Main Content

SISTÈM & SIYAL AVÈTISMAN

Yon radyo ijans. Toujou pran enfòmasyon pandan yon katastwòf nan radyo k ap bay mesaj pou ijans.

Chèche konnen ki kalite katastwòf, natirèl ak aksidantèl, ki gen plis chans pou rive nan zòn ou ak fason w ap resevwa notifikasyon sou sa.

Metòd pou atire atansyon ou pa menm pou chak kominote. Yon metòd ki komen se bay enfòmasyon yo emisyon k ap fèt nan radyo ak televizyon sou ijans lan. Ou ta ka tande yon sirèn espesyal, oswa yon apèl telefonik oswa travayè ijans yo ka ale nan chak pòt.

Anpil kominote bay notifikasyon alèt pou ijans tou nan sistèm pa yo. Kontakte gouvènman eta ak lokal pou pou konnen kisa ki disponib nan zòn ou.

 

Alèt Ijans San Fil

Ekran Alèt pou Ijans nan Aparèy san Fil Pou amelyore sekirite piblik la, yon sèvis Alèt Ijans San Fil ap lanse. Mesaj WEA yo se mesaj alèt tankou tèks ou resevwa nan telefòn selilè ou pandan yon ijans nan zòn ou.Objektif WEA se pou bay yon gwo kantite moun nan piblik ameriken an ki gen telefòn selilè yon fason ki gratis ak rapid pou resevwa enfòmasyon ki enpòtan anpil.

Kesyon Moun Poze Souvan

  1. Pou kisa sa enpòtan pou mwen?
    Alèt ou resevwa nan bon moman yo kapab ede ou rete an sekirite pandan yon ijans. Avèk WEA, yo kapab voye ijans yo nan telefòn selilè ou lè ou ka an danje, san ou pa bezwen tele-chaje yon aplikasyon oswa san ou pa bezwen abòne nan yon sèvis.
  2. Kisa mesaj WEA yo ye?
    Alèt pou Ijans nan Aparèy san Fil (WEA) se mesaj gouvènman ki gen otorizasyon voye pou ijans pou alète otorite yo nan konpayi telefòn selilè ou.
  3. Ki kalite alèt m ap resevwa?
    Gwo-gwo chalè, ak ijans ki menasan nan zòn ou

     Alèt AMBER
    Alèt Prezidan bay pandan yon ijans nasyonal

  4. Avèk kisa yon mesaj WEA sanble?
    WEA ap sanble avèk yon mesaj tèks. Mesaj WEA ap montre kalite ak lè alèt la, nenpòt aksyon ou ta dwe fè, ak ajans ki bay alèt la. Mesaj la p ap gen plis pase 90 lèt.
  5. Kijan m ap konnen diferans ant mesaj WEA ak yon mesaj tèks regilye?
    Mesaj WEA yo gen ladan yon ton ak vibrasyon espesyal, toulède repete de fwa.
  6. Ki kalite mesaj WEA Sèvis Nasyonal Metewoloji ap voye?
    Avètisman pou Radmare
    Avètisman pou Tònad ak Inondasyon Toudenkou
    Avètisman pou Ouragan, Tifon, Tanpèt Pousyè ak Van ki Fò Anpil
    Avètisman pou Tanpèt Nèj, Tanpèt Glas, ak Tanpèt Nèj Efè Lak
  7. Kisa mwen ta dwe fè lè mwen resevwa yon mesaj WEA?
    Swiv nenpòt aksyon mesaj la mande ou pou fè. Chèche plis detay nan medya oswa otorite lokal yo.
  8. Èske m ap resevwa yon mesaj WEA si m ap vizite yon zòn kote mwen p ap viv, oswa deyò zòn kote telefòn mwen anrejistre?
    Wi, si ou gen yon telefòn ki kapab resevwa mesaj WEA epi si konpayi telefòn san fil ou patisipe nan pwogram nan. (142 konpayi, ansanm ak tout pi gwo konpayi yo, patisipe.)
  9. Kisa pou mwen fè si mwen vwayaje nan yon zòn ki gen menas apre yo deja voye yon mesaj WEA?
    Si w ap vwayaje nan yon zòn ki gen menas apre yo fèk voye yon alèt, aparèy ou ki kapab resevwa mesaj WEA ap resevwa mesaj la lè ou antre nan zòn nan.
  10. Kilè m ap kòmanse resevwa mesaj WEA yo?
    Sa depan. Alèt metewolojik WEA yo te kòmanse nan mwa jen, men anpil aparèy mobil sitou sa ki ansyen yo, pa kapab resevwa mesaj WEA. Lè ou achte yon nouvo aparèy mobil, li pètèt ap kapab resevwa mesaj WEA yo. Tcheke sa avèk konpayi aparèy mobil ou.
  11. Èske menm ajans sekirite piblik ki bay sèvis la te mande piblik la pou anrejistre pou sa?
    Non, men yo se yon diplis. Ajans lokal yo te ka mande ou pou enskri pou resevwa koutfil yo, mesaj tèks yo, oswa imèl yo. Mesaj sa yo souvan gen ladan detay espesyal sou yon evènman enpòtan. Alèt WEA yo se mesaj trè kout kui la pou atire atansyon ou nan yon sitiyasyon enpòtan. Yo ka pa bay tout detay ou resevwa nan lòt sèvis ki bay avi a. Piblik la ta dwe louvri radyo, televizyon oswa Radyo Metewolojik NOAA pou jwenn lòt eksplikasyon.
  12. Èske y ap fè mwen peye pou resevwa mesaj WEA yo?
    Non. Konpayi telefòn selilè yo ofri sèvis sa a pou gratis. Mesaj WEA yo p ap konte pou limit tèks ki nan plan telefòn selilè ou.
  13. Èske WEA konnen kote mwen ye? Èske l ap swiv mwen?
    Non. Sèlman tankou alèt metewolojik ou wè nan televizyon lokal, mesaj WEA yo se emisyon sans inik ant pilòn telefoni selilè yo ak aparèy mobil ki nan zòn nan. Chak telefòn ki kapab resevwa mesaj WEA nan limit lan pa resevwa mesaj la, sèlman tankou chak televizyon pibliye yon alèt metewolojik si ou limen televizyon an. Estasyon televizyon, tankou WEA, pa konnen egzakteman kimoun ki limen yo.
  14. Èske yon mesaj WEA ap sispann konvèsasyon mwen yo nan telefòn nan?
    Non, alèt la ap pran rete jouk lè ou fini koutfil ou.
  15. Konbyen fwa m ap resevwa mesaj WEA yo?
    Ou ka resevwa yon ti kantite mesaj WEA, oswa ou ka resevwa mesaj yo souvan lè kondisyon yo chanje pandan yon ijans. Kantite mesaj yo depannde kantite menas ki genyen pou lavi moun oswa pou pwopriyete ki nan zòn ou.
  16. Si, pandan yon ijans, mwen pa kapab fè oswa resevwa koutfil oswa mesaj tèks akòz blokis nan rezo a, èske m ap toujou kapab resevwa yon mesaj WEA?
    Wi, mesaj WEA yo pa afekte nan blokis rezo.
  17. Kisa pou mwen fè si mwen pa vle resevwa mesaj WEA?
    Ou kapab chwazi pou pa resevwa mesaj WEA yo pou menas k ap vini ak alèt AMBER yo, men pa pou mesaj Prezidan. Pou chwazi pou pa resevwa mesaj yo, ajiste paramèt ki nan aparèy mobil ou.
  18. Kijan m ap resevwa alèt yo si mwen pa gen yon aparèy ki kapab resevwa WEA?
    WEA se sèlman youn nan fason ou resevwa alèt pou ijans. Kontakte konpayi telefòn mobil ou pou wè si sèvis WEA disponib nan zòn ou, epi si aparèy san fil ou kapab resevwa mesaj WEA.
    Lòt sous yo gen ladan Radyo Metewolojik NOAA, bilten nouvèl nan televizyon ak radyo, Sistèm Alèt pou Ijans nan pwogram radyo ak televizyon, sirèn deyò, ak lòt metòd pou bay alèt yo ofri nan ajans sekirite piblik lokal ak leta.

 Sistèm Alèt pou Ijans (EAS) 

 Sistèm Alèt pou Ijans (EAS) kapab deziyen pou tout nasyon an sou avi ki trè kout sizoka gen yon menas grav oswa yon ijans nasyonal. Mande si estasyon radyo oswa televizyon lokal ou patisipe nan EAS.

 Radyo Metewolojik NOAA

Radyo Metewolojik (NWR) Administrasyon Nasyonal Oseyanik ak Atmosferik (NOAA) se yon rezo estasyon radyo toupatou nan peyi a k ap fè emisyon san rete pou bay enfòmasyon dirèkteman nan yon biwo Sèvis Nasyonal Metewoloji toupre a pou sitou reseptè radyo metewolojik NOAA ki konfigire. Detèmine si Radyo Metewolojik NOAA disponib kote w ap viv la. Si li disponib, anvizaje achte yon reseptè radyo metewolojik NOAA.