Main Content

Fè Yon Plan

Yon fanmi ki fè yon plan-dijans ansanm

Fè Yon Plan

Fanmi ou ka pa ansanm lè gen yon katastwòf, kidonk li enpòtan pou planifye davans: fason w ap jwenn yon bon kote; fason youn ap kontakte lòt; fason n ap retounen vin ansanm; sa w ap fè nan sitiyasyon diferan yo. Li plis enfòmasyon sou Kominikasyon Fanmi pandan yon ijans.

Ready.gov fè li senp pou ou fè yon plan pou fanmi ou lè gen yon ijans. Telechaje Plan pou Fanmi lè gen Ijans (FEP) (PDF), epi ranpli seksyon yo anvan ou enprime li, oswa anvan ou imèl li ba fanmi ak zanmi ou.

Ou ta dwe pran ransèyman sou  plan pou ijans yo nan kote fanmi ou pase tan: travay, gadri ak lekòl, òganizasyon relijye, aktivite espòtif ak deplasman nan sèvis transpò. Si pa gen plan, anvizaje sèvi kòm volontè pou kreye youn. Pale avèk responsab kominote a, kamarad ou yo, vwazen ou yo ak manm òganizasyon relijye oswa sivik ou sou fason ou nou kapab travay ansanm sizoka gen yon ijans. W ap prepare pi byen pou reyini fanmi ou ak moun ou yo san pwoblèm pandan yon ijans si ou reflechi davans ak kominike davans avèk lòt yo. Li plis enfòmasyon sou plan pou lekòl ak espas travay.