Main Content

Kreye Yon Twous

Yon fanmi ap prepare pou yon katastwòf avèk kreyasyon yon twous rezèv pou ijans.

Kreye Yon Twous

Yon twous rezèv pou katastwòf se senpleman yon gwoup atik debaz moun lakay ou ka bezwen sizoka gen yon katastwòf.

Eseye byen rasanble atik pou mete nan twous ou anvan yon katastwòf. Ou ka gen pou deplase sanzatann, epi ou ka gen pou ale avèk atik enpòtan yo. Ou p ap gen tan pètèt pou chèche atik ou bezwen yo oswa pou achte yo.

Ou ka bezwen siviv poukont ou apre yon ijans. Sa vle di ou dwe gen manje, dlo ak lòt rezèvpa ou nan kantite ki ase pou dire omwen 72 èdtan. Ofisyèl ak travayè sekou zòn ou yo ap souplas apre yon katastwòf, men yo pa kapab ede tout moun imedyatman. Ou kapab jwenn èd nan kèk èdtan oswa ou ta ka rete tann plizyè jou pou jwenn èd la.

Answit, sèvis debaz tankou kouran elektrik, gaz, dlo, tretman egou ak telefòn ka sispann pandan plizyè jou oswa menm pandan yon semèn, oswa pandan plis tan. Twous rezèv ou ta dwe gen ladan atik pou ede ou debouye ou pandan pàn sa yo.