Main Content

Chèche Asistans Pou Katastwòf

Pandan tout peryòd w ap retounen nan aktivite ou, li enpòtan pou kontwole rapò radyo oswa televizyon lokal yo ak lòt sous medya pou jwenn enfòmasyon sou kote pou jwenn lojman, manje, premye swen, rad, ak bourad lajan akòz ijans lan.

Asistans Dirèk

Obsèvasyon yon gwo View of a FEMA large billboard with web site and phone numbers pano FEMA ki gen sitwèb ak kèk nimewo telefònYo ka bay asistans dirèk pou moun ak fanmi yo nan nenpòt kantite òganizasyon, tankou:

Òganizasyon sa yo bay manje, abri, materyèl, epitou yo bay èd nan efò pou netwayaj.

Wòl Gouvènman Federal

Yon nonm k ap ranpli dokiman pou jwenn asistans federal.  Nan pifò katastwòf grav yo, yo mande gouvènman federal la pou bay èd tou pou moun ak fanmi yo avèk lojman pwovizwa, konsèy (pou twomatis apre katastwòf la), prè lajan avèk ti enterè ak sibvansyon, ak lòt asistans. Gouvènman federal gen pwogram tou k ap ede ti biznis ak kiltivatè yo.

Pifò asistans federal ap vin disponib lè Prezidan Etazini an deklare yon “Major Disaster” (Gwo Katastwòf) pou zòn ki afekte a sou demann gouvènè yon eta. FEMA ap bay enfòmasyon nan medya yo ak nan òganizasyon asistans kominotè sou asistans federal ak sou fason pou aplike.

Sibvansyon ak Pwogram Asistans pou Moun

Yo bay Tiliv Enfòmasyon sou Asistans Federal pou Katastwòf (CFDA) pou ede ou jwenn enfòmasyon sou Entènèt nan sitwèb CFDA.

  • Asistans pou Katastwòf
    Bay lajan oswa asistans dirèk pou moun, fanmi ak biznis nan yon zòn ki gen pwopriyete yo ki domaje oswa detwi, epi ki fè pèt ki pa garanti nan asirans.