Nivo Fòmaldeyid nan Kay-Mobil FEMA te distribye yo Premye Rezilta ki sòti nan Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) Objektif Depliyan sa a ap fè w konnen kisa chèchè yo te jwenn nan dènye tès lè ki andedan karavàn (trelè) ak kaymobil yo ke Federal Emergency Management Agency (FEMA) distribiye nan kominote pa ou. L ap ba ou tout enfòmasyon pou pwoteje sante ou ak enfòmasyon sou èd ki genyen pou jwenn lojman pèmanan. Enfòmasyon Jeneral : An desanm 2007 ak janvye 2008, Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) te fè tès pou chèche konnen nivo fòmaldeyid ki nan lè ki andedan karavàn ak kay-mobil FEMA te distribiye yo. CDC te analize done li jwenn nan tès la epi li jwenn rezilta ki afekte sante moun k ap viv nan karavàn ak kaymobil FEMA te distribiye yo. Rezilta sa yo reprezante premye rezilta epi yo pa final. Kisa CDC te jwenn? • Nan anpil karavàn, kay-mobil ak kay ki nan pak yo te teste yo, nivo fòmaldeyid yo te wo anpil. Nivo yo te pi wo pase nivo nòmal ki nan lè andedan pifò kay Ozetazini. • Nivo mwayen fòmaldeyid nan tout karavàn ak kay-mobil yo te apeprè 77 pati pa milya (ppb). Si w respire kantite fòmaldeyid sa a, sa kapab afekte sante ou apre yon sèten tan. • Nivo fòmaldeyid la te pètèt pi wo nan karavàn ak kay-mobil ki pi nèf yo lè tan an pi cho. • Nivo fòmaldeyid yo pa te menm jan nan kay-mobil, nan kay ki nan pak yo, ak nan karavàn yo, men tout kalite karavàn ak kay-mobil ki te teste yo te genyen yon sèten nivo ki wo. Kisa ou ta dwe fè? • Fanmi k ap viv nan karavàn ak nan kay-mobil yo ta dwe pase anpil tan deyò nan lè fre otank posib. Sa enpòtan sitou pou fanmi ki genyen timoun, granmoun aje oswa moun ki genyen maladi kwonik tankou opresyon. CDC is a federal public health agency under the U.S. Department of Health and Human Services. Formaldehyde Levels in FEMA-Supplied Trailers, Early Findings from the CDC (NW) - Haitian Creole • Louvri fenèt yo otank posib pou kite lè fre antre andedan an. • Eseye kite tanperati andedan karavàn ak kay-mobil yo nan pi ba nivo ki konfòtab la. • Pa fimen, epi sitou pa fimen andedan an. • Si w genyen pwoblèm sante, wè yon doktè oswa yon lòt pwofesyonèl medikal. Ki kote mwen kapab jwenn èd? Pou repons pou kesyon konsènan sante w, tanpri rele CDC nan 1-800-CDC-INFO (1-800-232-4636) Pou chèche konnen chwa ki genyen pou lojman, tanpri rele FEMA nan 1-866-562-2381, oswa TTY 1-800-462-7585 CDC is a federal public health agency under the U.S. Department of Health and Human Services. Formaldehyde Levels in FEMA-Supplied Trailers, Early Findings from the CDC (NW) - Haitian Creole