Main Content

IZIN ENÈJI NIKLEYÈ

Izin enèji nikleyè yo itilize chalè ki kreye nan fisyon nikleyè nan yon anviwònman ki byen fèmen pou konvèti dlo an vapè, ki alimante jeneratè pou pwodui elektrisite. Izin enèji nikleyè yo opere nan pifò eta nan peyi a, epi yo pwodui apeprè 20 pousan enèji nasyon an. Prèske 3 milyon Ameriken viv sou yon distans 10 mil avèk yon izin enèji nikleyè k ap opere.

Menmsi Komisyon Kontwòl Nikleyè (NRC) siveye ak kontwole konstwiksyon ak operasyon izin sa yo, li posib pou gen aksidan. Kapab gen yon aksidan nan nivo radyasyon danjere ki kapab afekte sante ak sekirite piblik k ap viv toupre izin enèji nikleyè a.

Gouvènman lokal ak gouvènman eta yo, ajans federal, ak konpayi elektrik gen plan repons pou ijans sizoka ta gen yon ensidan nan izin enèji nikleyè. Plan yo defini de (2) "zòn planifikasyon pou ijans." Yon zòn kouvri yon espas nan yon reyon 10 mil avèk izin nan, kote li posib pou moun yo ta ka pran chòk lè yo ekspoze nan radyasyon dirèk. Dezyèm zòn nan kouvri yon pi gwo espas, anjeneral apeprè yon reyon 50 mil avèk izin nan, kote materyèl radyo-aktif yo kapab kontamine rezèv dlo, danre alimantè ak betay.

Posib danje nan yon aksidan nan yon izin enèji nikleyè se ekspozisyon nan radyasyon. Ekspozisyon sa a kapab sòti nan degajman materyèl radyo-aktif ki sòti nan izin nan pou ale nan anviwònman an, anjeneral ki fòme avèk yon kouch gaz ak patikil radyo-aktif (fòmasyon tankou nyaj). Gwo danje pou moun ki toupre kouch la se ekspozisyon nan radyasyon nan kò yo ki sòti nan nyaj ak patikil ki depoze sou sòl la, inalasyon materyèl radyo-aktif ak lè moun yo vale materyèl radyo-aktif.

Materyèl radyo-aktif yo gen konpoze avèk atòm ki pa estab. Yon atòm ki pa estab degaje enèji anplis li jouk lè li vin estab. Enèji ki emèt la se radyasyon. Chak nan nou ekspoze nan radyasyon chak jou nan sous natirèl yo, tankou Solèy la ak Latè. Ti tras radyasyon prezan nan manje ak dlo. Radyasyon degaje tou nan sous moun kreye tankou machin radyografi, aparèy televizyon ak mikwo-onn. Radyasyon gen yon efè kimilatif. Tank yon moun ekspoze plis tan nan radyasyon tank efè a pi gwo. Si ou ekspoze nan radyasyon twòp, ou kapab gen maladi grav oswa ou kapab mouri.

Anvan yon Ijans nan Izin Enèji Nikleyè

Premye Sekouris nan materyèl danjere ki nan yon sèn danjere.Bagay ki anba la yo se bagay ou kapab fè pou pwoteje tèt ou, fanmi ou ak byen ou kont konsekans yon ijans nan izin enèji nikleyè:

  • Prepare yon Twous Rezèv pou Ijans, ki genyen ladan atik tankou manje ki p ap gate, dlo, ak yon radyo ki fonksyone avèk pil oswa avèk manivèl, flach ak pil siplemantè. Ou ta dwe mete bach plastik, adeziv twal, ak sizo nan twous la pou kapab pi byen prepare pou yon ensidan nan izin enèji nikleyè. Ou ka vle prepare yon twous pòtatif pou mete li nan vwati ou sizoka yo mande ou pou deplase. Twous sa a ta dwe gen ladan:
    • Kopi medikaman sou preskripsyon ak ekipman medikal.
    • Atik pou kouche ak rad, tankou sak kouchaj ak zòrye.
    • Kopi dokiman enpòtan: pèmi kondui, kat Sekirite Sosyal, prèv rezidans, kontra asirans, testaman, paye kay, batistè ak sètifika maryaj, dosye taks, elatriye.
  • Fè yon Plan Fanmi pou Ijansou. Fanmi ou ka pa ansanm lè gen yon katastwòf, poutèt sa li enpòtan pou konnen kijan youn ap kontakte lòt, kijan n ap tounen ansanm ak sa w ap fè sizoka gen yon ijans.
    • Planifye kote fanmi ou ap reyini, andedan ak deyò katye imedyat ou.
    • Li ka pi fasil pou fè yon apèl entè-iben pase pou rele nan vilaj la, kidonk yon kontak deyò vil la ka nan yon pi bon pozisyon pou kominike avèk manm fanmi ki separe yo.
    • Ou ka vle chèche enfòmasyon tou sou plan pou ijans kote manm fanmi ou yo pase tan yo: travay, gadri ak lekòl. Si pa gen plan, anvizaje sèvi kòm volontè pou kreye youn.
    • Ou dwe konnen sistèm avètisman ak plan katastwòf kominote ou, ansanm avèk wout pou deplasman yo.
    • Fè travayè sosyal ak founisè sèvis gadri yo konnen plan ou.
    • Fè plan pou bèt kay ou.
  • Chèche jwenn dokiman ki gen enfòmasyon sou ijans piblik nan konpayi enèji ki opere izin enèji nikleyè zòn ou oswa biwo sèvis ijans zòn ou. Si w ap viv sou yon distans 10 mil avèk izin enèji a, ou ta dwe resevwa dokiman chak ane nan konpayi enèji a oswa nan gouvènman eta kote w ap viv oswa nan gouvènman lokal ou.

Konnen Tèm yo

Abitye ou avèk tèm sa yo pou ede ou idantifye yon ijans nan izin enèji nikleyè:

Notifikasyon Evènman ki pa Regilye - Gen yon ti pwoblèm nan izin nan. Yo pa prevwa fuit radyasyon. Li p ap nesesè pou fè aksyon.

Alèt - Gen yon ti pwoblèm, epi kapab gen fuit ti kantite radyasyon andedan izin nan. Sa p ap afekte ou, epi li pa nesesè pou fè aksyon.

Ijans nan Zòn Teren Izin nan - Sirèn zòn nan kapab sonnen. Koute radyo oswa gade televizyon pou jwenn enfòmasyon sou sekirite.

Ijans Jeneral - Kapab gen fuit radyasyon deyò izin nan ak lwen teren izin nan. Sirèn yo ap sonnen. Kapte estasyon radyo oswa televizyon lokal ou pou jwenn rapò yo. Prepare ou pou swiv enstriksyon yo prese-prese.

Bilding kòm Pwoteksyon

Dyagram kantite abri plizyè bilding kapab bay pandan yon eksplozyon nikleyè.

Building as Shelter Text Version TXT 1Kb

Chif ki nan graf sa a reprezante yon 'faktè rediksyon dòz.' Yon faktè rediksyon dòz 10 vle di yon moun ki nan zòn nan ta pran 1/10yèm dòz yon moun ki deyò. Yon faktè rediksyon dòz 200 vle di yon moun ki nan zòn nan ta pran 1/200yèm dòz yon moun ki deyò.

Pou jwenn plis enfòmasyon, li Konsèy pou Planifikasyon pou Repons nan yon Eksplozyon Nikleyè PDF komite entè-ajans federal ki anba kontwòl Biwo Egzekitif Prezidan an.

Pandan yon Ijans nan Izin Enèji Nikleyè

Si yon aksidan nan yon izin enèji nikleyè a te dwe degaje radyasyon nan zòn ou, otorite lokal yo ta aktive sirèn alam yo oswa yon lòt metòd alèt yo apwouve. Yo ta ba ou enstriksyon tou nan Sistèm Alèt Ijans lan (EAS) nan televizyon ak estasyon radyo lokal sou fason pou pwoteje tèt ou.

  • Swiv enstriksyon EAS yo avèk anpil atansyon.
  • Diminye ekspozisyon ou nèt nan radyasyon an. Pou fè sa, ogmante distans ki ant oumenm ak sous radyasyon an. Ou kapab bezwen deplase oswa rete andedan lakay ou pou diminye ekspozisyon an nèt.
  • Si yo mande ou pou deplase, kite fenèt ak bouch ayerasyon vwati ou fèmen; itilize k ap re-sikile a.
  • Si yo mande ou pou rete andedan kay, fèmen è-kondisyone a, vantilatè ayerasyon yo, founo a ak lòt aparèy ki aspire lè.
  • Pwoteje tèt ou. Pou fè sa, mete materyèl lou ak epè ant oumenm ak sous radyasyon an. Ale nan yon sousòl oswa nan lòt zòn anba tè, si li posib.
  • Pa itilize telefòn nan sof si li nesesè toutbon.
  • Rete lwen zòn ensidan an. Pifò radyasyon pèdi fòs li yon jan vit.

Pandan yon Ijans nan Izin Enèji Nikleyè

Sa ki anba la yo se gid pou peryòd ki vini apre yon ijans nan izin enèji nikleyè:

  • Ale nan yon abri piblik yo bay si yo te di ou pou deplase, oswa si ou santi ou pa gen sekirite pou rete lakay ou.Voye tèks SHELTER + Kòd postal ou nan 43362 (4FEMA) pou jwenn abri ki pi pre nan zòn ou (egzanp:shelter 12345).
  • Aji vit si ou te pran kontak avèk radyasyon danjere oswa si ou te ekspoze ladan.
  • Swiv eksplikasyon otorite lokal yo bay pou de-kontaminasyon.Yo ka mande ou pou pran yon beny okonplè nan douch.
  • Chanje rad ou ak soulye ou; mete rad ki te ekspoze a nan yon sache plastik; bouche sache a epi mete li deyò.
  • Chèche tretman medikal san pèdi tan si ou gen sentòm dwòl, tankou kèplen.
  • Koute radyo oswa televizyon lokal pou jwenn dènye enfòmasyon sou ijans lan.
  • Ede yon vwazen ki ka bezwen asistans espesyal - tibebe, granmoun aje ak moun ki gen bezwen pou aksè oswa bezwen fonksyonèl ka bezwen asistans siplemantè.Moun k ap pran swen yo oswa ki gen gwo fanmi ka bezwen lòt asistans nan sitiyasyon ijan yo.
  • Retounen lakay ou sèlman lè otorite yo endike pa gen pwoblèm.
  • Mete manje yo nan bwat ki fèmen oswa nan frijidè a.Ou ta dwe lave manje ki pa t kouvri anvan yo anvan ou mete yo nan bwat yo. 

Sitwèb Asosye

Ale sou Entènèt nan sitwèb ki anba la yo pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou planifye ak prepare pou yon ijans nan izin enèji nikleyè ak sou fason pou konnen resous ki disponib yo:

Koute Ofisyèl lokal yo

Aprann kichòy sou plan pou ijans gouvènman eta a ak gouvènman lokalkreye nan zòn ou. Nan nenpòt ijans, toujou koute enstwiksyon ofisyèl jesyon ijans lokal yo bay.