Main Content

Gid Sante ak Sekirite

Anjeneral, retounen nan aktivite apre yon katastwòf se yon pwosesis ki fèt ofi-amezi. Sekirite se yon premye pwoblèm, menm jan ak byennèt mantal ak fizik. Si gen asistans ki disponib, si ou konnen kijan pou jwenn li sa ap fè pwosesis li pi rapid ak mwens estresan.

Premye enkyetid ou apre yon katastwòf se sante ak sekirite fanmi ou. Ou bezwen konsidere pwoblèm sekirite posib ak kontwole sante ak byennèt fanmi ou.

Ede moun ki Blese

Yon moun ap resevwa swen medikal apre yon katastwòf. Bay premye swen an epi chèche swen medikal pou nenpòt moun ki pran chòk apre yon katastwòf.

  • Tchèk pou chòk. Pa eseye deplase moun ki pran chòk grav yo sof si yo nan danje imedyatman pou mouri oswa pou pran lòt chòk. Si ou dwe deplase yon moun ki pèdi konesans, toudabò estabilize kou a ak do a, epi mande èd imedyatman.
  • Si viktim nan pa respire, avèk anpil prekosyon mete li nan pozisyon pou respirasyon atifisyèl, netwaye gòjèt li, epi kòmanse re-animasyon bouch-nan-bouch.
  • Konsève tanperati kò a avèk dra. Asire viktim nan pa vin twò cho.
  • Pa janm eseye bay yon moun ki pèdi konesans bwè likid.

Sante

  • Foto bòt kawotchou sekirite yon nonm, pandan li kanpe nan dlo k ap kouriLave men ou nèt avèk savon ak dlo pwòp souvan lè w ap travay nan debri yo.
  • Pran prekosyon ou avèk gwo-gwo fatig. Pa eseye fè twòp bagay alafwa. Fikse priyorite yo epi fasilite tèt ou. Repoze ou ase.
  • Bwè anpil dlo pwòp. Manje byen.
  • Mete bòt travay ak gan solid.

Pwoblèm Sekirite

Yon machin ki sou yon wout ki kraze nan dlo rankontre yon liy kouran nan dlo a. Sonje pwoblèm sekirite yo apre yon katastwòf.

  • Sonje nouvo pwoblèm sekirite katastwòf lakòz. Siveye wout ki kraze nan dlo, bilding ki kontamine, dlo ki kontamine, fuit gaz, vit ki kraze, enstalasyon elektrik ki domaje ak planche ki glise.
  • Fè otorite lokal yo konnen pwoblèm sante ak sekirite, tankou sibstans chimik ki tonbe atè, liy kouran ki nan dlo, wout ki kraze nan dlo, izolan k ap boule ak bèt ki mouri.