Main Content

Pandemi

Ankouraje lòt yo aji lè ou trase yon egzanp pou tèt ou, Angajman pou Prepare epi fè lòt yo konnen sa!

Pledge to Prepare

Ou kapab prepare pou yon pandemi grip kounye a. Ou ta dwe konnen gravite sa ki kapab pase pandan deklanchman yon pandemi ak ki mezi ou ta kapab pran pou ede diminye konsekans yon pandemi grip sou oumenm ak fanmi ou. Lis sa a ap ede ou rasanble enfòmasyon ak resous ou ka bezwen si ta gen yon pandemi grip.

Plan pou yon Pandemi

  • Konsève yon rezèv dlo ak manje pou 2 semèn. Pandan yon pandemi, si ou pa kapab ale nan yon boutik, oswa si estòk boutik yo fini, l ap enpòtan pou gen rezèv siplemantè anplas. Sa kapab itil nan lòt kalite ijans, tankou blakawout ak katastwòf.
  • Chak peryòd tcheke medikaman regilye sou preskripsyon ou yo pou asire ou toujou gen yon kantite lakay ou.
  • Ou dwe gen nenpòt medikaman san preskripsyon ak lòt medikaman anplas, tankou medikaman pou soulaje doulè, remèd pou lestomak, medikaman pou tous ak grip, likid ki gen elektwolit, ak vitamin.
  • Pale avèk manm fanmi ou ak moun ou yo konsènan fason yo ta ka jwenn swen si yo vin malad, oswa sa k ap nesesè pou pran swen yo lakay yo.
  • Ofri tèt ou kòm volontè avèk gwoup lokal pou prepare epi ede avèk repons pou ijans.
  • Patisipe nan kominote ou tankou si w ap travay pou prepare pou yon pandemi grip.

Pa Kite Mikwòb Gaye Twòp epitou Evite Enfeksyon

  • Evite kontak dirèk avèk moun ki malad. Lè ou malad, kanpe lwen lòt moun pou pwoteje yo pou yo pa vin malad tou.
  • Si li posib, rete lakay ou pa ale nan travay, pa ale lekòl, epi pa ale fè komisyon lè ou malad. W ap ede evite lòt moun pran maladi ou.
  • Kouvri nen ou ak bouch ou avèk klinèks lè w ap touse oswa lè w ap etènye. Sa ka anpeche moun ki bò kote ou vin malad.
  • Si ou lave men ou souvan sa ap pwoteje ou kont mikwòb yo.
  • Pa manyen zye, nen oswa bouch ou. Mikwòb yo gaye souvan lè yon moun manyen yon bagay ki kontamine avèk mikwòb epi answit moun nan manyen zye, nen, oswa bouch li.
  • Pratike lòt bon abitid ki bon pou sante. Dòmi anpil, fè egzèsis fizik, kontwole estrès ou, bwè anpil likid, epi manje sa ki fòtifyan.

Piblikasyon

Dokiman ki Ka Enprime pou Ankouraje Bon Abitid ki Bon pou Sante nan Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi

Sitwèb Asosye