VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

19 Avril 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Somè Amerik yo Bout Ak Yon Deklarasyon Men San Siyati Kèk Chèf Deta


19-04-2009

Western hemispheric leaders gather for UNASUR countries meeting at Summit of the Americas in Port of Spain, 18 April 2009Rido a desann sou senkyèm edisyon Somè Amerik yo nan Port of Spain, Trinidad –Tobago, e lidè yo ap kite zile a apre yo fin patisipe pandan 3 jou nan woumble sila a ki te rasanble 34 Chèf Leta ak Chèf Gouvènman. Plizye lidè –pami yo gen prezidan Ayiti a, René Préval, te kite Port of Spain depi dimanch maten, sanble avan siyati Deklarasyon final la.

Premye Minis Trinidadyen an, Patrick Manning, di dokiman final la siyen malgre kèk lidè pa dakò ak tout pwen ki ladan n. Msye Manning di lidè yo dako pou dokiman an siyen akondisyon yo ajoute yon mansyon, yon remak, ki di deklarasyon an pa fè “unanimité.” Youn nan pwen sonb Somè a, dapre analis yo, se desizyon prezidan Venezuela a, Hugo Chavez, pran ansanm ak prezidan Bolivi a, Evo Morales, pou yo pa siyen Deklarasyon final la, yon fason pou yo pwoteste kont anbago kap peze sou Kiba a epi palefèt dokiman an pa mansyone re-entegrasyon Kiba nan l’OEA.

Menm lè tout lidè nan rejyon an rekonèt nesesite pou Etazini leve anbago a sou Kiba, Premye Minis Kanada a, Stephen Harper, deklare Somè Amerik yo se pa kote kesyon sa a dwe diskite paske se yon pwoblèm ki konsène 2 peyi. Msye Haper di peyi Kanada pa gen pwoblèm ak Kiba ni ak Etazini. Plizye lidè nan Amerik Santral la te eksprime mekontantman yo ak administrasyon ameriken an pou tretman Kiba resevwa a. Se sitou ka Daniel Ortega, Prezidan Nicaragua a. Lidè CARICOM yo te repete apèl yo te deja lanse pou mande Etazini leve anbago komèsyal la sou Kiba. Men msye Obama di pandan Etazini pare pou l chanje, fòk peyi nan emisfè a chanje ak li.

President Obama speaks at the Summit of the Americas in Trinidad and Tobago, 17 Apr 2009
     Prezidan Barack Obama
Dezyèm jounen some Amerik yo fini ak yon seri de rankont bilateral ant dirijan emisfe a ak Etazini, Kanada ak Brezil. Se te moman pou dirijan yo bay opinyon sou pwopozisyon Etazini fe pou l bay plis pase 400 milyon dola fon asistans imedyatman, anfavè peyi kriz ekonomik mondyal la pi afekte yo. An plis de lajan sa a, Prezidan Obama pale de lòt inisyativ pou ede peyi nan Karayib yo amelyore sekirite nan lit kont trafik dwòg. Yon lòt pwogram, dapre msye Obama, pral ede jèn antreprenè yo prete lajan pou yo envesti.

Sou dosye Venezuela a, nan deklarasyon msye Chavez bay laprès apre li te fin remèt prezidan Obama yon liv (Les Veines Ouvertes de l’Amérique Latine / Eduardo Galeano), li di li pare pou l rekòmanse relasyon diplomatik ak Washington e li kapab voye yon anbasadè ozetazini anvan lontan.

Dosye Ayiti a ki mansyone plizye fwa pandan Somè a pral diskite pito nan pwochen reyinyon Asanble Jeneral OEA a, nan San Pedro Sula, nan peyi Honduras

Sitwayen Trinidad ak Tobago yo ap retounen nan reyalite yo apre tout delegasyon etranje yo fin kite peyi a. Abitan yo pral tann retonbe Somè a apre gouvenman an te envesti plizyè milyon dola pou akeyi youn nan pi gran evènman ki dewoule nan emisfè a.

.



Download Repòtaj J. R. Philippe la
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Repòtaj J. R. Philippe la
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl