Printer Friendly

Estati Tanporè Pwoteje pou Ayiti
Kesyon ak Repons

Entwodiksyon

Sekretè Depatman Sekirite Nasyonal Ozetazini (DHS), Janet Napolitano, detèmine gen rezon valab pou yo akòde Ayiti, yon Estati Tanporè Pwoteje (TPS), akozde tranblemanntè ak sekous yo ki te fèt 12 janvye 2010 la. Akoz tranblemanntè sa a, Ayisyen ki abite Ozetazini yo paka retounen san danje nan peyi yo. DHS pral kontinye travay avèk lòt branch Gouvènman Ameriken an pou l kontwole seryezman devlòpman kap fèt Ayiti yo defason pou l sa detèmine si gen nesesite pou yo pran lòt aksyon toujou.

Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Ozetazini (USCIS) pral okipe aplikasyon imigrasyon pou Estati Tanporè Pwoteje (TPS) ke sitwayen ayisyen yo soumèt (ak lòt moun ki pa gen nasyonalite e ki te nòmalman abite Ayiti an dènye lye). Gen enfòmasyon anplis ki pibliye nan Rejis Federal la le 21 janvye 2010 e ki anonse desizyon Sekretè a pou l nonmen Ayiti kòm peyi ki gen TPS. DHS estime gen apeprè 100.000 a 200.000 moun kap kalifye pou TPS.

Kesyon ak Repons

K.   Kisa Estati Tanporè Pwoteje ye?
R.   Sekretè Depatman Sekirite Nasyonal Ozetazini akòde TPS bay sitwayen yon sèten peyi (oswa moun ki pa gen nasyonaite e ki te nòmalman aibte nan peyi sa a an dènye lye) ki te sibi kondisyon negatif tanporè, tankou konfli avèk zam, dezas nan anviwònman an, oswa kondisyon ekstrawòdinè ak tanporè, ki anpeche sitwayen peyi yo retounen nan peyi yo san danje oswa ki anpeche  peyi a òganize retou moun sa yo kòmsadwa. TPS pèmèt moun ki genyen estati sa a rete Ozetazini e li pèmèt yo travay legalman pou yon peryòd tan jiskaske yo ka retounen san danje lakay yo. (Gade nan Seksyon 244 Lwa sou Imigrasyon ak Nasyonalite (Immigration and Nationality Act: INA), 8 U.S.C. § 1254a.)

K.  Mwen se yon sitwayen ayisyen e aktyèlman mwen pa ka retounen Ayiti akoz tranblemanntè a. Èske mwen kalifye pou m aplike pou TPS? 
R.   Pou kalifye, ou dwe:

  • Yon sitwayen ayisyen; oswa yon moun san nasyonalite ki te abite nòmalman Ayiti an dènye lye.
  • Te toujou abite Ozetazini depi 12 janvye 2010.
  • Te kontinyèlman prezan fizikman Ozetazini depi dat piblikasyon Avi Rejis Federal la, ki le 21 janvye 2010.
  • Satisfè sèten kondisyon pou admisiblite imigran, ak lòt kondisyon kalifikasyon pou TPS (Gade nan  INA § 244(c), 8 U.S.C. § 1254a ak 8 C.F.R. §§ 244,2-244,4);
  • Ranpli avèk satisfaksyon tout pwosedi aplikasyon pou TPS yo jan yo dekri yo nan Avi Rejis Federal la ki anonse TPS Ayisyen an, jan yo dekri nan enstriksyon aplikasyon pou TPS yo (Fòmilè I-821), ak nan règleman ki nan 8 C.F.R. §§ 244.6 - 244.9.

K. Si mwen se yon etidyan oswa mwen gen yon lòt estati imigrasyon, èske mwen ka aplike pou TPS tou? 
R.  Wi. Si ou kalifye, ou ka byen genyen TPS anplisde lòt estati w la.

K.   Kimoun ki se yon sitwayen ayisyen?
R.    Seksyon 101(a)(21) nan INA defini yon « sitwayen » kòm « yon moun ki gen lwayote pèmanan pou yon peyi. ». USCIS egzamine lwa ayisyèn nan tou pou detèmine kilès moun ki satisfè definisyon yon sitwayen. Konstitisyon ayisyèn nan deklare « nenpòt moun ki fèt de yon papa ayisyen oswa de yon manman ayisyen e ki yomenm se ayisyen ki fèt Ayiti e ki pa janm renonse nasyonalite yo, moun sa a posede sitwayènte ayisyèn nan lè yo fèt. » Yon moun ka obteni sitwayènte ayisyèn nan tou si li natiralize l selon lwa ayisyèn nan. Gen sèten sikonstans ki ka fè yon Ayisyen pèdi sitwayènte l, tankou si moun nan ta renonse volontèman a sitwayènte ayisyèn nan. Yap aksepte w antanke yon sitwayen ayisyen pou rezon TPS si w bay dokiman sipò ki pwouve avèk satisfaksyon ke ou satisfè kritè pou estati sitwayen sa a jan yo defini l nan lwa ayisyèn nan. Si w gen nenpòt kesyon asavwa si ou se yon sitwayen ayisyen, USCIS ankouraje w pou kontakte yon konsila oswa anbasad Ayiti, epi pou mande asistans legal prive, si li nesesè.

K.   Kilè mwen ka soumèt aplikasyon inisyal pou TPS mwen an?
R.    Peryòd anrejistreman sou sis mwa a kòmanse le 21 janvye 2010, dat yo pibliye Avi Rejis Federal la, e lap kontinye jouk rive 21 janvye 2011. Ou fèt pou soumèt aplikasyon w lan pandan peryòd anrejistreman sa a e se pou aplikasyon w lan gen dat ki koresponn ak dènye jou peryòd anrejistreman an oswa anvan sa, make sou li.

K.  Kouman pou m aplike pou TPS?
R.   Pou aplike pou TPS se pou w ranpli toulède, yon Aplikasyon pou Estati Tanporè Pwoteje (Application for Temporary Protected Status), Fòmilè I-821, ak yon Aplikasyon pou Otorizasyon Travay (Employment Authorization), Fòmilè I-765, avèk nenpòt frè apwopriye (gade nan tablo ki pi ba a) oswa tou ou ka ranpli demann pou egzansyon frè, epi soumèt dokiman sipò yo.

 

Laj Aplikan an

Frè pou
 I-821

 Frè pou byometrik

Fè Demann pou EAD

Frè pou
 I-765

Frè Total pou I-821 ak I-765

< 14

$50

-

Wi

$0

$50

< 14

$50

-

Non
(Se pou w ranpli I-765 kantmèm)

$0

$50

14 – 65

$50

$80

Wi

$340

$470

14 – 65

$50

$80

Non
(Se pou w ranpli I-765 kantmèm)

$0

$130

66+

$50

$80

Wi

$0

$130

66+

$50

$80

Non
(Se pou w ranpli I-765 kantmèm)

$0

$130

TANPRI REMAKE:

  • Ou dwe itilize vèsyon Fòmilè I-821 an ki gen dat 17 oktòb 2007 oswa yon dat annapre dat sa a ak vèsyon Fòmilè I-765 ki gen dat 27 me 2008 oswa yon dat annapre dat sa a. Si w pa itilize vèsyon fòmilè sa yo sa ka lakòz yo rejte aplikasyon w yo.
  • Se pou w pran prekosyon w lè wap ranpli fòmilè yo e asire w ke ou reponn tout kesyon yo.  Si w pa reponn nenpòt kesyon konplètman, sa ka lakòz yo travay sou dosye w la anreta. Tanpri, gade dokiman ki vin apa a, sou « Direktiv sou Aplikasyon Fòmilè I-821 ».

K.  Ki kote mwen ka jwenn fòmilè nesesè yo pou TPS?
R.  Fòmilè TPS yo disponib lè w rele nimewo pou apèl gratis pou Liy Enfòmasyon USCIS pou jwenn fòmilè yo nan (800) 870-3676 oswa lè w seleksyone Fòmilè sou sit entènèt USCIS la, ki nan www.uscis.gov/forms.

K.  E si mwen pa ka peye pou frè anrejistreman ak/oswa frè byometrik yo?
R.   Si w pa ka peye pou frè yo, ou ka mande pou yon egzansyon frè pou frè aplikasyon TPS (Fòmilè I-821), frè aplikasyon pou Dokiman Otorizasyon Travay (EAD) (Fòmilè I-765) ak frè byometrik la. Ou ka mande tou pou yon egzansyon frè pou aplikasyon pou yon egzansyon ki baze sou inadmisiblite (Fòmilè I-601), si ka w la mande pou jande egzansyon sa a. Yo pa ka egzante frè pou yon aplikasyon pou yon dokiman pou vwayaje sou libète pwovizwa alavans (Fòmilè I-131). Pou w aplike pou yon egzansyon frè, ou dwe soumèt yon deklarasyon ekri, ke w fè sou sèman, sou afimasyon, oswa konfòmeman ak seksyon 28 U.S.C. 1746 e ki gen deklarasyon suivan an: « Map deklare sou penn fo temwayaj ke enfòmasyon map bay la se laverite e li kòrèk, » e se pou deklarasyon sa a gen demann pou yon egzansyon frè ladan l e se pou l endike rezon ki fè w pa ka peye frè anrejistreman an(yo) oswa frè byometrik apa a. Se pou deklarasyon sa a parèt sou demann nan. Si li pa parèt sou li, yap rejte demann ou an. Ou dwe endike tou ki frè espesifik wap mande pou yo egzante nan deklarasyon sou sèman w lan.

Ou dwe soumèt deklarasyon ou ekri ak siyen an avèk nenpòt dokiman sipò e ansanm avèk aplikasyon pou benefis ou a(yo). Se pou demann pou egzansyon frè a esplike pouki rezon ou pa ka peye frè yo e se pou l gen ladan l tou:

  • Nenpòt prèv ki montre wap resevwa benefis piblik onivo federal oswa leta yo evalye baze sou mwayen w (pa egzanp, Medicaid, benefis manje ak nitrisyon (pwogram SNAP), asistans nan lojman, elatriye),*
  • Revni anvan taks ou resevwa pa mwa ki soti tout kote pou chak nan twa mwa anvan ou te voye demann pou egzansyon frè a,
  • Yon lis tout byen oumenm oswa depandan w yo genyen, posede oswa kontwole,
  • Depans ki esansyèl ke w fè chak mwa, se pou enkli tou nenpòt depans ekstrawòdinè (pa egzanp, bòdwo medikal), pou chak nan twa mwa anvan w te soumèt demann pou egzansyon frè a,
  • Yon lis depandan w yo ki Ozetazini, adrès yo ak ki sa yo ye pou ou, ak nenpòt lòt revni depandan w yo reyalize oswa resevwa,
  • Nenpòt prèv ki montre konsiderasyon imanitè (pa egzanp, andikap, laj, sanzabri, chomaj),* ak
  • Nenpòt lòt enfòmasyon ou panse ki sipòte enkapasite w pou peye frè ou ta renmen yo egzante yo.

*Atik ki gen ti asteriks yo bò kote yo pa obligatwa; sepandan, si ou soumèt jande prèv sa yo, sa pral fè demann ou a gen plis pwa lè yap detèmine kalifikasyon w pou yon egzansyon frè.

K.  Ki kalite dokiman sipò debaz pou m soumèt?
R.   Enstriksyon sou kouman pou aplike pou Fòmilè I-821 an liste tout dokiman ki nesesè pou etabli kalifikasyon debaz pou TPS. Anplisde aplikasyon w yo, ou dwe soumèt:

  • De (2) foto paspò ki an koulè ki montre tèt ou;
  • Prèv ou se yon sitwayen ayisyen; oswa yon moun san nasyonalite ki te abite nòmalman Ayiti an dènye lye. (Gade repons pou kesyon ki anba yo pou ka gen egzanp dokiman ou ka soumèt ki pwouve ou satisfè kondisyon sa yo pou TPS.
  • Prèv ki montre ou te kontinye rete Ozetazini san ou pat janm soti depi 12 janvye 2010; ak prèv ki montre ou te toujou rete fizikman Ozetazini depi 21 janvye 2010, ki se dat yo te pibliye Avi Rejis Federal la (prèv tankou lèt anplwayè ou te genyen oswa anplwayè ou gen aktyèlman ekri e ki montre ki kote ou te travay, resi lwaye, souch chèk pewòl, etadkont labank, nòt lekòl, oswa nenpòt ki lòt dokiman ou ta genyen ki montre ou te toujou fizikman prezan e ou te abite Ozetazini.)

Epitou, selon jande kesyon wap reponn nan Fòmilè I-821 an, ou ka oblije soumèt yon esplikasyon alekri pou ka esplike sèten repons ou ap bay. Tanpri, li enstriksyon ki sou Fòmilè I-821 avèk anpil atansyon.

K. Kisa mwen ka itilize kòm prèv ki akseptab pou montre sitwayènte ayisyèn mwen? E si mwen pa ka jwenn dokiman ki pwouve mwen se yon sitwayen ayisyen poutèt dega ki fèt nan peyi m nan?
R.  Gen plizyè dokiman diferan ou ka soumèt pou pwouve nou ou se sitwayen ayisyen, dokiman tankou yon kopi paspò Ayisyen ou, yon kopi Kat Idantite Ayisyen ou, yon kopi dokiman ki montre ou te natiralize ou Ayisyen, yon kopi batistè ou, kopi papye lekòl ou te pase ann Ayiti (si ou genyen yo), sètifika batèm ou, oswa dokiman nasyonalite yon Anbasad oswa yon Konsila Ayiti Ozetazini te ba ou. Sa nou site yo se egzanp prèv primè ki pi akseptab yo. Gen dè sikonstans kote nou ka mande ou prèv anplis pou montre youn nan paran ou yo se sitwayen ayisyen, si malgre nou gen tout dokiman ou soumèt yo, nou pa ka vreman wè toujou si oumenm oswa paran ou se ayisyen. Rezon an se poutèt selon lalwa ann Ayiti, pou yo konsidere yon moun kòm sitwayen ayisyen, manman oswa papa moun lan fèt pou l Ayisyen, oswa moun lan fèt pou l te natiralize l Ayisyen. Sèten Ayisyen kap aplike pou TPS pral gen yon paspò oswa yon Kat Idantite Ayisyèn, sepandan nou  konprann ke poutèt tranblemantè ann Ayiti a, gen dè moun kap aplike ki pap kapab jwenn yon paspò ni sèten dokiman. Pa bliye ou ka voye yon kopi ansyen paspò Ayisyen ou pou nou, menmsi li deja espire. Si ou pagen okenn prèv primè ki akseptab pou montre sitwayènte ayisyèn ou, lè sa a ou ka soumèt prèv segondè, tankou deklarasyon asèmante zanmi oswa manm fanmi ka ba ou depi yo konnen pèsonèlman dat ak lye de nesans ou ansanm ak nasyonalite paran ou. Moun kap fè deklarasyon asèmante a dwe mete enfòmasyon pou l fè konnen pa ki sikonstans li rekonèt ou oswa pa ki sikonstans li se fanmi avèk ou, epi pa ki sikonstans li konnen detay sou dat ak lye de nesans ou. Si ou pa kapab soumèt prèv segondè ki akseptab sou sitwayènte ou, byen souvan nou itilize plizyè lòt dokiman serye kòm sous enfòmasyon pou desizyon ki pral konfime sitwayènte w la ou.

Epitou pa bliye, kèlkeswa dokiman ou ap voye ki pa ann angle, ou fèt pou voye tradiksyon dokiman an mo pou mo ann angle. Moun kap tradui dokiman an dwe sètifye ke li konpetan nan lang angle ak nan lang etranjè ki nan dokiman lap tradui a e se pou l sètifye tou ke tradiksyon an konfòm e kòrèk dapre kapasite l, konesans li ak kwayans li.

Si ou se yon moun ki pa gen okenn nasyonalite epi dènye kote ou te rete a se ann Ayiti, ou fèt pou soumèt yon lèt ou ekri ki deklare pouki rezon ou pagen nasyonalite epitou se pou w soumèt nenpòt ki dokiman ou genyen ki soti Ayiti e ki montre ou te abitye rete la.

K.  Ki egzanp ki montre yon moun ki pa gen nasyonalite e ki te nòmalman abite Ayiti an dènye lye? 
R.   Yon egzanp ki montre yon moun ki pagen sitwayènte se yon moun ki pagen atach avèk okenn peyi. Gen plizyè fason yon moun ka pa gen atach avèk okenn peyi. Pa egzanp, lè peyi etranje kote moun nan te gen nasyonalite l, pa egziste ankò epi pagen okenn lòt peyi ki ranplase l oswa lè pwòp peyi moun nan revoke nasyonalite l. Sitiyasyon sa a pa rive fasil nan kontèks TPS la.

Si w pagen atach avèk okenn peyi epi dènye kote ou te abitye rete a se te ann Ayiti, ou fèt pou ajoute nan aplikasyon TPS la yon lèt pou esplike nan ki kondisyon ou vin pagen atach avèk okenn peyi, ansanm avèk dokiman pou montre Ayiti te dènye kote ou te abite, oswa kote ou te rete nòmalman. Puiske yon moun ki pagen atach avèk okenn peyi ka pagen paspò ditou, li ta bon pou mete nan lèt esplikasyon an detay sou dat ou te rantre Ozetazini ak kijan ou te rive. Byenke nou konprann difikilte ki genyen pou jwenn dokiman ki soti Ayiti, nap ankouraje nenpòt ki moun ki deklare yo se moun ki pagen okenn nasyonalite e ki te abitye rete ann Ayiti anvan pou yo soumèt kopi kèlkeswa dokiman yo ta genyen pou lemoman. Si ou pagen okenn dokiman ki disponib, ou ka soumèt lèt deklarasyon asèmante lòt moun ekri. Moun sa yo fèt pou yo rekonèt ou pèsonèlman e se pou yo ekri ke yo konnen ou te abitye rete ann Ayiti e ke ou pagen nasyonalite.

K.  Kouman pou m pwouve prezans fizik kontinyèl ak rezidans kontinyèl Ozetazini?
R.   Gen plizyè tip dokiman diferan ou ka voye pou pwouve ou te kontinye abite Ozetazini depi 12 janvye 2010, ak prèv pou montre ou te kontinye rete fizikman Ozetazini depi 21 janvye 2010, ki se dat yo chwazi ofisyèlman pou deziyasyon TPS pou Ayiti. Pa egzanp, ou ka soumèt lèt travay ansyen patwon w oswa patwon aktyèl ou ekri ki montre ki kote ou tap travay, resi lwaye, souch chèck pewòl, etadkont labank, papye lekòl, oswa nenpòt lòt dokiman ou ka genyen ki montre prezans fizik kontinyèl ou ak rezidans kontinyèl ou Ozetazini. Ou ka wè yon lis ki gen anpil lòt egzanp dokiman ou ka soumèt pou montre prezans ak rezidans kontinyèl, nan règleman 8 C.F.R. § 244.9(a)(2).

K.  Ki kote pou m soumèt pake aplikasyon pou TPS la? 
R.   Enfòmasyon sa a disponib nan Avi Rejis Federal la ke yo te pibliye le 21 janvye 2010. Pagen anrejsitreman elektwonik ki disponib pou premye anrejistreman TPS yo.

Si w abite nan…Voye aplikasyon w lan pa lapòs nan...
Leta Florida

USCIS
P.O. Box 4464
Chicago, IL 60680-4464

Pou sèvis kourye Rapid ak pou livrezon kourye:
USCIS
Attn: Haiti TPS
131 South Dearborn, 3rd Floor
Chicago, IL 60603-5520

Leta Nouyòk

USCIS
P.O. Box 660167
Dallas, TX 75266-0167

Pou sèvis kourye Rapid ak pou livrezon kourye:
USCIS
Attn: Haiti TPS
2501 S. State Hwy. 121
Business Suite 400
Lewisville, TX 75067

Tout lòt eta yo

USCIS
P.O. Box 24047
Phoenix, AZ 85074-4047

Pou sèvis kourye Rapid ak pou livrezon kourye:
USCIS
Attn: Haiti TPS
1820 E. Skyharbor Circle S, Suite 100
Phoenix, AZ 85034


K.  Kisa pou m fè si mwen gen yon randevou nan Sant Sipò Aplikasyon (Application Support Center: ASC) men mwen pa ka ale nan randevou a?
R.   Si w paka prezante w nan jou ou gen randevou a, li posib pou pran yon lòt randevou. Sepandan yo ka pran plis tan pou yo travay sou aplikasyon w lan poutèt sa. Si ou pa prezante w nan randevou ASC a san ke ou pa pran yon lòt randevou, oswa si wap pede rate randevou ASC yo, yo ka rejte aplikasyon TPS ou poutèt yo konsidere ou abandone pwosedi a.

K.  Kisa pou m fè pou m pran yon lòt randevou nan ASC a pou byometrik?
R.   Pou mande pou yo ba w yon lòt randevou nan yon ASC, tanpri, fè yon kopi avi pou randevou w la pou kenbe nan dosye w; apresa voye avi orijinal la avèk demann pou yo reba w yon randevou pa lapòs nan adrès ASC ki make sou avi a. Ou fèt pou soumèt demann pou yo ba ou yon lòt randevou osito ou konnen ou gen yon anpechman nan orè ou ki pap pèmèt ou vini nan dat randevou ASC a. Yo pral voye yon nouvo avi pou randevou ba ou pa lapòs. Tanpri remake ke lè w pran yon lòt randevou pou byometrik, sa ka koze yon reta nan desizyon pou aplikasyon w lan.

K.  Konbyen tan yap pran pou yo travay sou ka m nan, e èske m ka mande pou yo akselere pwosedi a si mwen gen yon ijans?
R.   Ou fèt pou konprann biwo USCIS konsidere chaj travay sa a kòm yon sitiyasyon ijan ki gen priyorite poutèt tranblemanntè a. Nou trete chak aplikasyon TPS tankou yon ka ijan e nap fèt tout efò nou kapab pou n asire nou chak aplikan resevwa repons ki pi rapid la selon posibilite nou. Nou mande aplikan yo pou yo pran pasyans etan nap travay pou nou rezoud chak aplikasyon leplivit ke posib.

Pou w ka asire ou aplikasyon w lan byen ranpli, li trè zenpòtan pou:

  • Li « Direktiv souAplikasyon Fòmilè I-821, Aplikasyon pou Estati Tanporè Pwoteje » anvan ou voye aplikasyon w lan. Ou ka jwenn dokiman sa a nan paj www.uscis.gov ki gen Fòmilè yo.
  • Ranpli aplikasyon an nèt epi siyen li.
  • Mete frè kòrèk yo avèk aplikasyon an. Si wap mande pou yo ba ou yon egzansyon pou frè yo ka egzante yo (SÈLMAN pou Fòmilè I-821, Fòmilè I-765, frè Byometrik yo, ak Fòmilè I-601 SÈLMAN), tanpri pa bliye ranpli demann egzansyon frè a kòrèkteman anvan pou voye li. Dape règleman an, pagen egzansyon frè ki disponib pou Fòmilè I-131 pou libète pwovizwa alavans. Pou ka jwenn enfòmasyon konsènan kijan pou peye frè anrejistreman ak frè byometrik yo, gade nan lyen « Peye Frè Imigrasyon yo » ki nan paj Fòmilè a nan www.uscis.gov.
    • Mete tout dokiman yo mande yo.
  • Asire w ke adrès ou mete nan aplikasyon lan pou korespondans yo se adrès kòrèk la epi asire ou adrès la ajou.
  • Si ou demenaje pandan aplikasyon w lan annatant, pran kontak ak Sant Sèvis Kliyan Nasyonal USCIS la. Rele Sèvis Kliyan an nan 1-800-375-5283 tousuit pou ka ba yo nouvo adrès ou.Epitou ou ka chanje adrès ou sou entènèt nan www.uscis.gov.
  • Kèlkeswa dokiman oswa enfòmasyon anplis yo ta voye mande ou kòm prèv, voye li rapidman san pèdi tan.
  • Ou fèt pou ale nan randevou byometrik yo ba ou a.

K.  Pa ki etap aplikasyon TPS mwen an pase?
R.  Yon fwa ou aplike, ka w la pral pase pa plizyè etap etan lap pwogrese.Li enpòtan pou konprann kisa etap sa yo ye defason pou ka suiv pwogrè kap fèt yo epi pou ou konnen kilè ak kijan pou mande pou yo ede ou. Etap sa yo se: Fòmalite pou Admisyon, Planifye Randevou nan yon ASC epi Suiv Pwosesis pou Byometrik yo, ak Detèminasyon.

1. Fòmalite pou Admisyon:Lè w soumèt aplikasyon TPS ou a nan lokal Lockbox la, lokal Lockbox la pral revwa aplikasyon w lan pou l asire li konplè e pou l asire ou soumèt frè apwopriye a oswa yon demann pou egzansyon frè ki dokimante kòmsadwa. Si ka w la satisfè kritè debaz pou akseptasyon yo, yo pral mete aplikasyon w lan nan sistèm nou an epi ou pral resevwa yon avi pou konfime nou resevwa aplikasyon w lan. Si gen yon nesesite pou vwayaj imanitè ki ijan, ou ka mande pou yo travay sou aplikasyon w pou libète pwovizwa alavans lan rapidman, (Fòmilè I-131) apre fòmalite pou admisyon yo epi apre w prezante nan yon ASC pou randevou byometrik ou yo. Tanpri remake avètisman sou vwayaj yo ki pi ba a. Si 3 semenn gen tan pase depi w soumèt aplikasyon w lan, epi ou wè ou poko resevwa avi konfimasyon aplikasyon an, ou ka rele Sèvis Kliyan an nan 1-800-375-5283 pou mande pou asistans.

2. Planifye Randevou nan yon ASC epi Suiv Pwosesis pou Byometrik yo: Apre nou fin aksepte aplikasyon w lan, nou pral pran yon randevou pou ou nan yon ASC pou yo sa suiv pwosesis pou byometrik yo. Akozde gwo volim aplikasyon TPS nou resevwa, li ka pran plis tan pou w resevwa yon randevou nan yon ASC nan sèten lokal ASC kote gen gwo popilasyon Ayisyen, tankou pa egzanp, nan Florida. Nap fè tout efò posib nou pou n adrese sitiyasyon sa a defason pou n evite reta sa yo.

3. Detèminasyon: Inisyalman, USCIS pral revwa ka w la pou detèmine si w kalifye pou yon Dokiman Otorizasyon Travay (EAD), si w te mande pou youn, anvan li pran yon desizyon final sou aplikasyon TPS ou a. Si w kalifye, ou pral resevwa yon EAD apre w fin prezante nan randevou pou byometrik ou yo nan yon ASC. USCIS ap fè tout efò posib pou evite reta nan dosye yo nan pwen sa a, ki ta ka anpeche nou satisfè objektif sa a, men nap mande w pou w pa bliye ke volim aplikasyon nou resevwa pandan premye mwa yo sipoze wo anpil. 

Apre revizyon inisyal sa a pou aplikasyon TPS ou a, USCIS pral konplete yon detèminasyon final sou demann pou TPS ou fè a. Pandan faz sa a, nou ka mande w pou bannou lòt dokiman pou etabli kalifikasyon w pou TPS. Si w resevwa yon demann pou evidans (RFE) oswa yon entansyon pou refi, li enpòtan anpil pou w reponn imedyatman defason pou w evite reta nan pwosesis aplikasyon w lan e pou evite posibilite refi, poutèt ou pat reponn alè. USCIS pral voye ba ou yon avi sou otorizasyon oswa refi TPS ou a yon fwa li konplete ka w la. Si youn nan rezon pou inadmisiblite ki ka egzante yo konsène w, USCIS pral ba w yon opòtinite pou w soumèt Fòmilè I-601 pou mande pou yon egzansyon.Tanpri soumèt fòmilè sa a nan delè tan yo espesifye nan avi USCIS la, oswa yo pral refize ka w la.

K.  Èske map resevwa otorizasyon pou m travay? Ki dokiman pou m itilize kòm prèv otorizasyon travay?
R.   Apre w fin soumèt Fòmilè I-765 ak I-821 yo, e ke w peye frè apwopriye yo (oswa si yo akòde w yon egzansyon frè), USCIS pral revwa aplikasyon w yo pou l fè yon evalyasyon preliminè sou kalifikasyon w pou TPS.  Si w kalifye, nou pral apwouve aplikasyon w lan pou otorizasyon travay e nou pral voye yon EAD ba ou pa lapòs.

Wap ka prezante EAD valab ou a bay yon patwon/anplwayè kòm prèv pou otorizasyon travay ak idantite. Ou ka prezante tou nenpòt lòt dokiman legal akseptab oswa konbinezon dokiman ki liste sou Fòmilè I-9 la kòm prèv idantite ak kalifikasyon travay.

K.  Mwen se yon sitwayen ayisyen; mwen rive Ozetazini apre 12 janvye 2010. Èske m kalifye pou TPS?
R.  Non. Pou w sa kalife pou benefis, se pou sitwayen ayisyen yo (oswa moun ki pa gen nasyonalite e ki te nòmalman abite Ayiti an dènye lye) te kontinyèlman abite Ozetazini depi 12 janvye 2010.

K.   Si mwen te abite Ozetazini anvan 12 janvye 2010, men mwen pat nan peyi a tanporèman le 12 janvye oswa le 21 janvye lè deziyasyon TPS la te efektif, oswa si mwen pat nan peyi a pandan toude dat yo, èske mwen kalifye pou TPS?
R.   Ou dwe soumèt dokiman ki pou pwouve ke w ou te non sèlman abite kontinyèlman Ozetazini depi 12 janvye 2010, men tou ke w te kontinyèlman prezan depi 21 janvye 2010, dat efektif yo te akòde deziyasyon TPS la bay Ayiti. Sepandan, yon « absans kout, senp e inosan » de peyi Etazini, pap afekte rezidans kontinyèl ou oswa prezans ou nan peyi a.

Jande absans sa a defini kòm yon absans de peyi Etazini pou yon tan kout, ke yo kalkile rezonabman pou satisfè rezon absans lan(yo); absans lan pat fèt akozde yon lòd depòtasyon, yon lòd depa volontè, oswa yon akò administratif pou depa volontè san pwosedi depòtasyon; e ke rezon ki fè te gen absans de peyi Etazini pat an kontradiksyon avèk lalwa. 8 C.F.R. § 244.1. Kidonk, si w te abite Ozetazini depi 12 janvye 2010, men ou pat nan peyi a pou nenpòt peryòd tan ki kouvri dat sa a oswa ki vin annapre dat sa a, alèkile ou dwe soumèt evidans ki pou pwouve ke peryòd absans ou de peyi Etazini satisfè kritè pou sa yo rele « absans kout, senp e inosan » an. Pagen okenn kantite tan byen presi ki defini jande absans sa a, epitou nou pral detèmine chak ka baze sou pwòp merit li. Yon aplikan ki pwouve ke absans li de peyi Etazini te nesesè tou senpleman poutèt yon vwayaj tanporè aletranje akoz sikonstans dijans oswa sikonstans atenyant ki pat sou kontwòl li, pa efekte rezidans kontinyèl la. Gade nan id.

K.  Èske mwen ka itilize TPS kòm rezon pou m gen yon estati rezidan pèmanan?
R.   Non. TPS se yon benefis tanporè ki pa pèmèt obtansyon estati rezidan pèmanan legal oswa ki pa konfere okenn estati imigrasyon.

K.  Èske mwen ka aplike pou yon lòt benefis imigrasyon pandan mwen anrejistre pou TPS? 
R.   Wi. Anrejistreman pou TPS pa anpeche w aplike pou estati non-imigran, aplikasyon pou ajisteman estati baze sou yon petisyon imigran, oswa aplikasyon pou nenpòt lòt benefis oswa pwoteksyon imigrasyon ke w ka kalifye pou li.

K.  Kouman yon aplikasyon pou TPS afekte aplikasyon m pou azil oswa pou lòt benefis imigrasyon?
R.   Yon aplikasyon pou TPS pa afekte yon aplikasyon pou azil oswa pou nenpòt lòt benefis imigrasyon oswa vise vèsa. Refi yon aplikasyon pou azil oswa nenpòt lòt benefis imigrasyon pa afekte kapasite w pou ou aplike pou TPS, byenke rezon pou refi aplikasyon sa a ka fè yo refize TPS la. (Pa egzanp, yon moun yo te kondane poutèt yon krim grav pa kalifye pou azil oswa TPS.)

Si yo te akòde w TPS e ou gen yon fanmi oswa yo apwouve yon petisyon baze sou travay nan non w ak yon dat priyorite ki resan, ou ka ajiste estati w Ozetazini sèlman si yo te enspekte w ak admèt ou, oswa ou te gen libète pwovizwa, e (avèk kèk esepsyon), ou te kenbe yon estati legal pandan ou te Ozetazini.
Si ou te rantre Ozetazini ilegalman oswa ou pat gen estati legal anvan oswa apre ou te gen TPS la, ou ka pa kalifye pou ajisteman estati Ozetazini. Pou rezon ajisteman, tan yon moun ap fè sou TPS konsidere kòm yon peryòd estati non-imigran legal; men se pa paske ou gen TPS kounye a ki fè yap « aksepte san pwoblèm » tout lòt peryòd tan anvan e apre TPS la, ke w te pase san w pat gen estati legal.

K.  Èske mwen ka mande pou pèmisyon pou m vwayaje pandan aplikasyon TPS mwen an annatant oswa apre yo fin akòde m TPS? Si mwen pa respekte tèm ak kondisyon TPS mwen yo oswa mwen te Ozetazini san estati legal anvan TPS epi apresa mwen kite Etazini, èske map ka retounen ?
R.   Ou ka fè demann pou yon libète pwovizwa alavans lè w ranpli Fòmilè I-131 ansanm avèk aplikasyon pou TPS ou a, oswa lè w ranpli demann nan separeman, nan yon lòt dat annapre. Si yo akòde w libète pwovizwa alavans la, sa pral pèmèt ou vwayaje aletranje. Nou pral deside sou aplikasyon pou libète pwovizwa alavans ou a apre w fin prezante w nan yon ASC pou yon randevou byometrik. Si w aplike pou libète pwovizwa alavans nan yon dat annapre, asire w ke w ajoute kopi avi konfimasyon w yo pou Fòmilè I-821 ak I-765, si yo annatant, e si w gen yon(plizyè) avi otorizasyon, tanpri ajoute l tou.
Ou pa ka resevwa yon egzansyon frè pou Fòmilè I-131. Frè pou Fòmilè I-131 an se $305. Si w deside vwayaje swa pandan aplikasyon TPS ou a annatant, oswa apre yo fin apwouve l, ou dwe konprann epi konsidere avètisman enpòtan sou vwayaj ki pi ba a, lè wap fè plan pou vwayaj ou yo. Si w vwayaje pandan aplikasyon TPS ou a annatant toujou e ke USCIS ta mande w pou bay lòt enfòmasyon antretan, sa ka lakòz reta nan pwosesis aplikasyon w lan oswa li ka lakòz yo rejte aplikasyon w lan poutèt yo panse ou abandone pwosedi a, si w pa reponn demann nan, nan delè yo bay la. Yo ka detèmine ke w pa kalifye pou TPS tou poutèt lòt rezon pandan w andeyò peyi a, lè sa a yo pap kite w rerantre Ozetazini.

AVÈTISMAN SOU VWAYAJ: Si w prezan Ozetazini ilegalman, e ou vin kite peyi a, menmsi w ta gen yon dokiman pou libète pwovizwa alavans ki apwouve, ou ka vin inadmisib pandan twa (3) oswa dis (10) zan, toudepannde kantite prezans ilegal ou te genyen anvan w te kite a. Anplisdesa, ou ka pa kalifye pou sèten lòt benefis alavni ke w ta ka ap mande, tankou pa egzanp, estati rezidan pèmanan. Nou ankouraje w pou li e pou w konprann avètisman sou vwayaj la ki nan Fòmilè I-131 anvan w mande pou yon libète pwovizwa alavans, kit yo akòde w TPS kit yo pa akòde w TPS. Anvan w fè demann pou libète pwovizwa alavans pou vwayaje, li ta bon si w ta chèche jwenn konsèy legal anvan, si w prezan ilegalman Ozetazini pandan nenpòt peryòd tan.  

K.  Kisa ki ka fè m pa kalifye pou TPS?
R.   Ou ka pa kalifye pou TPS si:

  • Yo te kondane w poutèt yon krim ki te mande ennan prizon oswa plis, oswa poutèt de oswa plizyè krim ki te mande mwenske ennan prizon, ke w te fè Ozetazini;
  • Yo pa admèt ou kòm yon imigran dapre rezon valab selon INA, seksyon 212(a);
  • Yo ka entèdi w jwenn azil poutèt plizyè lòt krim ak menas sekirite piblik ke w fè. Sa enkli patisipasyon nan pèsikisyon yon lòt moun oswa angaje oswa ankouraje aktivite teworis ; sepandan se pa aktivite sa yo sèlman ki ka genyen. 

K.  Èske se pou m ranpli Fòmilè I-601 an avèk aplikasyon TPS mwen an? 
R.   Ou pa oblije ranpli Fòmilè I-601 ansanm avèk aplikasyon TPS ou a. Si yo detèmine ou inadmisib dapre yon rezon yo ka egzante anba pwogram TPS la, yo pral pase w enstriksyon pou w ranpli Fòmilè I-601, Aplikasyon pou Egzansyon Inadmisiblite (Application for Waiver of Inadmissibility). Si w pa ka peye frè anrejistreman pou Fòmilè I-601 a, ou ka mande pou yon egzansyon frè, dapre direktiv ki nan K ak R (Kesyon ak Repons) sa a.

K.  Kisa pwosesis la ye pou moun yo arete kap aplike pou TPS?
R.   Sitwayen ayisyen yo arete oswa yo pa arete yo (ak moun ki pa gen nasyonalite e ki te abite nòmalman Ayiti an dènye lye) te resevwa avi sou opòtinite pou yo aplike pou TPS atravè avi nan Rejis Federal la. Moun ki kalifye pou aplike pou TPS yo ka resevwa tou yon avi pandan pwosedi imigrasyon yo.

Moun yo arete yo ka mande asistans legal lè yap ranpli fòmilè TPS yo nan men reprezantan ki sou lis konseye legal imigrasyon lokal la ke ICE regilyèman bay etranje ki an pwosedi yo. Anplisdesa, ou ka jwenn konseye legal ki ofri asistans gratis nan sit entènèt Depatman Lajistis Etazini nan www.justice.gov/eoir/probono/probono.htm.

K.  Mwen Ozetazini sou yon lòd anlèvman, èske mwen kalifye pou m aplike pou TPS?
R.   Wi. Sitwayen ayisyen (ak moun ki pa gen nasyonalite ki te nòmalman abite Ayiti an dènye lye) ki gen lòd final anlèvman, e ki toujou Ozetazini, ka aplike pou TPS. Sepandan, pou yo akòde yon aplikan TPS, sa pral depann de si aplikan an satisfè tout kritè kalifikasyon pou TPS yo. Yo te òdone pou yo te ekspilse sèten Ayisyen poutèt rezon kriminèl ki pral diskalifye yo tou pou yo resevwa TPS. USCIS ap ankouraje Ayisyen ki gen lòd final anlèvman yo ak sa kap suiv pwosedi legal pou anlèvman yo pou yo chèche asistans legal konsènan kalifikasyon yo pou TPS.

K.  Èske enfòmasyon ak dokiman sipò mwen soumèt ansanm avèk yon aplikasyon TPS ap rete konfidansyèl? Èske yo pral montre ICE enfòmasyon ak dokiman sipò sa yo?
R.   Nou pa ka revele enfòmasyon ki nan yon aplikasyon TPS ak dokiman sipò yo bay yon tyès pati kap mande yo, esepte sou yon lòd tribinal oswa esepte si aplikan an bannou konsantman ekri l pou n revele enfòmasyon an. Sepandan, tyès pati kap mande yo pa enkli moun kap aplike a, reprezantan moun kap aplike a, reprezantan Depatman Lajistis, oswa lòt antite federal oswa leta ki ranfòse lalwa (DHS ladan tou). Yo ka itilize enfòmasyon ki nan aplikasyon an ak dokiman sipò yo pou ranfòse Lwa sou Imigrasyon ak Nasyonalite (INA) oswa pou ranfòse nenpòt lwa kriminèl. Ansanm avèk USCIS, ICE ak Biwo Pwoteksyon Ladwàn ak Fwontyè yo Ozetazini (CBP) gen ajans federal ki fè patide DHS kap ranfòse INA, kidonk, ajans sa yo ka gen aksè a aplikasyon TPS la avèk dokiman sipò yo.
 
K.  Mwen se yon sitwayen ayisyen ki aplike pou TPS e mwen chanje adrès resamman. Kisa pou mwen fè pou m asire m adrès mwen ajou?
R.   Pifò sitwayen ki pa sitwayen ameriken ki Ozetazini dwe selon lalwa avize DHS de nenpòt chanjman adrès, sou 10 jou apre yo fin demenaje nan yon nouvo adrès. Pou avize DHS de chanjman adrès la, ou dwe ranpli yon Fòmilè AR-11, Chanjman Adrès (Change of Address). Ou ka ranpli fòmilè AR-11 la elektwonikman kounye a sou sit entènèt nou nan www.uscis.gov.

Si w se youn pami kèk moun ki pa oblije soumèt yon chanjman adrès legalman, ou dwe kantmèm kenbe  adrès ou ajou si w soumèt nenpòt aplikasyon oswa petisyon bannou e ke jiskaprezan li annatant pou yon desizyon. Sa pral garanti ou resevwa nenpòt avi oswa desizyon nap voye ba ou. Pou avize nou de chanjman adrès ou, ou ka rele Sant Sèvis Nasyonal Kliyan USCIS (USCIS National Customer Service Center) nan 1-800-375-5283 oswa ou ka ranpli Fòmilè AR-11, Chanjman Adrès (Change of Address). Ou ka ranpli fòmilè AR-11 la elektwonikman kounye a sou sit entènèt nou nan www.uscis.gov

K.  Èske mwen ka ale ann apèl poutèt refi yo bay aplikasyon TPS mwen an?
R.   Wi, si USCIS rejte aplikasyon w lan ou ka swa anrejistre yon Rekèt pou yo Relouvri dosye a oswa ou ka ale ann apèl. Ou ka anrejistre rekèt ou a oswa demann dapèl ou a lè w soumèt yon Rekèt pou Apèl, Fòmilè I-290B (Appeal of Motion). Frè pou anrejistre yon Fòmilè I-290B se $585, sepandan ou ka mande pou yon egzansyon frè si w pa ka peye. Si yo rejte ka w la, nou rekòmande pou w konsilte avèk yon reprezantan legal akredite pou w sa detèmine si l ta pi bon pou ou antame yon demann dapèl oswa yon rekèt. Si yo mete w nan pwosedi ekspilsyon, ou ka mande pou jij imigrasyon an deside sou demann pou TPS ou a ankò. Yo rele sa a fè yon demann pou jij imigrasyon an fè yon revizyon de novo. Si yon jij imigrasyon refize demann ou fè pou TPS la, ou ka anrejistre yon demann dapèl avèk Konsèy Dapèl Imigrasyon an (BIA).

K.  Yon Jij Imigrasyon (IJ) oswa Konsèy Dapèl Imigrasyon (BIA) a akòde m TPS. Èske mwen ka resevwa otorizasyon travay nan men USCIS? 
R.   Si yon IJ oswa BIA a akòde w TPS, ou ka resevwa otorizasyon travay lè w soumèt Fòmilè I-765, Aplikasyon pou Otorizasyon Travay. Ou dwe suiv pwosedi ki pi ba yo pou avize USCIS atravè yon imèl adrès yo deziyen espesyalman pou IJ ak BIA yo akòde TPS. 

TANPRI REMAKE: Piga mande yon EAD si ou an pwosedi aktyèlman e yo poko akòde w TPS.
Mande yon EAD sèlman apre yon IJ oswa BIA akòde w TPS.

K.  Èske mwen ka resevwa yon otorizasyon pou vwayaje baze sou akò TPS yon IJ oswa BIA banmwen?
R.   Si yon IJ oswa BIA a akòde w TPS, ou ka resevwa otorizasyon pou vwayaje lè w soumèt Fòmilè I-131, Aplikasyon pou Dokiman pou Vwayaje. Ou dwe suiv pwosedi ki pi ba yo pou avize USCIS atravè yon imèl adrès yo deziyen espesyalman pou IJ ak BIA yo akòde TPS.

TANPRI REMAKE: Piga mande yon otorizasyon pou vwayaje si ou an pwosedi aktyèlman e yo poko akòde w TPS. Mande yon otorizasyon pou vwayaje sèlman apre yon IJ oswa BIA akòde w TPS.

K.  Kouman pou mwen fè USCIS konnen yon IJ oswa BIA a akòde m TPS?
R.   Si yon IJ oswa BIA a akòde w TPS, ou dwe soumèt bay USCIS prèv akò TPS la (tankou yon lòd final ke IJ a bay oswa desizyon final BIA a) lè wap aplike pou premye benefis TPS ou (tankou yon EAD oswa yon otorizasyon pou vwayaje). Ou dwe soumèt tou yon kopi aplikasyon TPS I-821 a ke IJ a oswa BIA a apwouve.

Si wap aplike pou otorizasyon travay, ou dwe Ranpli Fòmilè I-765 epi soumèt tou frè yo mande a (yo) oswa demann pou egzansyon frè a. Ou dwe soumèt tou yon fèy kouvèti ki make: « PIGA REFIZE - YON IJ/BIA A AKÒDE TPS. » Soumèt Fòmilè I-765 lan nan lokal anrejistreman ki apwopriye a baze sou eta kote w rete a, jan yo endike l nan repons 12 pi wo a. Si w te aplike pou TPS anvan sa avèk USCIS e yo te refize aplikasyon w lan, tanpri, asire ou esplike ke yon IJ oswa BIA a akòde w TPS baze sou Fòmilè I-821 ke USCIS te rejte anvan an (ki rele revizyon de novo oswa « nouvo » revizyon); asire w ke w esplike sou paj kouvèti w la ke yo te akòde w revizyon de novo a.

Si wap aplike pou otorizasyon pou vwayaje, ou dwe Ranpli Fòmilè I-131 epi soumèt tou frè yo mande a (yo) oswa demann pou egzansyon frè a. Soumèt Fòmilè I-131 an nan lokal anrejistreman ki apwopriye a baze sou eta kote w rete a, jan yo endike l nan repons 12 pi wo a. 

Apre w fin suiv enstriksyon ki make anlè yo, nou pral voye yon avi konfimasyon ba ou (Fòmilè I-797). Lè w resevwa avi konfimasyon an, ou dwe voye yon imèl imedyatman bay Sant Sèvis ki pral deside sou aplikasyon w lan.

Si avi konfimasyon w lan kòmanse avèk lèt « LIN »  voye imèl la nan Sant Sèvis Nebraska a (Nebraska Service Center) nan Tpsijgrant.nsc@dhs.gov.

Si avi konfimasyon w lan kòmanse avèk lèt « WAC »  voye imèl la nan Sant Sèvis Kalifòni a (California Service Center) nan Tpsijgrant.csc@dhs.gov.

Se pou w mete nan imèl wap voye a, enfòmasyon suivan yo:

  • Non w
  • Dat ou fèt la
  • Nimewo « A » w la

Dat IJ oswa BIA finalman akòde w TPS. Remake: Pou akò TPS la final, se pa pou lòd IJ kap akòde TPS la nesesite okenn lòt pwosedi dapèl oswa se pa pou desizyon akò TPS BIA fè pou ou a nesesite okenn lòt revizyon.) Adrès imèl yo se sèlman pou moun IJ oswa BIA a akòde TPS e kap mande yon EAD oswa yon otorizasyon pou vwayaje. Se pa pou itilize adrès imèl yo pou demann sou estati ka endividyèl yo.

K.  Ki kote mwen ka resevwa enfòmasyon anplis?
R.   Si w bezwen plis enfòmasyon, tanpri, alse sou paj 'Estati Tanporè Pwoteje' a nan www.uscis.gov/haitianearthquake. Ou ka kontakte tou Sant Nasyonal Sèvis Kliyan USCIS (USCIS National Customer Service Center) nan: 1-800-375-5283 oswa 1-800-767-1833 (pou moun ki soud oswa bèbè, TTY).

 





Last updated:07/15/2010