Pandan tout peryòd w ap retounen nan aktivite ou, li enpòtan pou kontwole rapò radyo oswa televizyon lokal yo ak lòt sous medya pou jwenn enfòmasyon sou kote pou jwenn lojman, manje, premye swen, rad, ak bourad lajan akòz ijans lan.
Asistans Dirèk
Yo ka bay asistans dirèk pou moun ak fanmi yo nan nenpòt kantite òganizasyon, tankou:
- Lakwa-Wouj Ameriken
- Salvation Army
- Òganizasyon volontè zòn nan
Òganizasyon sa yo bay manje, abri, materyèl, epitou yo bay èd nan efò pou netwayaj.
Wòl Gouvènman Federal
Nan pifò katastwòf grav yo, yo mande gouvènman federal la pou bay èd tou pou moun ak fanmi yo avèk lojman pwovizwa, konsèy (pou twomatis apre katastwòf la), prè lajan avèk ti enterè ak sibvansyon, ak lòt asistans. Gouvènman federal gen pwogram tou k ap ede ti biznis ak kiltivatè yo.
Pifò asistans federal ap vin disponib lè Prezidan Etazini an deklare yon “Major Disaster” (Gwo Katastwòf) pou zòn ki afekte a sou demann gouvènè yon eta. FEMA ap bay enfòmasyon nan medya yo ak nan òganizasyon asistans kominotè sou asistans federal ak sou fason pou aplike.
Sibvansyon ak Pwogram Asistans pou Moun
Yo bay Tiliv Enfòmasyon sou Asistans Federal pou Katastwòf (CFDA) pou ede ou jwenn enfòmasyon sou Entènèt nan sitwèb CFDA.
- Asistans pou Katastwòf
Bay lajan oswa asistans dirèk pou moun, fanmi ak biznis nan yon zòn ki gen pwopriyete yo ki domaje oswa detwi, epi ki fè pèt ki pa garanti nan asirans.
- Konsèy pou Kriz
Bay lajan siplemantè pou Eta yo pou bay sèvis konsèy sou kriz akoutèm pou moun ki afekte nan Katastwòf Prezidan an deklare yo. - Sèvis Legal pou Katastwòf
Bay asistans legal gratis pou moun ki viktim nan katastwòf.
- Pwogram Asistans pou Moun ki nan Chomaj apre Katastwòf
Bay avantaj pou chomaj ak sèvis pou jwenn travay pou moun ki vin nan chomaj akòz gwo katastwòf yo.
- Pwogram Nasyonal Asirans pou Inondasyon
Pèmèt mèt kay yo ki patisipe nan kominote yo achte asirans kòm yon pwoteksyon kont pèt nan inondasyon epi poutèt sa Eta a ak règleman jesyon plèn ki ekspoze nan inondasyon nan kominote a redui domaj inondasyon yo pidevan. - Wè tout sibvansyon FEMA