Main Content

Katastwòf Natirèl

Katastwòf natirèl tankou inondasyon, dife, tranblemanntè, tònad ak tanpèt afekte anpil milye moun chak ane. Ou ta dwe konnen kisa risk yo ye, epitou ou ta dwe prepare pou pwoteje tèt ou, fanmi ou ak kominote ou.

Si ou rekonèt yon danje k ap rive, epi si ou konnen sa pou fè pou pwoteje tèt ou ak fanmi ou sa ap ede ou fè etap ki efikas pou prepare davans epitou pou ede retounen nan aktivite apre katastwòf la.

Kèk bagay ou kapab fè pou prepare pou danje sanzatann, tankou preparasyon yon twous rezèv ak kreyasyon yon plan fanmi an pou ijans se menm bagay pou tout kalite danje yo. Men chak ijans diferan epi si ou konnen aksyon pou fè pou chak  menas sa ap afekte desizyon espesifik w ap pran yo ak preparasyon w ap fè yo. Si ou aprann menas espesifik yo, w ap prepare tèt ou pou reyaji nan yon ijans.