Main Content

Granmoun aje

An Asian senior couple

Preparasyon Fè Sans pou Vye granmoun Ameriken. Nan lang angle.
Jwenn Videyo Embed kòd la oswa
Download Transkripsyon an isit la.

Chans pou oumenm ak fanmi ou ap reprann aktivite nou demen apre yon ijans depannde planifikasyon ak preparasyon nou fè jodi a. Menmsi mwayen ak bezwen chak moun inik, chak moun kapab pran mezi pou prepare pou tout kalite ijans yo. Si ou evalye bezwen pèsonèl pa ou, epi si ou fè yon plan pou ijans ki adapte avèk bezwen yo, oumenm ak manm fanmi ou kapab prepare pi byen.

Gen mezi rezonab Ameriken aje yo kapab pran pou kòmanse prepare pou ijans anvan yo rive.

Kreye yon rezo vwazen, manm fanmi, zanmi ak kamarad travay pou ede ou nan yon ijans. Diskite sou bezwen ou yo, epi asire tout moun konnen kijan pou opere ekipman ki nesesè yo. Si li apwopriye, diskite sou bezwen ou yo avèk patwon ou.

Granmoun aje yo ta dwe kite atik espesyalize yo pare, tankou batri pou chèz-woulan, oksijèn, katetè, medikaman, manje pou bèt-gid ak nenpòt lòt atik ou ka bezwen. Konsève yon lis kalite ak nimewo modèl aparèy medikal ou bezwen yo. Asire ou gen kantite pou medikaman ki bezwen refrijerasyon. Fè aranjman pou jwenn nenpòt asistans pou ale nan yon abri.

Pou jwenn plis enfòmasyon, li seksyon Preparasyon Fè Sans pou Ameriken Aje yo nan Ready.gov, oswa ale sou Entènèt nan sitwèb Red Cross.

Resous nan AARP: Kreye sa ki Bon

Avantaj Federal

Granmoun aje ki resevwa avantaj federal ta dwe anvizaje resevwa peman yo sou fòm elektwonik. Toujou sonje yon katastwòf kapab deranje sèvis lapòs pandan anpil jou oswa menm pandan anpil semèn. Pou moun ki depannde kourye pou avantaj Sekirite Sosyal yo, yon sitiyasyon difisil kapab vin pi grav si yo deplase oswa si yo pèdi sèvis kourye yo – jan 85,000 moun k ap resevwa chèk yo te aprann sa apre Ouragan Katrina. Chanjman nan peman elektwonik se yon fason ki senp ak enpòtan moun kapab pwoteje tèt yo sou plan finansye anvan gen yon katastwòf. Li elimine tou risk pou yo vòlè chèk yo.

Depatman Trezò Etazini rekòmande de (2) mwayen ki pi pwoteje pou jwenn avantaj federal yo:

  • Depo dirèk nan yon kont kouran oswa nan yon kont epay se pi bon chwa pou moun ki gen kont labank. Moun k ap resevwa avantaj federal yo kapab enskri depi yo rele (800) 333-1795 oswa depi yo ale sou Entènèt nan sitwèb GoDirect.org.
  • Kat debi Direct Express® ki peye davans se yon kat ki la kòm yon lòt mwayen parapò ak chèk papye pou moun ki pa gen yon kont labank. Li fasil pou enskri – rele gratis nan (877) 212-9991 oswa enskri sou Entènèt nan sitwèb USDirectExpress.com.

Enskripsyon pou depo dirèk oswa pou kat Direct Express® se yon etap senp men enpòtan ki kapab pwoteje fason pou fanmi ou jwenn lajan an sizoka bagay yo pa prevwa te dwe rive. Si oumenm oswa moun ki pwòch ou toujou ap resevwa avantaj Sekirite Sosyal oswa lòt avantaj federal sou fòm chèk, tanpri anvizaje chanje nan youn nan chwa sa yo ki pi pwoteje ak pi fasil jodi a.

Kreye yon Rezo Sipò

  • Si ou prevwa w ap bezwen asistans pandan yon katastwòf, pale avèk fanmi ou, zanmi ou oswa lòt moun k ap patisipe nan rezo sipò pèsonèl ou.
  • Note ak pataje chak aspè plan-dijans ou avèk tout moun ki nan rezo sipò ou.
  • Asire tout moun konnen kijan ou planifye pou kite kay ou oswa espas travay ou ak kote ou prale sizoka gen yon katastwòf.
  • Asire yon moun ki nan rezo lokal ou genyen yon kle siplemantè nan kay ou epitou asire moun lan konnen kote ou kite rezèv ijans ou.
  • Montre moun k ap ede ou kijan pou itilize nenpòt ekipman sovtaj, kijan pou administre medikaman sizoka gen yon ijans.
  • Fè pratik plan ou avèk moun ki te dakò pou patisipe nan rezo ou.

Medikaman & Pwodwi pou Medikal

  • Si w ap pran medikaman oswa si w ap swiv yon tretman medikal chak jou, asire ou genyen sa ou bezwen pou debouye ou poukont ou omwen pou yon semèn, pètèt pi lontan.
  • Mete kopi preskripsyon ou yo alekri, medikaman san preskripsyon, ak rekòmandasyon pou ekipman medikal, tankou enfòmasyon sou dòz, tretman ak alèji nan twous rezèv pou ijans ou. Epitou anvizaje konsève kopi elektwonik enfòmasyon sa yo nan yon kle USB. Sa kapab itil pou lòt moun yo menmsi ou pa itilize yon òdinatè souvan.
  • Si ou kapab jwenn yon kantite medikaman sou preskripsyon pou ijans oswa materyèl medikal pou itilize yon sèl fwa, asire ou kreye yon plan pou fè wotasyon kantite medikaman ou ak materyèl ou pou ou ka toujou genyen.
  • Si ou pa kapab jwenn yon kantite pou ijans avèk fasilite, pale avèk famasyen ou oswa doktè ou sou ki lòt bagay ou kapab fè pou prepare.
  • Si ou pa kapab jwenn yon kantite pou ijans, asire ou toujou achte medikaman sou preskripsyon ou nan premye jou ou vin kalifye pou achte medikaman an, olye ou rete tann jouk nan jou ou pa gen ankò.
  • Si w ap swiv tretman woutin nan yon klinik oswa nan yon lopital, oswa si w ap resevwa sèvis regilye tankou swen sante nan kay, tretman oswa transpò, pale avèk founisè swen sèvis ou sou plan ou yo pou ijans. Travay avèk yo pou idantifye founisè sèvis ranplasman, epi mete yo nan rezo sipò pèsonèl ou.
  • Konsidere lòt bezwen pèsonèl ou tankou linèt, pwotèz oditif ak batri pwotèz oditif, batri chèz-woulan ak oksijèn.

Ijans Dokiman

  • Mete kopi dokiman enpòtan yo nan twous rezèv pou ijans ou tankou dosye fanmi ou, dosye medikal, testaman, papye kay, nimewo sekirite sosyal, enfòmasyon sou frè ak kont labank ak dosye taks.
  • Mete kopi asirans sante ou ak kat Medicare ou kote ki fasil pou jwenn.
  • Konsève yon lis kalite ak nimewo seri aparèy medikal yo oswa lòt aparèy sipò lavi. Mete enfòmasyon ak enstriksyon sou fonksyònman yo.
  • Asire yon zanmi oswa yon manm fanmi genyen kopi dokiman sa yo.
  • Mete non ak enfòmasyon pou kontakte rezo sipò ou, ak founisè swen medikal ou yo tou.
  • Si ou genyen yon andikap pou kominike, asire lis enfòmasyon ijans ou endike pi bon fason pou yo kominike avèk ou.
  • Kite dokiman sa yo nan yon bwat enpèmeyab pou kapab jwenn aksè ladan vit ak fasil.