Main Content

Manje

atik manje nan bwat ak yon ouvbwat

Anvizaje bagay sa yo lè w ap rasanble rezèv ou pou ijans:

  • Konsève omwen yon kantite manje ki p ap gate pou twa (3) jou.
  • Chwazi manje fanmi ou ap manje.
  • Sonje nenpòt bezwen dyetetik espesyal.
  • Evite manje k ap fè ou swaf. Chwazi krakè san sèl, sereyal konplè ak manje konsèv ki gen anpil likid.

Apre yon katastwòf, ka gen blakawout ki kapab dire pandan plizyè jou. Estoke manje konsèv, melanj sèks yo ak lòt manje debaz ki pa bezwen refrijerasyon, atik pou kwit manje, dlo oswa preparasyon espesyal. Asire ou mete yon kle pou louvri bwat alamen ak veso pou manje.

Rezèv Manje ki Sijere pou Ijans

Nou sijere ou atik ki anba la yo pou lè w ap chwazi rezèv manje. Ou ka deja gen atik sa yo souplas.

  • Vyann konsèv, fwi, legim ki pare pou manje, ak yon kle pou louvri bwat konsèv yo
  • Pwoteyin oswa ba fwi
  • Sereyal sèk oswa sereyal an mòso
  • Manba
  • Fwi sèk
  • Nwa
  • Krakè
  • Ji nan bwat
  • Lèt pasterize ki p ap gate
  • Manje ki gen anpil enèji
  • Vitamin
  • Manje pou tibebe
  • Manje pou konfò/estrès

Sekirite ak Ijyèn Manje

A manual can opener and food can

Inondasyon, dife, katastwòf nasyonal oswa blakawout akòz van fò, nèj oswa glas kapab menase sekirite manje ou.Si ou konnen sa pou fè anvan ak apre yon ijans sa kapab ede ou redui risk maladi ak diminye nèt kantite manje ki ka pèdi akòz domaj.

Kapab gen blakawout nenpòt kilè nan ane a, epitou li ka pran anpil èdtan ak anpil jou pou vin gen kouran ankò nan zòn kote moun abite. San kouran elektrik oswa san yon sous tanperati frèt, manje ki konsève nan frijidè ak nan frizè kapab vin pa bon. Bakteri ki nan manje grandi vit nan tanperati ki ant 40 degre ak 140 °F, epitou si yon moun manje nan manje sa yo, moun nan kapab vin malad anpil.

Sa pou fè:

  • Konsève manje a nan veso ki kouvri.
  • Toujou kite veso pou kwit manje ak veso pou manje pwòp.
  • Kite fatra yo nan bwat ki fèmen, epi mete bwat yo deyò, pou antere fatra yo si li nesesè.
  • Toujou kite men ou pwòp. Pou fè sa, lave yo souvan avèk savon ak dlo ki te bouyi oswa ki te dezenfekte.
  • Jete nenpòt manje ki vin an kontak avèk dlo inondasyon ki kontamine.
  • Jete nenpòt manje ki te nan tanperati nòmal pandan dezèdtan oswa plis.
  • Jete nenpòt manje ki gen yon odè, koulè oswa teksti dwòl.
  • Si li posib, itilize lèt an poud ki pare pou bwè pou tibebe ki bwè lèt an poud. Si li pa posib pou itilize lèt an poud ki pare pou wè, li pi bon pou itilize dlo nan boutèy pou prepare lèt an poud la oswa lèt konsantre a. Si pa gen dlo nan boutèy, itilize dlo bouyi. Itilize dlo ki trete pou prepare lèt an poud la sèlman si ou pa gen dlo nan boutèy oswa dlo bouyi. Tibebe ki nan tete ta dwe kontinye bwè lèt tete.

Sa pou pa fè:

  • Manje sa ki nan bwat ki gonfle, ki gen twou oswa ki wonje, menmsi pwodui a ka sanble bon pou manje.
  • Manje nenpòt sa ki sanble dwòl oswa ki gen yon odè dwòl, menmsi bwat la sanble nòmal.
  • Kite fatra anpile andedan, alafwa pou rezon dife ak ijyèn.

Nòt:Anjeneral, ou kapab manje sa ki dekonjle si li toujou “frèt nan frijidè.” Li kapab re-konjle si li toujou gen kristal glas. Pou pa gen pwoblèm di tou, sonje, “Lè ou pa sèten, jete li.”

Pou jwenn plis enfòmasyon sou sekirite manje pandan yon ijans, ale sou Entènèt nan sitwèb FoodSafety.gov.

Kwit Manje

Close up of a burning gas on a stove burner

Lòt sous pou kwit manje nan moman ijans ki gen ladan recho ki chofe avèk bouji, recho, kaswòl ki gen arebò oswa yon chemine.

Griy ki fonksyone avèk chabon ak fou kan se pou itilize deyò sèlman.

Ou ka manje sa yo vann nan bwat konsèv deyò bwat la san ou pa chofe li.

Pou chofe manje ki nan yon bwat:

  1. Retire etikèt la.
  2. Lave bwat la nèt, epi dezenfekte li. (Itilize yon solisyon dilye ki gen yon pati klowòks pou dis (10) pati dlo.)
  3. Louvri bwat la anvan ou chofe li.

Fason pou jere manje lè pa gen kouran

Prepare ou:

  • Chèche jwenn yon tèmomèt frijidè.
  • Konnen kote ou kapab jwenn glas sèk.
  • Kite yon kantite manje disponib ki pare pou manje pou kèk jou epi ki pa bezwen pou kwit oswa pou glase.

Lè Pa Gen Kouran:

  • Kite pòt frijidè a ak frizè a fèmen otank posib.
  • Frijidè a ap kenbe manje a frèt pou apeprè 4 èdtan si ou pa louvri li.
  • Ou ta dwe kite frijidè yo a 40° F oswa anba pou byen konsève manje a.

Lè Vin Gen Kouran Ankò:

  • Tcheke tanperati andedan frijidè a ak frizè a.
  • Si tèmomèt yon aparèy menaje te rete nan frizè a, tcheke tanperati a lè vin gen kouran ankò. Si tèmomèt frizè a endike 40° F oswa pi ba, manje a bon, epi li ka re-konjle. Si ou pa t kite yon tèmomèt nan frizè a, tcheke chak pake manje pou detèmine si yo bon. Ou pa kapab baze sou aparans oswa odè. Si manje a toujou gen kristal glas ladan oswa si li gen yon tanperati 40° F oswa mwens, li bon pou re-konjle oswa pou kwit.
  • Manje ki konsève nan frijidè ta dwe bon si te gen blakawout pandan apeprè 4 èdtan. Kite pòt la fèmen otank posib.
  • Jete nenpòt manje ki ka gate (tankou vyann, vyann bèt volay, pwason, ze oswa rès manje) ki pa t gen yon tanperati ki te depase 40° F pandan dezèdtan oswa plis.

Itilizasyon Glas Sèk:

  • Nan sikonstans nòmal, ou pa ta dwe kite glas sèk nan frizè a. Si frizè ou fonksyone byen, l ap lakòz inite a vin twò frèt, epi frizè ou ka sispann fonksyone. Men, si ou pa gen kouran pandan yon peryòd tan ki long, glas sèk se pi bon fason pou kenbe manje yo glase.
  • Vennsenk (25) liv glas sèk ap kenbe yon frizè 10 pye kib anba tanperati pou konjle pandan 3-4 jou.
  • Si ou itilize glas sèk pou kenbe manje ou glase, asire li pa gen kontak dirèk avèk manje a.
  • Pran anpil prekosyon lè w ap manyen glas sèk la, mete gan ki sèk ak lou pou pa pran chòk.