Main Content

Konsiderasyon Pou...

Pandan w ap prepare, adapte plan ak rezèv ou yo pou bezwen ak responsablite espesifik ou pou viv chak jou. Pifò oswa tout moun gen alafwa bezwen pèsonèl espesifik ak resous pou ede lòt moun. Oumenm ak moun lakay ou ak lòt moun w ap ede oswa ki depannde èd la ta dwe travay ansanm.

Lè w ap adapte plan ou yo, anvizaje travay avèk lòt moun pou kreye rezo vwazen, manm fanmi, zanmi ak kamarad travay k ap bay èd youn pou lòt nan yon ijans. Diskite sou bezwen ak responsablite yo, ak sou fason moun ki nan rezo a kapab bay èd youn pou lòt avèk kominikasyon, swen timoun, bèt kay, oswa bezwen espesifik tankou operasyon ekipman medikal dirab. Kreye rezo pèsonèl pa ou pou zòn espesifik kote ou bezwen asistans.

Faktè pou Toujou Sonje

Kay yo/moun yo ta dwe anvizaje ak adapte plan yo pou bezwen ak responsablite chak moun apa ki baze sou metòd kominikasyon, kalite abri ak metòd transpò ki disponib pou yo. Men kèk lòt faktè pou toujou sonje:

  • diferan laj manm yo
  • responsablite pou ede lòt yo
  • kote yo renmen ale
  • bezwen dyetetik
  • bezwen medikal tankou preskripsyon ak ekipman
  • bezwen akòz andikap oswa bezwen pou jwenn aksè ak bezwen fonksyonèl tankou aparèy ak ekipman
  • lang
  • konsiderasyon kiltirèl ak relijye
  • bèt kay ak bèt-gid

Men kèk egzanp

Lè w ap planifye pou ijans yo, tout diferans endividyèl sa yo ap fè li enpòtan pou chak kay ak chak moun pou konsidere kisa yo bezwen nan plan yo ak nan rezèv yo. Men kèk egzanp konsiderasyon pou adapte plan ou ak rezèv ou:

  • Kay ki gen timoun ta dwe konprann plan lekòl yo ak kote timoun yo ap rete an sekirite si adilt ki nan kay la bezwen abri lòt kote jouk lè danje imedyat la fini.
  • Moun ki soud oswa ki tande di ta dwe asire yo kapab resevwa alèt ak avètisman pou ijans nan yon fòm ki fasil pou yo jwenn.
  • Moun ki bezwen sèvis transpò fasil pou yo jwenn ta dwe travay avèk founisè sèvis transpò adapte lokal ak sèvis pou andikap yo pou fè yon plan pou ijans.
  • Moun ki pale lang ki pa Angle ka bezwen idantifye sous alèt ak avètisman ak enfòmasyon sou plan kominote a nan lòt lang yo.
  • Moun ki pa gen machin ta dwe konnen plan lokal yo pou sèvis transpò piblik, epi yo ka bezwen fè aranjman pou sèvis transpò nan gouvènman lokal la, nan òganizasyon lokal yo oswa lòt kote.
  • Kay ki gen tibebe ta dwe planifye pou manje ak rezèv pou tibebe yo ak pou manman k ap bay tibebe yo tete.
  • Moun ki gen bezwen dyetetik ta dwe gen yon kantite manje apwopriye pou ijans lan pou satisfè bezwen yo.
  • Moun k ap pran medikaman ta dwe toujou genyen yon kantite apwopriye ak kopi preskripsyon yo.
  • Moun ki gen bèt-gid yo ta dwe travay avèk jesyon ijans lokal yo pou asire y ap jwenn pèmisyon pou vini avèk chyen-gid yo nan abri a pandan ijans lan (jan lalwa egzije sa), epitou yo ta dwe asire rezèv ki nan twous plan yo gen ladan manje ak lòt atik pou bèt-gid yo.
  • Moun ki bezwen enèji pou aparèy medikal yo ak pou lòt aparèy asistans ta dwe konsidere fason y ap kontinye itilize aparèy sa yo si yo pa ta gen enèji. Konsève batri siplemantè pou ti aparèy yo (pa egzanp pwotèz oditif, telefòn selilè), epitou anvizaje jwenn ak aprann fason pou itilize yon dèlko pou lakay ou, epi pote yon chajè lè ou pa lakay ou, sitou lè pa gen kouran, sa ka menase sante oswa sekirite ou.