Main Content

Dife nan Kay

Ponpye k ap etenn dife ki pran nan yon kay

Ankouraje lòt yo aji lè ou trase yon egzanp pou tèt ou, Angajman pou Prepareepi fè lòt yo konnen sa!

Pledge to Prepare

Chak ane plis pase 2,500 moun mouri, epi 12,600 pran chòk nan dife ki pran nan kay Ozetazini. Yo estime pwopriyete ki pèdi dirèkteman nan dife nan kay estime a $7.3 milya dola chak ane. Dife nan kay kapab evite!

Pou pwoteje tèt ou, li enpòtan pou konprann patikilarite debaz dife. Dife gaye vit; pa gen tan pou rasanble byen enpòtan oswa pou fè yon koutfil. Nan sèlman de (2) minit, yon dife kapab vin menase lavi ou. Nan senk (5) minit, yon kapab vlope avèk flanm dife.

Chalè ak lafimen dife a kapab pi danjere pase flanm yo. Si ou inale lè ki cho anpil sa kapab boule poumon ou. Dife pwodui gaz pwazon ki fè ou dezoryante ak anvi dòmi. Olye yon dife lakòz ou reveye nan dòmi, ou ka tonbe nan yon somèy ki pi pwofon. Asfiksi se kòm prensipal lanmò nan dife, twòp brili nan yon pwopòsyon twa-a-youn.

Aprann sou dife

Yon kay ki pran difeChak jou Ameriken yo gen laperèz dife, men pifò moun pa konprann dife.

Dife RAPID!

Gen yon ti tan sèlman! Nan mwens pase 30 segonn, yon ti flanm dife kapab depase kontwòl ou epi tounen yon gwo dife. Li pran sèlman kèk minit pou lafimen nwa epè plen yon kay, oswa pou kay vlope nan flanm yo. Pifò dife ki touye moun fèt nan kay lè moun yo ap dòmi. Si ou reveye nan yon dife, ou p ap gen tan pou pran byen enpòtan ou paske dife a gaye twò vit, epi lafimen an twòp epè. Ou gen tan sèlman pou retire kò ou.

Dife CHO!

Chalè a pi menasan pase flanm yo. Chalè yon dife sèlman kapab touye moun. Tanperati nòmal ki nan yon dife kapab 100 degre nan nivo planche a, epi li ka monte 600 degre nan nivo zye ou. Si ou inale lè ki cho anpil sa kapab boule poumon ou. Chalè sa a kapab fonn rad ou nan po ou. Nan senk (5) minit, yon chanm kapab vin tèlman cho sa ap fè tout sa ki ladan pran dife anmenmtan: sa rele transmisyon flanm.

Dife SONB!

Dife pa briyan, li nwa nèt. Dife a kòmanse briyan, men byen vit li fè lafimen nwa, epi ak fènwa nèt. Si ou reveye nan yon dife, ou ka pa wè, dezoryante ak pa kapab jwenn kote pou pase nan kay ou t ap viv pandan plizyè ane.

Dife TOUYE MOUN!

Lafimen ak gaz toksik touye plis moun pase flanm dife a. Dife itilize oksijèn ou bezwen an, epi li pwodui lafimen ak gaz pwazon ki touye moun. Si ou respire menm ti kantite lafimen ak gaz toksik sa kapab fè ou anvi dòmi, dezoryante, epitou sa kapab fè respirasyon ou kout. Vapè san odè ak san koulè yo kapab mete ou nan yon pwofon somèy anvan flanm yo rive nan pòt ou. Ou ka pa reveye alè pou retire kò ou.

Se sèlman lè nou konnen vrè kalite dife a nou kapab prepare fanmi nou ak tèt nou.

Anvan

Yon fanmi ki fè yon plan chape lè gen difeAnvan yon Dife

KREYE EPI PRATIKE YON PLAN POU CHAPE NAN DIFE

Sizoka gen yon dife, sonje chak segonn enpòtan, kidonk oumenm ak fanmi ou dwe toujou prepare. Plan pou deplase yo ap ede ou sòti nan kay ou byen vit.

De fwa chak ane, pratike plan pou deplase lakay ou si ta gen dife. Men kèk konsèy pou konsidere lè w ap prepare plan sa a:

  • Jwenn de (2) kote pou sòti nan chak chanm.
  • Si premye kote a bloke avèk dife oswa lafimen, w ap bezwen yon dezyèm kote pou sòti. Yon dezyèm wout ta ka yon fenèt ki nan twati toupre a oswa yon nechèl pliyan pou pase nan fenèt yon etaj ki pi wo.
  • Achte sèlman nechèl pliyan yo evalye nan yon laboratwa yo rekonèt tout kote nan peyi a, tankou Underwriters Laboratory (UL).
  • Asire fenèt yo pa bloke, ou kapab retire griy yo byen vit, epi ou kapab louvri ba sekirite yo san pwoblèm.
  • Fè pratik pou jwenn kote pou sòti nan kay la nan fènwa oswa avèk zye ou fèmen.
  • Fenèt ak pòt ki gen ba sekirite yo dwe gen aparèy pou lache ba yo byen vit pou pèmèt yo louvri imedyatman nan yon ijans. Asire tout moun nan fanmi an konprann ak pratik fason pou yo opere ak louvri pòt ak fenèt ki gen ba sekirite yo kòrèkteman.
  • Montre timoun yo pou yo pa kache pou ponpye yo.

Detektè Lafimen

Yon fanm tcheke yon aparèy pou detekte lafimen. Yon detektè lafimen ki byen enstale ak antreteni se sèl bagay nan kay ou ki kapab bay avètisman pou yon dife pou ou ak fanmi ou 24 èdtan pa jou, ak sèt (7) jou pa semèn. Yon detektè lafimen ki fonksyone ba ou plis chans pou siviv nan yon dife kay danjere.

  • Enstale detektè lafimen ki gen iyonizasyon AK sa ki gen selil foto-elektrik, ki gen kaptè lafimen ki gen iyonizasyon ak selil foto-elektrik.
  • Teste batri yo chak mwa.
  • Ranplase batri yo nan detektè lafimen ki fonksyone avèk batri ak detektè lafimen ki gen kab omwen yon fwa chak ane (sof batri lityòm ki la ou 10 zan yo epi ki pa ka ranplase).
  • Enstale detektè lafimen nan chak etaj lakay ou, ak nan sousòl la tou. Administrasyon Ponpye Etazini rekòmande pou enstale detektè lafimen andedan ak deyò zòn kote w ap dòmi.
  • Toujou swiv eksplikasyon manifakti a pou enstalasyon lè w ap enstale detektè lafimen yo.
  • Ranplase tout inite detektè lafimen an chak 8-10 ane oswa dapre eksplikasyon manifakti a.
  • Pa janm dezaktive yon detektè lafimen pandan w ap kwit manje - li kapab yon erè ki detwi lavi ou. Louvri yon fenèt oswa yon pòt, epi peze bouton "hush", pase yon twal nan alam nan pou retire lè a, oswa mete tout alam nan sou yon distans plizyè pye avèk kote a.

Sekirite alam lafimen pou moun ki gen pwoblèm aksè oswa fonksyonèl

  • Yon faktotom enstale alam ki detekte lafimen pou yon rezidan granmoun aje.Nou ankouraje moun k ap bay swen yo pou tcheke detektè lafimen moun ki pa kapab fè sa poukont yo.
  • Alam odyo pou moun ki gen pwoblèm pou wè ta dwe poze avèk yon ti entèval silans ant chak sik swivi pou moun kapab tande eksplikasyon oswa vwa lòt moun.
  • Detektè lafimen ki gen yon vibratè oswa limyè k ap mouri-limen disponib pou moun ki mal pou tande. Kontakte depatman ponpye lokal ou pou jwenn enfòmasyon sou fason pou jwenn detektè lafimen ki gen limyè k ap mouri-limen oswa vibratè.
  • Detektè lafimen ki gen yon limyè estwoboskopik deyò lakay ou pou atire atansyon vwazen yo, ak sistèm apèl pou ijans pou mande èd, disponib tou.

Plis Konsèy sou Pwoteksyon kont Dife

  • Fèmen leve nan de aparèy pou etenn dife.Dòmi avèk pòt ou fèmen.
  • Se sèlman moun ki antrene nan bon jan itilizasyon ak antretyen ekstenktè ki ta dwe anvizaje itilize yo lè li nesesè. Kontakte depatman ponpye lokal ou pou jwenn enfòmasyon sou antrènman ki nan zòn ou ak sou ki kalite pou achte pou lakay ou.
  • Anvizaje enstale yon sistèm ekstenktè otomatik ki fonksyone avèk dlo pou dife lakay ou.
  • Mande depatman ponpye lokal ou pou yo enspekte kay ou pou pwoteksyon ak prekosyon kont dife.

Pandan yon Dife

  • Ranpe byen ba anba nenpòt lafimen pou sòti - gwo lafimen ak gaz pwazon ap monte nan plafon kay la anvan.
  • Lè detektè lafimen an ap sonnen, sòti vit. Ou ka gen sèlman kèk segonn pou sòti san pwoblèm.
  • Si gen lafimen ki bloke pòt ou oswa premye kote pou sòti a, itilize dezyèm kote pou sòti a.
  • Lafimen se yon bagay ki toksik. Si ou dwe sòti nan lafimen an, bese byen ba epi ale anba lafimen an nan kote pou sòti a.
  • Anvan ou louvri yon pòt, manyen bouton pòt la ak pòt la. Si nenpòt ladan yo cho, kite pòt la fèmen, epi itilize dezyèm kote pou sòti a.
  • Si gen lafimen k ap sòti toutotou pòt la, kite pòt la fèmen epi itilize dezyèm kote pou sòti a.
  • Si w ap louvri yon pòt, louvri li dousman. Pare ou pou fèmen pòt la vit si gen gwo lafimen oswa dife.
  • Si ou pa kapab ale kote yon moun ki bezwen èd, kite kay la epi rele 9-1-1 oswa depatman ponpye. Fè operatè ijans lan konnen kote moun nan ye.
  • Si bèt-kay yo bloke andedan kay ou, fè ponpye yo konnen sa touswit.
  • Si ou pa kapab sòti, fèmen pòt la epi kouvri bouch ayerasyon ak fant ki toutotou pòt yo avèk twal oswa adeziv pou bloke lafimen an. Rele 9-1-1 oswa depatman ponpye ou. Rete kote ou ye a, epi bay siyal pou èd nan fenèt la avèk yon rad ki gen koulè pal oswa avèk yon flach.
  • Si rad ou pran dife, kanpe, bese kò ou atè, epi woule – kanpe imedyatman, bese atè, epi kouvri figi ou avèk men ou. Woule anpil fwa oswa woule nan chak sans jouk lè dife a etenn sou ou. Si oumenm oswa yon lòt moun pa kapab kanpe, bese ak woule, toufe flanm yo avèk yon dra oswa yon twal. Itilize dlo frèt pou trete brili a imedyatman pandan 3 a 5 minit. Kouvri li avèk yon twal ki pwòp ak sèk. Rele 9-1-1 oswa depatman ponpye pou chèche èd medikal touswit.

Chape nan dife

  • Yon fanmi ki gen timoun piti ki fè yon plan chape lè gen dife.Asire fenèt yo pa kloure oswa pa bloke avèk penti. Asire griy sekirite ki sou fenèt yo gen yon sistèm ouvèti pwoteksyon kont dife pou yo kapab louvri san pwoblèm sou andedan.
  • Anvizaje gen nechèl sekou si kay ou gen plis pase yon etaj, epitou asire ba pwoteksyon kont vòlè ak lòt pwosesis anti-vòl ki bloke deyò antre fenèt la louvri san pwoblèm sou andedan.
  • Montre manm fanmi ou kijan pou yo bese atè (kote lè a pi pwoteje nan yon dife) lè y ap sòti prese-prese nan yon dife.
  • Netwaye zòn estokaj yo. Pa kite fatra, tankou ansyen jounal ak ansyen magazin, fè pil.

Plan pou Sòti nan Dife pou Granmoun Aje ak Moun ki gen Pwoblèm Aksè oswa  Fonksyonèl

  • Viv toupre yon kote pou sòti. W ap gen plis sekirite nan etaj anba si w ap viv nan yon bilding ki gen apatman. Si w ap viv nan yon kay ki gen plizyè etaj, fè aranjman pou dòmi nan etaj anba a ak toupre yon kote pou sòti.
  • Si ou itilize yon deyanbilatè oswa yon chèz-woulan, tcheke tout kote pou sòti yo pou asire w ap pase nan papòt yo.
  • Fè nenpòt aranjman ki nesesè, tankou bay ranp ak elajisman papòt yo, pou fasilite moun yo sòti pou ijans.
  • Pale avèk manm fanmi ou, avèk manadjè bilding ou, oswa avèk vwazen ou sou plan pwoteksyon ou kont dife, epi pratike plan an avèk yo.
  • Kontakte liy depatman ponpye lokal ou ki pa pou ijans, epi eksplike yo bezwen espesyal ou. Mande founisè sèvis pou ijans yo pou yo kenbe enfòmasyon sou bezwen espesyal ou nan dosye.
  • Kite yon telefòn toupre kabann ou, epi pare pou rele 911 oswa nimewo ijans lokal ou si ta gen yon dife.

Apre Dife a

Li kapab akablan sou plan fizik ak mantal pou retounen nan aktivite ou apre yon dife. Lè gen dife, lavi moun vire tèt-anba. Souvan, pati ki pi difisil la se konnen ki kote pou kòmanse ak kimoun pou kontakte.

Lis tout sa pou fè ki anba la a ap sèvi ou kòm yon referans rapid ak gid pou ou pou swiv apre yon dife.

  • Kontakte sèvis sekou lokal ou pou katastwòf, tankou Lakwa-Wouj, si ou bezwen lojman pwovizwa, manje ak medikaman.
  • Si ou gen asirans, kontakte konpayi asirans ou pou jwenn eksplikasyon detaye sou fason pou pwoteje pwopriyete ou, sou fason pou fè envantè ak sou fason pou kontakte konpayi reparasyon domaj dife lakòz. Si ou pa gen asirans, eseye kontakte òganizasyon prive pou jwenn èd ak asistans.
  • Kontakte depatman ponpye pou asire ou pa gen pwoblèm pou antre lakay ou. Pran prekosyon ou avèk nenpòt domaj dife a lakòz nan fondasyon kay la.
  • Depatman ponpye ta dwe verifye si sèvis piblik yo swa bon pou itilize oswa si yo dekonekte anvan yo kite kay la. PA eseye rekonekte sèvis piblik yo poukont ou.
  • Fè yon envantè pwopriyete ak atik ki domaje o. Pa jete okenn machandiz ki domaje jouk apre ou fin fè yon envantè.
  • Eseye chèche dokiman ak dosye enpòtan yo. Gade enfòmasyon ki sou kontak ak pwosesis ranplasman andedan tiliv sa a.
  • Si ou kite kay ou, kontakte depatman lapolis lokal pou fè yo konnen pa gen moun nan kay la.
  • Kòmanse sere resi pou nenpòt lajan ou depanse ki asosye avèk sa ou pèdi nan dife a. Resi yo ka nesesè pita pou konpayi asirans lan pou yo verifye sa ou pèdi ki reklame nan fòm taks deklarasyon sou revni ou.
  • Fè konpayi prè ipotekè ou konnen dife a.
  • Kontakte yon kontab oswa Internal Revenue Service sou avantaj espesyal pou moun k ap chèche èd apre yo fin fè pèdans nan dife.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou sa ou ta dwe fè apre yon dife lakay ou, tankou evalyasyon pwopriyete ou, ranplasman dokiman ou, ak sijesyon pou jwenn byen ou pèdi yo, ale sou Entènèt nan sitwèb Administrasyon Ponpye Etazini.

Kwit Manje

Yon fanm ki pi gran kwit manje yon repa sou yon recho gaz nan kwizin nan.Kwit Manje

Pifò dife ki pran nan kay sòti nan kuizin nan pandan y ap fè manje, epi dife sa yo lakòz moun pran chòk. Kòz komen pou dife lannwit se sigarèt yo jete yon fason neglijan, etensèl chemine ki pa gen ekran pou bare etensèl oswa pòt an vit, ak aparèy chofaj yo kite twò pre mèb yo oswa konbistib. Dife sa yo kapab sitou danjere paske yo ka konsonmen pandan yon peryòd tan long anvan moun k ap dòmi nan kay la dekouvri yo.

Ou kapab evite dife nan kay! Etap ki anba la yo se etap senp nou chak kapab fè pou evite yon trajedi.

Fason pou Kwit manje

  • Rete nan kuizin nan lè w ap fri, griye, oswa bouyi manje. Si ou kite kuizin nan pou menm yon peryòd tan ki kout, fèmen fou a.
  • Mete rad manch kout, ki ajiste oswa ki woule sere lè w ap kwit manje.
  • Pa kwit manje si ou anvi dòmi, si ou t ap bwè alkòl, oswa si ou pran medikaman k ap fè ou anvi dòmi.
  • Mete timoun yo lwen avèk zòn kote w ap kwit manje. Pou fè sa, egzije timoun yo pou yo rete nan yon "zòn san timoun" ki gen yon distans 3 pye avèk fou a.
  • Mete griy babikyou a nan yon pozisyon 10 pye avèk miray ak balistrad teras, epi deyò anba ovan ak branch ki depase tèt kay la.

Fimen

  • Si ou fimen, fimen deyò kay la. Pifò dife materyèl fimen lakòz yo kòmanse andedan kay la. Mete sigarèt ou deyò nan yon bwat ki plen sab.
  • Asire mete sigarèt yo ak sann yo deyò. Ou dwe kraze bout sigarèt la nèt nan yon sandriye. Tranpe bout sigarèt yo ak sann yo nan dlo anvan ou jete yo. Pa janm voye bout sigarèt oswa sann cho nan poubèl la.
  • Tcheke bout sigarèt yo. Chèz ak sofa pran dife vit epi yo boule vit. Pa mete sandriye sou yo. Si gen moun ki t ap fimen nan kay la, tcheke si gen sigarèt anba kousen yo.
  • Pa janm fimen nan yon kay kote yo itilize oksijèn, menmsi oksijèn nan fèmen. Oksijèn kapab eksplozif, epi l ap fè dife a boule pi cho ak pi vit.
  • Montre ou vijilan - pa fimen sou kabann! Si ou deja dòmi, si ou t ap bwè, oswa si ou te pran medikaman ki fè ou anvi dòmi, mete sigarèt ou deyò anvan.

Sekirite nan Kouran Elektrik ak Aparèy Menaje

  • Fil ki dekale kapab lakòz dife. Ranplase tout fil aparèy menaje ki wonje, ansyen oswa domaje imedyatman, epi pa pase fil yo anba twal oswa mèb.
  • Achte sèlman aparèy elektrik yo evalye nan yon laboratwa yo rekonèt tout kote nan peyi a, tankou Underwriters Laboratory (UL).
  • Si yon aparèy menaje gen yon plòg twa (3) branch, itilize li sèlman nan priz-kouran ki gen twa (3) fant. Pa janm fòse li antre nan yon priz-kouran oswa yon ralonj ki gen de (2) fant.
  • Itilize ralonj elektrik yo yon fason ki rezonab; pa janm konekte twòp aparèy nan ralonj yo oswa nan priz-kouran ki nan miray.
  • Fèmen imedyatman entèriptè ki twò cho ak limyè k ap mouri-limen, epi ranplase yon fason ki pwofesyonèl.

Aparèy Chofaj Pòtatif

  • Kite objè konbistib yo omwen sou yon distans twa (3) pye avèk aparèy chofaj pòtatif yo.
  • Achte sèlman aparèy chofaj yo evalye nan yon laboratwa yo rekonèt tout kote nan peyi a, tankou Underwriters Laboratory (UL).
  • Tcheke pou wè si aparèy chofaj pòtatif gen yon pwosesis kontwòl tèmosta, epi si l ap etenn otomatikman lè aparèy chofaj la tonbe.
  • Kontakte depatman ponpye lokal ou pou konnen si li legal pou itilize chofaj avèk kewozèn nan kominote ou.
  • Itilize sèlman kewozèn K-1 ki klè nèt nan aparèy chofaj ou ki fonksyone avèk kewozèn. Pa janm plen li twòp. Itilize aparèy chofaj nan yon chanm ki byen ayere.

Chemine ak Founo ki Limen avèk Bwa

  • Enspekte ak netwaye tiyo founo ki limen avèk bwa yo ak chemine yo chak ane, epi tcheke yo chak mwa pou si gen domaj oswa blokaj.
  • Pa janm boule fatra, papye oswa bwat vèt.
  • Itilize ekran para-etensèl ki lou ase pou bloke bout bwa k ap woule yo, epi ki gwo ase pou kouvri tout bouch chemine a pou bare etensèl k ap vole yo.
  • Asire dife a etenn nèt anvan ou kite kay la oswa anvan ou monte kabann nou.
  • Estoke sann frèt yo nan yon bwat metal ki byen fèmen deyò kay la.

Timoun

  • Senplifye jwèt dife a lè ou montre timoun yo dife se yon zouti, pa yon jwèt.
  • Konsève alimèt ak brikè kote timoun pa ka pran ak wè yo. Mete yo pito nan plaka ki fèmen.
  • Montre timoun yo pou yo pa pran alimèt oswa brikè yo ka jwenn. Olye sa, yo ta dwe di yon adilt sa imedyatman.
  • Pa janm kite timoun yo poukont yo toupre fou k ap opere oswa bouji ki limen, menm pou yon ti tan.
  • Tcheke anba kabann yo ak andedan plaka yo pou wè si gen alimèt ki boule, prèv ki montre timoun yo ka jwe avèk dife.

Plis Konsèy pou Prekosyon

  • Pa itilize bouji ki limen.
  • Pa janm itilize founo oswa fou pou chofe kay ou.
  • Ranplase matla ki te fèt anvan Prensip Federal 2007 pou Enflamabilite Matla. Lalwa egzije pou matla ki fèt depi lè sa gen plis sekirite.
  • Mete likid konbistib ak flamab yo lwen sous chofaj yo.
  • Toujou mete gaz nan dèlko pòtatif yo deyò kay la.

Piblikasyon FEMA

Si ou bezwen plis enfòmasyon sou nenpòt nan sijè sa yo, resous ki anba la yo pou Administrasyon Ponpye Etazini ka ede ou.

SITWÈB KI ASOSYE

Ale sou Entènèt nan sitwèb ki anba la yo pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou planifye ak prepare pou yon dife ak sou fason pou konnen resous ki disponib yo:

KONTAKTE DEPATMAN PONPYE ZÒN OU

Pou jwenn plis enfòmasyon sou detektè lafimen, giklè ensandi, prekosyon pou dife, ak fason pou pratike plan deplasman si kay ou ta pran dife, kontakte depatman ponpye zòn ou nan yon nimewo telefòn ki pa la pou ijans, oswa ale sou Entènèt nan sitwèb Administrasyon Ponpye Etazini.