KISA GRIP POSIN YE ?
Enfluyannza pòsin –oubyen “grip
pòsin” se yon maladi respirstwa kochon ki sevè e ki trè konatajye; sa k koze li
se youn nan plizyè viris A ki bay kalte grip sa a. Tandiske li fasil pou moun
trape maladi a, nivo to mòlite li koze rete byne ba (swa ant 1 e 4 pou san).
Viris la pwopaje nan mitan kochon gras a ayewosòl e pa kontak dirèk e endirèk,
e gen kochon ki pa montre okenn sentòm, men ki ka bay maladi a. Epidemi
pami kochon se bagay ki rive pandan tout ane a, avèk yon ogmantasyon kantite ka
yo nan sezon otòn ak ivè nan peyi tanpere yo. Nan anpil peyi, se yon woutin pou
otorite lasante yo fè vaksinen popilasyon kochon yo kont maladi grip pòsin nan.
Viris ki bay grip pòsin
nan se an jeneral sou-tip H1N1 an; men kèk lòt sou-tip ap sikile tou
sou kochon (pa egzanp H1N2, H3N1,
H3N2). Viris grip avyè a ak viris ki bay moun grip sesonyè a, kapab
enfekte kochon tou, menm jan viris ki bay grip pòsin nan. Pafwa plis ke
yon tip viris a la fwa konn enfekte kochon yo, e sa konn lakoz jèn ki nan diferan
viris sa yo melanje. Sa konn fin pa bay yon kalte viris grip ki gen ladan n jèn ki sòti nan
plizyè sous, e ki rele "virus reassortant".
Menmsi viris grip
pòsin nan se yon viris ki gen yon espès byen presi e se kochon sèlman li
enfekte, pafwa li konn travèse baryè espès yo pou yo bay lòm maladi.
KI
KONSEKANS SA KA GENYEN SOU SANTE MOUN ?
Pafwa nouvèl
rapòte de lwen an
lwen eklatman epidemi grip pòsin ak enfeksyon li bay lòm. Sentòm klinik jeneral yo sanble tèt koupe ak grip sezonye moun konn genyen
yo; men prezantasyon ka klinik ki nan nouvèl yo varye de enfeksyon
san sentòm, pou rive nan nemoni grav ki ka menm koze lanmò.
Puiske
prezantasyon ka klinik enfeksyon grip pòsin bay moun nan sanble anpil ak
grip sezonye a (e li konn sanble tou avèk lòt kalte enfeksyon respiratwa grav)
se pa chans yo detekte majorite ka yo, gras ak siveyans ki pèmèt moun
dekouvri grip sezonye a. Moun konn pa rekonèt kèk ka lejè e ki pa prezante
sentòm, yon bagay ki fè moun pa konnen egzatteman ki vrè dimansyon maladi
sa a ka pran pami lè zòm.
KI KOTE MOUN
DEJA TRAPE MALADI A ?
Depi aplikasyon
regleman 1HR (2005)1 an an 2007, Oganizasyon Mondyal Lasante te resevwa enfòmasyon
sou ka grip pòsin ki te parèt nan peyi Etazini ak Lespay. Depi fen
mwa d'avril 2009 la, nouvèl yo pale de ka maladi a ki parèt o Meksik, o Zetazini ak
Kanada, e gen analiz kap fèt pou konnen si li deja parèt an Frans ak nan Nouvèl
Zeland).
KIJAN MOUN
TRAPE VIRIS MALADI A ?
Dabitid, jan moun trape viris ki bay grip pòsisn
nan, se nan pran kontak ak kochon. Sepandan, gen kèk ka kote moun pran maladi a
san yo pat an kontak ak pyès kochon ni viv nan yon anviwonnman kote k te gen kochon.
Gen kèk egzanp kote maladi a pase de yon kretyen-vivan a yon lòt; men ka sa yo
rete limite ant moun (ou gwoup moun) ki te gen kontak sere-sere.
ESKE GEN DANJE POU MOUN
MANJE KOCHON AK PWODUI KI FÈT AK VYANN KOCHON ?
Pa gen danje non! Etid ki fèt
pa montre ke moun ka trape grip pòsin nan, si yo manje vyann kochon ou lòt
pwodui ki fèt ak vyann kochon--si yo byen trete e byen prepare vyann nan.
Viris grip pòsin nan mouri si ou kuit vyann nan ak yon tanperati 160 degre
F. (swa 70 degre C.); se tanperati ki koresponn ak gid jeneral pou
preparasyon vyann kochon ak lòt kalte vyann.
NAN KI PEYI YO DEJA RAPOTE EPIDEMI
GRIP POSIN NAN PAMI POPILASYON KOCHON ?
Moun pa gen obligasyon pou yo voye
enfòmasyon sou grip pòsin bay Otorite Entènasyonal Pou Sante Animal (OIE,www.oie.int);
kidonk, moun pa tèlman byen konnen pwopagasyon maladi sa a pami bèt. Moun
konsidere maladi a egziste nan yon eta andemik o Zetazini. Moun konnen tou ke
epidemi maladi a te egziste pami kochon ann Amerik di Nò ak Amerik di
Sid, ann Ewòp (pami peyi sa yo, genyen Wayòm Ini, Laswèd, ak Itali), ann Afrik
(Kenya), e nan kèk rejyon nan pati lès kontinan azyatik la, nan peyi
tankou Lachin ak Japon.
KI RISK KI
EGZISTE POU YON PANDEMI TA EKLATE ?
Sanble
li posib
pou pi fò moun (espeysalman sila yo ki pa gen kontak regilye ak kochon)
pa gen
iminite ki ta ka anpeche yo pran enfeksyon viris grip pòsin nan.
Si yon viris grip pòsin fasilite yon transmisyon maladi a ant yon moun
ak
yon lòt, sa kapab koze yon pandemi grip sa a (yon pandemi se lè yon maladi gaye nan divès zòn sou plis ke yon kontinan a la fwa). Konsekans yon pandemi ke
yon viris
konsa koze, se yon bagay ki difisil pou moun predi; sa depann de severite
viris
la ak iminite ki egziste pami moun yo, sètadi pwoteksyon natirèl ki
sòti nan
anti-kò moun devlope lè w trape enfeksyon grip sezonye a bay, epi sa
depann de
fason kò yon moun reyaji ak viris la. Divès kalte viris ki bay grip
pòsin nan
konn mete ansanm pou yo pwodui yon viris ibrid (sètadi yon lòt souch
viris) lè yo melanje avèk viris ki bay moun grip sezonye a, e sa
konn pwovoke yon pandemi.
ESKE GEN YON VAKSEN KI KAPAB PWOTEJE
MOUN KONT GRIP POSIN NAN ?
Non ! Viris ki bay grip yo ap chanje trè vit e
korespondans ant yon vaksen ak viris kap sikile a, se yon bagay ki trè zenpòtan
pou bay yon moun ki pran vaksen an kalte iminite ki nesesè pou
pwoteje l. Se poutèt sa li nesesè pou OMS chwazi yon viris 2 fwa pa ane
pou l fè vaksen kap pwoteje moun kont grip sezonye a, yon fwa pou sezon ivè
emisfè nò a, e yon lòt fwa pou emisfè sid la. Vaksen kont grip sezonye a
ki la aktyèlman e ki baze sou rekòmandasyon OMS, pa gen ladan yo vaksen kont
grip pòsin nan.
Moun pa konnen egzatteman si vaksen kont grip sezonye a kapab ofri
pwoteksyon tou kont enfeksyon viris grip pòsin kap frape kounyela
a Lèzetazini ak Meksik la. OMS ap travay yon fason sere-sere avèk enstitisyon
patnè l yo pou yo kontinye bay konsèy sou fason moun kapab
itilize vaksen kont grip sezonye a pou pwoteje tèt yo kont grip pòsin
nan.
Nou va ajoute nouvèl
nèf nan seksyon sa a ofiramezi nap resevwa plis enfòmasyon sou
sitiyasyon an.