil radyo-aktif yo sa ka toujou lakòz ou ekspoze nan radyasyon an.

Si eksplozyon an oswa degajman radyolojik yo antre andedan an, sòti imedyatman epi chèche yon abri ki pwoteje. Sinon, si ou:

DEYÒANDEDAN

Chèche abri andedan an imedyatman nan bilding pi pre ki pa domaje a.

Si pa gen abri apwopriye, kouvri nen ou ak bouch ou, epi deplase vit otank posib paske li bon pou rete nan direksyon ki opoze avèk van an, lwen kote ki te gen eksplozyon an. Answit, chèche abri apwopriye san pèdi tan.

Koute eksplikasyon ofisyèl yo epi swiv enstwiksyon yo.

Si ou gen tan, fèmen sistèm ayerasyon an ak chofaj la, fèmen fenèt yo, bouch ayerasyon yo, rejis chemine a, vantilatè sòti yo, ak kanal ayerasyon sechwa rad yo. Chèche jwenn twous rezèv ou pou katastwòf ak radyo ki fonksyone avèk pil ou, epi pote yo nan chanm abri a.

Chèche abri imedyatman, pito anba tè oswa nan yon chanm anba tè andedan yon bilding, pou separe avèk tout kantite distans ak plis pwoteksyon otank posib ant ou ak deyò a kote ka gen materyèl radyo-aktif.

Bouche fenèt ak pòt deyò ki pa byen ajiste avèk adeziv twal pou diminye enfiltrasyon patikil radyo-aktif yo. Bach plastik p ap bay pwoteksyon kont radyo-aktivite ni kont efè eksplozyon lè gen yon eksplozyon ki fèt toupre.

Koute eksplikasyon ofisyèl yo epi swiv enstwiksyon yo.

 

Apre yon Evènman RDD

Apre ou fin jwenn abri ki pwoteje, moun ki te ka ekspoze nan materyèl radyo-aktif yo ta dwe dekontamine tèt yo. Pou fè sa, retire rad ou epi mete li nan sache (epi izole sache a lwen ou ak lòt moun), epitou benyen nèt avèk savon ak dlo./ Chèche swen medikal apre ofisyèl yo endike pa gen pwoblèm pou sòti na abri a.

Kontaminasyon nan yon evènman RDD kapab afekte yon gwo zòn, selon kantite eksplozyon konvansyonèl ki itilize yo, kantite ak kalite materyèl radyo-aktif ki degaje a, ak kondisyon metewolojik yo.

Kidonk, to disparisyon radyasyon pa menm, men radyasyon nan yon RDD ap gen chans pou pran plis tan pou disparèt akòz yon pi gwo konsantrasyon materyèl radyo-aktif lokal ki posib.

Swiv lòt gid sa yo apre yon evènman RDD:

  • Kontinye koute radyo oswa gade televizyon pou jwenn enstwiksyon ofisyèl lokal yo, si ou te deplase oswa si ou te pran abri anplas.
  • Pa retounen nan kote ki te gen ensidan RDD a oswa pa vizite kote a pou okenn rezon.

Plis Enfòmasyon

Piblikasyon

Si ou bezwen plis enfòmasyon sou nenpòt nan sijè sa yo, resous ki anba la yo ka ede ou.

Sitwèb Asosye

Ale sou Entènèt nan sitwèb ki anba la yo pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou planifye ak prepare pou yon RDD ak sou fason pou konnen resous ki disponib yo:

Koute Ofisyèl lokal yo

Aprann kichòy sou plan pou ijans yo gouvènman eta ak gouvènman lokalkreye nan zòn ou. Nan nenpòt ijans, toujou koute enstwiksyon ofisyèl jesyon ijans lokal yo bay.