Main Content

Eksplozyon Nikleyè

Eksplozyon nyaj chanpiyon nikleyè.

Yon eksplozyon nikleyè se yon eksplozyon ki gen anpil limyè ak chalè, yon presyon nuizib ak sibstans radyo-aktif ki gaye toupatou epi ki kapab kontamine lè a, dlo, ak sifas tè a sou yon distans plizyè mil. Yon anjen nikleyè kapab se yon zam ki nan yon misil entè-kontinantal yon nasyon lennmi oswa yon òganizasyon teworis lanse, oswa anjen an kapab se yon anjen nikleyè pòtatif yon moun pote. Tout anjen nikleyè yo lakòz moun mouri lè yo eksploze, tankou limyè ki briye anpil, gwo-gwo chalè (radyasyon tèmik), radyasyon nikleyè inisyal, eksplozyon, dife ki kòmanse akòz ritm chalè a, epi dife segondè akòz destwiksyon an.

Menas nikleyè ki te prezan pandan Lagè-Fwad la te diminye; men, posiblite ki toujou genyen sèke yon teworis kapab jwenn aksè nan yon zam nikleyè. Anjen sa yo rele anjen nikleyè sanzatann (IND). Anjeneral, yo se zam ki pi piti ak mwen danjere pase sa nou imajine sou plan tradisyonèl. Menmsi espè yo ka prevwa yon atak nikleyè gen mwens chans pase lòt kalite yo, li toujou enpòtan pou konnen etap senp ki kapab sove lavi ou ak lavi fanmi ou.

Danje Anjen Nikleyè

Imaj yon bonm oswa yon anjen ki tankou yon bonm.

Prepare tèt ou, fanmi ou ak pwopriyete ou pou danje anjen nikleyè.

Espè yo prevwa gen mwens chans pou gen danje yon atak nikleyè estratejik ki ta fè dega an mas jodi a. Men, nòmalman, yo pa kapab prevwa teworis.

Si te gen menas yon atak, moun k ap viv toupre sib posib yo te ka jwenn konsèy pou deplase, oswa yo te kapab deside poukont yo pou ale nan yon zòn yo pa konsidere kòm yon sib posib. Pwoteksyon kont sibstans radyo-aktif k ap re-tonbe yo ta mande pou pran abri nan yon zòn anba tè oswa nan mitan yon gwo bilding.

Anjeneral, sib posib yo gen ladan:

  • Teren misil estratejik ak baz militè.
  • Sant gouvènman tankou Washington, DC, ak kapital eta yo.
  • Transpò enpòtan ak sèvis kominikasyon.
  • Sant manifakti, sant endistriyèl, sant teknoloji ak sant finansye.
  • Rafinri petwòl, izin enèji elektrik, ak izin chimik.
  • Gwo pò ak teren avyasyon yo.

Twa (3) faktè pou pwoteje tèt ou kont radyasyon ak sibstans radyo-aktif k ap re-tonbe, pwoteksyon ak tan.

  • Distans - tank gen plis distans ant ou ak patikil radyo-aktif k ap re-tonbe yo, tank l ap pi bon pou ou. Yon zòn anba tè tankou yon kay oswa sousòl bilding ki gen biwo ap bay plis pwoteksyon pase premye etaj yon bilding. Yon etaj toupre mitan yon bilding ki wo ka pi bon, selon sa ki pre a nan etaj la kote patikil radyo-aktif k ap re-tonbe yo ta rasanble. Twati plat yo rasanble patikil radyo-aktif k ap re-tonbe yo, kidonk etaj anlè a pa yon bon chwa, ni yon etaj ki toupre yon twati plan nan vwazinaj la.
  • Pwoteksyon - tank materyèl yo pi lou ak pi epè - miray epè, beton, brik, liv ak tè - ant ou menm ak patikil radyo-aktif k ap re-tonbe yo, tank l ap pi bon pou ou.
  • Tan - sibstans radyo-aktif k ap re-tonbe yo pèdi entansite yo yon jan rapid. Apre yon sèten tan, w ap kapab kite abri anti-atomik la. Sibstans radyo-aktif k ap re-tonbe yo reprezante pi gwo menas pou moun pandan premye de (2) semèn yo, epi apre sa li bese a apeprè 1 pousan nivo radyasyon inisyal li.

Men sonje nenpòt pwoteksyon pwovizwa pi bon pase anyen ditou, epi tank ou ka pran avantaj nan plis pwoteksyon, distans ak tan, tank l ap pi bon pou ou.

Risk Anjen Nikleyè

Limit, kalite ak tan pou danje sa yo rive difisil pou prevwa. Epapiyman jewografik efè danje a ap defini nan sa ki anba la yo:

  • Gwosè anjen an. Yon bonm ki pi puisan ap pwodui efè sou yon distans ki pi lwen.
  • Wotè anlè sòl la kote anjen an te eksploze. Sa ap detèmine enpòtans efè eksplozyon an.
  • Kalite sifas ki anba eksplozyon an. Kèk materyèl pi ka vin radyo-aktif ak pi ka vini nan van pase lòt yo. Zòn plat yo pi sansib nan efè eksplozyon an.
  • Kondisyon metewolojik ki la. Vitès ak direksyon van an ap afekte tan pou konsekans yo rive; presipitasyon ka lave sibstans radyo-aktif k ap re-tonbe yo nan atmosfè a.

Enpilsyon Elektwo-Mayetik

Anplis lòt efè yo, yon zam nikleyè ki eksploze nan oswa anlè atmosfè tè a kapab kreye yon enpilsyon elektwo-mayetik (EMP), yon chan elektrik ki gen dansite fò. Yon EMP aji tankou yon kout-loraj, men li pi fò, pi rapid ak pi kout. Yon EMP kapab fè domaj grav sou aparèy elektwonik ki konekte nan sous enèji oswa nan antèn. Sa gen ladan sistèm kominikasyon, òdinatè, aparèy elektrik, ak sistèm pou estat machin oswa avyon. Domaj la kapab kòmanse depi nan yon ti sispansyon pou rive nan epuizman eleman yo. Pifò ekipman elektwonik ki sou yon distans 1,000 mil avèk yon eksplozyon nikleyè nan altitid ki wo kapab afekte. Anjeneral, radyo ki fonksyone avèk pil epi ki gen antèn kout pa ta afekte. Menmsi yon EMP ka pa nuizib pou pifò moun, li kapab nuizib pou moun ki gen estimilatè kadyak oswa enplantasyon lòt aparèy elektwonik.

Retonbe Radyo-Aktif

Menmsi moun yo pa pre ase nan eksplozyon nikleyè a pou yo afekte nan enpak dirèk yo, yo ka afekte nan sibstans radyo-aktif k ap re-tonbe yo. Nenpòt eksplozyon nikleyè ap lakòz kèk sibstans radyo-aktif re-tonbe. Eksplozyon ki fèt toupre sifas tè a kreye pi gwo kantite sibstans radyo-aktif k ap re-tonbe pase eksplozyon ki fèt nan altitid ki pi wo. Se paske gwo-gwo chalè ki pwodui nan yon eksplozyon nikleyè lakòz yon lè monte pou fòme nyaj chanpiyon ou abitye wè. Lè gen yon eksplozyon toupre sifas tè a, sa atire anpil milyon patikil pousyè nan nyaj la. Lè chalè a diminye, materyèl radyo-aktif ki tounen vapè yo kondanse sou patikil yo epi yo tonbe sou Latè ankò. Fenomèn sa a rele sibstans radyo-aktif k ap re-tonbe. Materyèl sa yo k ap re-tonbe a dekonpoze apre yon peryòd tan long, epi yo se sous prensipal radyasyon nikleyè rezidyèl.

Sibstans nikleyè k ap re-tonbe apre yon eksplozyon nikleyè ka ale nan kouran van sou yon distans plizyè santèn mil si gen bon kondisyon. Efè nan menm yon ti anjen pòtatif ki eksploze nan nivo sòl la kapab gen danje pou touye moun.

Sonje moun pa kapab ni wè ni pran sant ni detekte radyasyon avèk sans nòmal yo. Moun kapab detekte radyasyon sèlman avèk aparèy pou kontwole radyasyon. Sa fè ijans radyolojik yo diferan avèk lòt kalite ijans yo, tankou inondasyon oswa ouragan. Kontwòl la kapab prevwa lè pou sibstans radyo-aktif k ap re-tonbe yo rive, epi y ap itilize mwayen avètisman ofisyèl pou anonse sa. Men, nenpòt ogmantasyon nan akimilasyon pousyè sab ak salte ta dwe yon avètisman pou pran mezi pou pwoteje tèt ou.

Imaj siy yon Abri pou Sibstans Radyo-aktif k ap Tonbe.Anvan yon Eksplozyon Nikleyè

Bagay ki anba la yo se bagay ou kapab fè pou pwoteje tèt ou, fanmi ou ak byen ou anvan yon eksplozyon nikleyè.

  • Prepare yon Twous Rezèv pou Ijans, ki genyen ladan atik tankou manje ki p ap gate, dlo, ak yon radyo ki fonksyone avèk pil oswa avèk manivèl, flach ak pil siplemantè. Ou ka vle prepare yon twous pou espas travay ou ak yon twous pòtatif pou mete nan vwati ou sizoka yo mande ou pou deplase.
  • Fè yon Plan Fanmi pou Ijansou. Fanmi ou ka pa ansanm lè gen yon katastwòf, poutèt sa li enpòtan pou konnen kijan youn ap kontakte lòt, kijan n ap tounen ansanm ak sa w ap fè sizoka gen yon ijans.
    • Planifye kote fanmi ou ap reyini, andedan ak deyò katye imedyat ou.
    • Ou dwe konnen sistèm avètisman ak plan katastwòf kominote ou, ansanm avèk wout pou deplasman yo.
  • Chèche konnen si ofisyèl yo te deziyen nenpòt bilding piblik nan kominote ou kòm abri anti-atomik. Si yo pa t deziyen okenn, fè lis abri posib pa ou toupre lakay ou, espas travay ou, ak lekòl ou. Kote sa yo ta gen sousòl oswa zòn santral san fenèt nan etaj mitan nan bilding ki wo anpil ak nan metwo ak tinèl.
  • Si w ap viv nan yon bilding ki gen apatman oswa nan yon bilding ki wo anpil, pale avèk manadjè a sou kote ki pi an sekirite nan bilding nan pou pran abri, ak sou fason pou satisfè bezwen moun ki nan bilding nan jouk lè pa gen pwoblèm pou sòti deyò.
  • Pandan peryòd gwo menas yo ogmante rezèv ou pou katastwòf pou ka siviv pandan apeprè de (2) semèn.

Li trè nesesè pou pran abri pandan yon eksplozyon nikleyè. Gen de (2) kalite abri - abri pou eksplozyon ak abri pou konsekans nikleyè. Sa ki anba la a dekri de (2) kalite abri yo:

  • Abri pou eksplozyon yo konstwi sitou pou ofri pwoteksyon kont presyon eksplozyon an, radyasyon inisyal, chalè ak dife. Men, menm yon abri pou eksplozyon pa kapab reziste kont yon frap dirèk nan yon eksplozyon nikleyè.
  • Abri pou konsekans nikleyè pa bezwen konstwi sitou pou bay pwoteksyon kont konsekans nikleyè. Yo kapab nenpòt espas ki pwoteje, depi miray yo ak twati a epè ak ajiste ase pou abòde radyasyon ki degaje nan patikil konsekans nikleyè yo.

Pandan yon Eksplozyon Nikleyè

Sa ki anba la yo se gid pou sa pou fè sizoka gen yon eksplozyon nikleyè.

  • Koute enfòmasyon ofisyèl yo, epi swiv enstriksyon anplwaye repons pou ijans yo bay. Selon sa ou konnen sou menas la, yo ka mande ou pou pran abri, ale yon kote ki espesifik, oswa sòti nan zòn nan.
  • Si yo bay avètisman pou yon atak, pran abri imedyatman ou kapab, anba tè si li posib, epi rete la jouk lè yo ba ou enstriksyon pou fè lòt bagay.
  • Chèche jwenn bilding ki pi pre a, pito sa ki bati avèk brik oswa beton, epi ale andedan pou evite nenpòt materyèl radyo-aktif ki deyò a.
  • Si ou kapab jwenn pi bon abri nan kèk minit, tankou yon bilding ki gen plizyè etaj, ale ladan imedyatman.
  • Ale lwen anba tè a otank posib oswa nan mitan yon bilding ki wo. Objektif la se pou mete tout kantite miray ak tout kantite beton, brik ak sòl ki posib ant ou ak materyèl radyo-aktif ki deyò a.
  • Rete kote ou ye a, menmsi ou separe avèk fanmi ou. Andedan an se pi bon kote pou tout moun ki nan zòn ki afekte a. Sa kapab sove lavi ou.
  • Pandan tan avèk pi gwo nivo radyasyon an li pi bon pou rete andedan, pou pran abri lwen materyèl radyo-aktif ki deyò a.
  • Nivo radyasyon yo danjere anpil apre yon eksplozyon nikleyè, men nivo redui rapidman.
  • Espere rete andedan pandan omwen 24 èdtan sof otorite yo di ou pou fè lòt bagay.
  • Lè deplasman an nan pi bon enterè ou, y ap ba ou enstriksyon pou fè sa. Y ap itilize tout metòd kominikasyon ki disponib pou bay nouvèl yo ak / oswa enstriksyon yo.
  • Yo ka mande moun ki nan trajektwa materyèl radyo-aktif la - nan menm direksyon avèk van an - pou yo pran mezi pou pwoteje tèt yo.

Si ou bloke deyò epi ou pa kapab antre andedan imedyatman:

  • Pa gade flach oswa boul dife - sa kapab fè ou avèg.
  • Pran abri anba nenpòt sa ki ta ka ba ou pwoteksyon.
  • Kouche plat atè, epi kouvri tèt ou. Si eksplozyon an fè sou yon distans, li kapab pran 30 segonn oswa plis pou vag eksplozyon an frape.
  • Pran abri imedyatman ou kapab, menmsi ou sou yon distans anpil mil avèk kote ki te gen atak la - van an kapab pote ale sibstans radyo-aktif k ap re-tonbe yo sou yon distans anpil santèn mil. Sonje twa (3) faktè pwoteksyon yo: Distans, pwoteksyon ak tan.
  • Si ou te deyò pandan oswa apre eksplozyon an, netwaye ou san pèdi tan, pou retire materyèl radyo-aktif ki te rete sou kò ou.
  • Retire rad ou pou pa kite materyèl radyo-aktif la simaye. Si ou retire kouch rad deyò a ou kapab retire apeprè 90% materyèl radyo-aktif la.
  • Si li posib, mete rad kontamine ou nan yon sache plastik epi fèmen oswa mare sache a. Mete sache a lwen moun ak bèt otank posib yon fason pou radyasyon li degaje a pa afekte lòt moun.
  • Lè li posib, pran yon douch avèk anpil savon ak dlo pou ede retire kontaminasyon radyo-aktif la. Pa ni fwote ni grate po ou.
  • Lave cheve ou avèk chanpou oswa avèk savon ak dlo. Pa itilize krèm nan cheve ou paske l ap tache materyèl radyo-aktif nan cheve ou, sa k ap anpeche li rense fasil.
  • Mouche nen ou dousman, epi siye popyè ou ak sil ou avèk yon twal mouye ki pwòp. Siye zòrèy ou dousman.
  • Si ou pa kapab benyen nan douch, itilize yon lenjèt oswa yon twal mouye pou siye po ou ki pa t kouvri avèk rad la.

Bilding kòm Pwoteksyon

Dyagram kantite abri plizyè bilding kapab bay pandan yon eksplozyon nikleyè.

Building as Shelter Text Version TXT 1Kb

Chif ki nan graf sa a reprezante yon 'faktè rediksyon dòz.' Yon faktè rediksyon dòz 10 vle di yon moun ki nan zòn nan ta pran 1/10yèm dòz yon moun ki deyò. Yon faktè rediksyon dòz 200 vle di yon moun ki nan zòn nan ta pran 1/200yèm dòz yon moun ki deyò.

Pou jwenn plis enfòmasyon, li Konsèy pou Planifikasyon pou Repons nan yon Eksplozyon Nikleyè PDFkomite entè-ajans federal ki anba kontwòl Biwo Egzekitif Prezidan an.

Apre yon Eksplozyon Nikleyè

To dekonpozisyon sibstans radyo-aktif k ap re-tonbe yo se menm to pou nenpòt gwo anjen nikleyè. Men, kantite sibstans nikleyè k ap re-tonbe yo p ap menm selon gwosè anjen an ak fason li pre avèk sòl la. Poutèt sa, li ta ka nesesè pou moun ki nan zòn ki gen nivo radyasyon ki pi wo yo pran abri pandan apeprè yon mwa.

Sibstans radyo-aktif pi lou k ap re-tonbe yo ta limite nan zòn nan oswa nan direksyon van an, epi 80 pousan sibstans radyo-aktif ta re-tonbe pandan premye 24 èdtan yo.

Moun ki nan pifò zòn ki ta afekte yo kapab jwenn pèmisyon pou sòti nan abri a apre kèk jou, epi si li nesesè, pou yo deplase pou ale nan zòn ki pa afekte yo.

Lè Ou Retounen Lakay Ou

Sonje bagay sa yo lè ou retounen lakay ou:

  • Kontinye koute radyo ak televizyon pou jwenn nouvèl sou sa pou fè, kote pou ale ak kote pou pa ale.
  • Rete lwen zòn ki domaje yo. Rete lwen zòn ki make “radiation hazard” (danje radyasyon) oswa “HAZMAT.” Sonje moun pa kapab ni wè ni pran sant ni detekte radyasyon avèk sans yo.

Lòt gid pou rekòmanse aktivite ou apre katastwòf.

Plis Enfòmasyon

Nivo Radyasyon y ap mezire sou yon Kontè GeigerPiblikasyon

Si ou bezwen plis enfòmasyon sou nenpòt nan sijè sa yo, resous ki anba la yo ka ede ou.

  • Atak Nikleyè. Dokiman ki bay oryantasyon pou preparasyon pou yon menas nikleyè.

Sitwèb Asosye

Ale sou Entènèt nan sitwèb ki anba la yo pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou planifye ak prepare pou yon eksplozyon nikleyè ak sou fason pou konnen resous ki disponib yo:

Koute Ofisyèl lokal yo

Aprann kichòy sou plan pou ijans yo gouvènman eta ak gouvènman lokalkreye nan zòn ou. Nan nenpòt ijans, toujou koute enstwiksyon ofisyèl jesyon ijans lokal yo bay.