Main Content

Prepare Teknoloji Ou

Dapre Lakwa-Wouj Ameriken, Entènèt - ansanm avèk nouvo sitwèb ak platfòm medya sosyal ki nan Entènèt - se twazyèm fason ki pi popilè pou Ameriken yo rasanble enfòmasyon sou ijans, epi pou fè manm fanmi yo konnen yo pa nan danje.

Avèk itilizasyon teknoloji chak jou, moun yo, fanmi yo, sekouris yo ak òganizasyon yo kapab prepare yo avèk siksè pou deranjman ki gen nan ijans yo ak/oswa nan katastwòf yo, adapte yo avèk deranjman an, epi reprann aktivite yo apre deranjman an. Avèk planifikasyon efikas, li posib pou pran avantaj teknoloji anvan, pandan ak apre yon kriz pou kominike avèk manm fanmi ou, epitou pou kontwole afè finansye ou.

Mesaj Tèks FEMA

Itilize ladrès mesaj tèks telefòn selilè ou pou resevwa dènye enfòmasyon nan mesaj tèks FEMA (ou ka gen pou peye tarif nòmal pou mesaj ak done).

Men kèk kòmann debaz pou kòmanse:

  • Pou enskri pou resevwa konsèy sou preparasyon chak mwa: voye tèks PREPARE nan 43362 (4FEMA)
  • Pou anile enskripsyon ou (nenpòt kilè): voye tèks STOP nan 43362 (4FEMA)

Rete konekte

Toujou gen dènye kontak yo nan toutmwayenou yo, tankou telefòn, imèl ak medya sosyal. Sa ap fè li fasil pou kontakte moun ou bezwen yo byen vit pou jwenn enfòmasyon ak dènye previzyon metewolojik yo. Anvizaje kreye yon lis mesajri an gwoup nan kontak prensipal ou yo.

  • Aprann kijan pou voye dènye enfòmasyon nan tèks ak nan Entènèt nan telefòn mobil ou ak nan mwayen sosyal ou sizoka kominikasyon avèk vwa ou pa disponib. Mesaj tèks ak Entènèt souvan gen mwayen pou travay sizoka yon sèvis telefòn pa travay.
  • Konsève batri siplemantè pou telefòn ou yon kote ki pwoteje oswa achte yon chajè ki fonksyone avèk enèji solè oswa yon chajè ki gen manivèl. Chajè sa yo se bon zouti pou ijans pou kenbe òdinatè pòtatif ou ak lòt ti aparèy elektwonik travay sizoka gen yon blakawout. Si ou posede yon vwati, achte yon chajè telefòn pou vwati paske ou kapab chaje telefòn ou si pa gen kouran lakay ou.
  • Pwograme kontak "In Case of Emergency" (ICE) nan telefòn selilè ou pou anplwaye ijans yo kapab kontakte moun sa yo pou ou si ou pa kapab itilize telefòn ou. Fè kontak ICE ou yo konnen ou pwograme yo na telefòn ou, epitou fè yo konnen nenpòt pwoblèm medikal ak lòt bezwen espesyal ou ka genyen.
  • Si ou gen yon liy telefòn tradisyonèl (ki pa bann laj oswa VOIP), kenbe omwen yon reseptè ki pa san fil lakay ou paske l ap travay menmsi ou pa gen kouran.
  • Si ou deplase epi ou gen ranvwa otomatik apèl nan telefòn lakay ou, voye nimewo telefòn lakay ou nan nimewo telefòn selilè ou.
  • Si ou pa gen yon telefòn selilè, kenbe yon kat telefòn ki peye davans pou itilize si li nesesè pandan ak apre yon katastwòf.
  • Prepare yon fèy kontak pou fanmi ou. Fèy kontak sa a ta dwe gen ladan omwen yon kontak deyò vilaj la ki ka pi anmezi pou kontakte manm fanmi yo nan yon ijans.
  • Mete yon radyo oswa televizyon ki fonksyone avèk batri oswa yon radyo oswa televizyon ki gen manivèl disponib (avèk batri derezèv).

Sa ki anba la yo se lòt konsèy pou lè w ap fè koutfil ak pou lè w ap itilize telefòn entèlijan ou pandan oswa apre yon katastwòf:

  • Pase yon tan kout nan tout apèl telefonik yo. Si ou bezwen itilize yon telefòn, eseye transmèt enfòmasyon enpòtan sèlman ba anplwaye ijans yo ak/oswa fanmi ou.
  • Si ou pa kapab fè yon koutfil avèk telefòn entèlijan ou, rete tan dis (10) segonn anvan ou re-konpoze nimewo a pou ede redui blokaj rezo a.
  • Konsève batri telefòn selilè ou. Pou fè sa, redui entansite limyè ekran ou, mete telefòn ou nan yon mòd avyon, epi fèmen aplikasyon ou p ap itilize k ap rale kouran an, sof si ou bezwen itilize telefòn nan.
  • Si ou pa gen kouran, ou kapab chaje telefòn selilè ou nan vwati ou. Senpleman asire vwati ou nan yon kote ki byen ayere (retire li nan garaj la) epi pa ale nan vwati ou jouk lè danje a pase. Ou kapab koute radyo vwati ou tou pou alèt yo bay nan nouvèl enpòtan yo.
  • Si ou pa gen yon aparèy san fil nan vwati ou, sispann kondi oswa kanpe sou kote wout la anvan ou fè yon apèl. Pa voye tèks nan yon telefòn selilè, pa pale, oswa pa "tweet" san yon aparèy san fil pandan w ap kondi.
  • Imedyatman apre yon katastwòf, pa itilize aparèy mobil ou pou gade videyo an tranzit, pou telechaje mizik oswa videyo, oswa pou jwe jwèt videyo, tout sa kapab agrave blokaj rezo a. Si ou itilize sèvis sa yo avèk limit sa kapab pètèt ede apèl y ap fè pou ijans pou sove lavi moun pase nan 9-1-1.
  • Pou kominikasyon ki pa ijan yo, itilize mesajri tèks, imèl, oswa medya sosyal olye ou fè apèl avèk vwa ou nan telefòn selilè ou pou evite blokaj rezo vwa yo. Sèvis ki baze nan done tankou tèks ak imèl gen mwens chans pou gen blokaj rezo. Ou kapab itilize medya sosyal tou pou anonse sitiyasyon ou pou fè fanmi ou ak zanmi ou konnen ou pa gen pwoblèm. Anplis Facebook ak Twitter, ou kapab itilize resous tankou pwogram Safe and Well Lakwa-Wouj Ameriken.

Òganize Ou

Mete dokiman enpòtan yo tankou dosye pèsonèl ak dosye ki nan yon zòn ki pwoteje avèk modpas nan the Cloud oswa nan yon kle USB oswa nan yon kle estokaj ou kapab mete disponib san pwoblèm. Ou kapab kenbe kle USB a nan yon twous kle pou kapab konekte li nan nenpòt òdinatè, nenpòt kilè, nenpòt kote. Sonje dokiman enpòtan yo, tankou:

  • Asirans pèsonèl ak asirans kay
  • Idantifikasyon: Lisans chofè/paspò (pou manm fanmi ou tou)
  • Enfòmasyon Operasyon Labank ou

Pa bliye bèt kay ou!

  • Konsève dokiman dosye medikal veterinè bèt kay ou nan Entènèt.
  • Konsidere yon enplant dijital enfòmasyon yo.
  • Mete yon dènye foto bèt kay ou nan yon twous nan Entènèt pou ede ou nan idantifikasyon an si ou separe avèk li.

Fanmi ou kapab pa ansanm lè katastwòf la frape, kidonk li enpòtan pou ou planifye davans. Kreye yon Dokiman Enfòmasyon pou Ijans oswa yon Plan Kominikasyon Fanmi pou note fason youn ap kontakte lòt; fason n ap retounen ansanm; ak sa n ap fè nan diferan sitiyasyon yo.

  • Asire ou distribiye dokiman sa a ba manm fanmi ou, zanmi ou, ak kamarad travay ou k ap bezwen jwenn li tou nan yon ijans oswa nan yon kriz.
  • Lè w ap trete enfòmasyon pèsonèl ak enfòmasyon sansib yo, toujou kenbe done ou yo an sekrè, epi divilge yo sèlman ba moun k ap bezwen jwenn yo sizoka gen yon ijans.

Enskri pou Depo Dirèk ak operasyon labank elektwonik nan enstitisyon finansye ou pou ou kapab jwenn lajan pewòl ou, epitou pou ou kapab fè peman elektwonik kèlkeswa kote ou ye. Moun k ap resevwa avantaj federal yo kapab enskri depi yo rele (800) 333-1795 oswa depi yo ale sou Entènèt nan sitwèb www.GoDirect.org.

Resous pou Ijans

Mete sitwèb sa yo nan Dokiman Enfòmasyon pou Ijans ou pou asire ou kapab jwenn yo nan nenpòt òdinatè oswa telefòn selilè.

Plis Enfòmasyon

Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason itilizatè sitwèb yo depannde medya sosyal yo anpil nan katastwòf, tanpri ale sou Entènèt nan sitwèb Lakwa-Wouj.

Avètisman: Yo te kreye Ready.gov/tech nan tèt ansanm avèk Google Crisis Response ak Lakwa-Wouj Ameriken. Si ou gen lòt konsèy pou mete, tanpri kontakte nou. FEMA pa sipòte okenn òganizasyon, pwodui oswa sèvis ki pa asosye avèk gouvènman federal.