Printer Friendly

Dènye Nouvèl Imigrasyon
Y'ap Bay Sitwayen Ayisyen Plis Tan pou yo Anrejistre pou Pwoteksyon

WASHINGTON--- Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Ozetazini (USCIS) fè konnen jodia ke yo pwal bay sitwayen ayisyen ki kalifye plis tan pou yo anrejistre pou Pwoteksyon Estati Tanporè (TPS). Avan, yo te bay sitwayen ayisyen 180 jou pou yo anrejistre, on peryòd kite komanse 21 janvye pou’l fini 20 jiyè 2010. Kounyen an yo pwolonje’l pou jis 18 janvye 2011.

Depatman Homlan Sekirite (DHS), lan on piblikasyon ki parèt 21 janvye 2010 lan Federal
Register Notice te fè konnen ke yo te nonmen Ayiti pou TPS pou 18 mwa, de 21 janvye 2010
Jiska 20 jiye 2011. Pwogram sā sèlman disponib pou ayisyen ki ta’p viv tout tan Ozétazini depi
12 janvye 2010; sitwayen ayisyen ki rantre pou premye fwa Ozetazini apre 12 janvye 2010, pa’p
jwenn TPS.

Na’p ankouraje ak tout fòs tout sitwayen ayisen ki kalifye pou TPS lan, pou yo ale anrejistre le pli vit ke posib avan peryòd lan, ki kounyen an pwal fini 18 janvye 2011.

Moun k’ap aplike pou TPS yo dwe remèt Fòm I-821, aplikasyon pou Pwoteksyon Estati Tanporè an, ak fòm I-765 lan, aplikasyon pou pèmi travay lan. Moun k’ap aplike yo sipoze peye pou Fòm I-821 lan. Moun k’ap aplike yo, ki gen 14 an ou ki pi gran, sipoze peye pou biometri an. Moun k’ap aplike yo, ki gen 14 an jiska 65 an, kite mande pèmi travay yo (EAD) gen pou yo peye fòm I-765 lan. Moun k’ap aplike yo, ki gen mwens ke14 an oubyen plis ke 65 an, kite mande pèmi travay lan pa gen pou’l peye fòm I-765 lan. Si on moun vle sèlman anrejistre pou TPS, moun sā gen pou’l ranpli fòm I-765 lan kanmenm, pou yo kolekte enfòmasyon; men ou pa gen pou peye pou fòm I-765 lan.  Moun ke mwayen yo pa pèmèt yo peye, gen on papye ki disponib ke ou ka ranpli pou’w montre ke ou pa ka reponn ak frè sā yo.  Si ou pa peye lajan aplikasyon ak biometri an ke yo mande’w yo, oubyen papye ki montre ke ou pa ka reponn ak frè sā yo, yo pa’p aksepte aplikasyon an. Si ou bezwen enfòmasyon pou fè TPS lan gratis, tanpri ale sou entènèt lan, nan ‘Questions and Answers: Requesting Waiver of Fees Temporary Protected Status Applicants’ [Kesyon ak Repons: Moun Pwoteksyon Estati Tanporè k’ap mande pou yo pa peye pou aplikasyon an.]
                                                                
Plis detay sou pwogram TPS ke yo nonmen pou Ayiti an, ak aplikasyon ke yo mande yo ansanm ak tout demach yo, ki disponib nan www.uscis.gov, lan paj TPS anba Ayiti, epi lan Federal Register Notices ke yo pibliye 21 janvye, 2010 ak jodia.

Aplikasyon TPS yo disponib lan entènèt, ou byen rele USCIS gratis pou li, lan 1-800-870-3676. Pou plis enfòmasyon sou pwogram imanitè USCIS yo, ale lan www.uscis.gov oubyen rele lan
 



Last updated:07/13/2010