Main Content

Abri

Yon abri swen an mas ki gen ranje kabann pou sèvi nan kanLi nesesè pou chwazi pou pran abri nan anpil ijans.

Li enpòtan pou pran abri ki apwopriye nan moman katastwòf yo. Li apwopriye pou pran abri lè kondisyon yo lakòz pou chèche pwoteksyon lakay ou, nan espas travay ou oswa lòt kote lè gen katastwòf. Pou pran abri deyò zòn danje a, ou ka gen pou rete avèk zanmi ak manm fanmi, pou chèche lojman komèsyal oswa pou rete nan yon sant swen sante an mas ki anba kontwòl gwoup sipò yo pou katastwòf.

Pou pran abri yon fason ki efikas, ou dwe toudabò konsidere danje a epi ou dwe chwazi yon kote lakay ou oswa nan lòt bilding ki gen pwoteksyon kont danje a. Pa egzanp, pou yon tònad, ou ta ka chwazi yon cham ki nan yon sousòl oswa nan yon chanm andedan nan etaj ki pi ba a lwen kwen yo, fenèt yo, pòt yo ak miray deyò yo.

Kote ki gen plis pwoteksyon pou chèche abri pa menm selon danje a. Chèche Enfòmasyon sou sijesyon pou pran abri pou chak danje.

Selon sikonstans yo ak kalite katastwòf la, ka gen sitiyasyon lè li senpleman pi bon pou rete kote ou ye a epi pou evite nenpòt ensètitid deyò a lè “pran abri anplas.” Jwenn plis enfòmasyon sou fason pou chwazi pou pran abri anplas oswa pou deplase epitou fason pou kreye yon abri ki pwoteje

Kantite tan ou bezwen pou pran abri a ka kout, tankou pandan yon avètisman pou tònad, oswa kantite tan an ka long, tankou pandan yon tanpèt livè oswa yon epidemi. Li enpòtan pou rete nan abri a jouk lè otorite lokal yo di pa gen pwoblèm pou sòti. Answit, ou ta dwe jwe wòl pa ou pou koute emisyon radyo yo epi pou toujou ap siveye pou sekirite ou pandan 24 èdtan.

Pandan peryòd long ou pran abri a, w ap bezwen jere rezèv dlo ak manje pou asire oumenm ak fanmi ou gen rezèv ak kantite ki nesesè. Li plis enfòmasyon sou Fason pou Jere Dlo ak Fason pou Jere Manje.

 Abri pou Swen an Mas

Menmsi abri pou swen an mas bay dlo, manje, medikaman ak enstalasyon sanitè debaz, ou ta dwe planifye pou ale avèk rezèv ou pou katastwòf yon fason pou gen rezèv ou bezwen yo. Abri pou swen an mas kapab lakòz ou viv avèk anpil moun nan yon espas redui, ki kapab difisil ak dezagreyab. Pou evite konfli nan sitiyasyon estresan, li enpòtan pou kolabore avèk manadjè abri yo ak lòt moun k ap ede yo. Toujou sonje yo entèdi bwason alkòl ak zam nan abri pou ijans yo, epitou gen restriksyon pou fimen.

Pou jwenn yon abri ki toupre ou, Voye tèks SHELTER + Kòd postal ou nan 43362 (4FEMA) pou jwenn abri ki pi pre nan zòn ou (egzanp: shelter 12345).

Gid pou Pa Bouje (Pran Abri Anplas)

Kit ou lakay ou, nan travay oswa nenpòt lòt kote, kapab genyen sitiyasyon lè senpleman pi bon pou rete kote ou ye a ak pou evite nenpòt ensètitid deyò.

Ka gen sikonstans lè ou pa bouje ak lè ou kreye yon baryè ant oumenm ak lè deyò a ki pètèt kontamine, yon pwosesis ki rele "bouche chanm nan," se yon zafè siviv.

Itilize bon sans ou ak enfòmasyon ki disponib pou evalye sitiyasyon an epitou pou detèmine si gen yon danje imedyat. Si ou remake gwo kantite debri nan lè a, oswa si otorite lokal yo di lè a kontamine anpil, ou kapab vle pran kalite mezi sa a.

Yo konsidere pwosesis ki itilize pou bouche chanm nan kòm yon mezi pwoteksyon pwovizwa pou kreye yon baryè ant oumenm ak lè ki pètèt kontamine deyò a. Se yon kalite abri anplas ki mande pou planifye davans.

  • Mennen fanmi ou ak bèt kay ou andedan.
  • Fèmen pòt yo ak kle, fèmen fenèt yo, bouch ayerasyon yo, ak rejis chemine a.
  • Fèmen vantilatè, è-kondisyone, ak sistèm chofaj lè cho soufle yo.
  • Pran twous rezèv pou ijans ou sof si ou gen rezon pou kwè li te kontamine.
  • Ale nan yon chanm andedan ki gen kèk fenèt, si li posib.
  • Bouche tout fenèt yo, pòt yo ak bouch ayerasyon yo avèk bach plastik epè 2-4 mililit ak adeziv twal. Anvizaje mezire ak koupe bach la davans pou pa pèdi tan.
  • Koupe bach plastik sou plizyè pous ki pi laj pase ouvèti yo, epi mete etikèt sou chak fèy.
  • Mete adeziv sou plastik ki nan kwè yo anvan epi mete adeziv la nan tout arebò yo.
  • Prepare ou pou aji sanzatann epi itilize sa ou genyen anplas pou bouche twou pou ou kapab kreye yon baryè ant oumenm ak nenpòt kontaminasyon.

Otorite lokal yo ka pa anmezi pou bay enfòmasyon sou sa k ap pase a ak sa ou ta dwe fè. Men, ou ta dwe gade televizyon, koute radyo oswa tcheke Entènèt souvan pou konnen nouvèl ak enstwiksyon ofisyèl nan moman yo vin disponib.

Dyagram Abri Anplas

Dyagram ki montre kijan pou kouvri fenèt, pòt, ak bouch ayerasyon avèk plastik

Sekirite Nan Abri Pou Chanm Ki Bouche

Dis (10) pye kare espas planche pou chak moun ap bay ase lè pou evite gaz kabonik anpile pandan apeprè senk (5) èdtan, si ou sipoze chak moun ap respire nòmalman pandan y ap repoze.

Men, li mwen posib pou ofisyèl lokal yo rekòmande pou moun yo pran abri piblik nan yon chanm ki bouche pandan plis pase 2-3 èdtan, paske yon abri konsa ap vini mwen efikas apre yon sèten tan poutèt lè deyò a ki kontamine a ap enfiltre nan abri a ofi-amezi. Nan pwen sa a, deplasman nan zòn nan se aksyon pou pran pou jwenn plis pwoteksyon.

Epitou, ou ta dwe ayere abri a lè ijans lan pase pou pa respire lè ki kontamine pandan ou toujou andedan abri a.