Samdi 18 Avril la lidè peyi nan emisfè oksidantal la kòmanse
brase lide sou avni kontinan an nan
okazyon 5èm somè Amerik yo isit nan Port of Spain, kapitla Trinidad-Tobago. Genyen
plizyè kesyon sou kalandriye diskisyon yo, tankou imigrasyon, dwazimen, bon
gouvènans, trafik drwòg, krim ak lòt pwoblèm rejyon an ap konfwonte. Dirijan
yo ap pwofite some Trinidad la pou yo pran angajman sou fason yo pral dirije
pèp yo, malgre pwoblèm yo varye de yon zòn a yon lòt. Tèm somè a--ki se “Asire avni sitwayen yo, chanje lavi
yo, kreyasyon richès, sous enèji ak pwoteksyon dwazimen” ta dwe sèvi kòm twal-de-fon gwo rankont
rejyonal sa a kap dewoule pou la premyè fwa nan Karayib la.
Prezidan Barrack Obama anonse peyi-manm G-20 an mete a kote
yon fon 1 trilyon dola pou ede peyi kriz ekonomik la afekte yo. Lid ameriken an
mande kongrè a yon lòt fon dijans 448 milyon dola kòm asistans pou peyi nan
emisfè a.An plis de fon sa a, Etazini ap lanse yon pwogram 30 milyon dola
ranfòse sekirite nan
Karayib la pou ede peyi nan rejyon an nan lit yap mennen kont trafik dwòg. Sou
kesyon Kiba a, Misye Obama anonse administrasyon n nan pare pou l angaje
negosyasyon avèk La Avàn sou yon seri de kesyon enpòtan tankou trafik dwòg,
demokratizasyon, imigrasyon, elatriye. Lidè kiben an, Raul Castro, pa pèdi
tan pou l di li byen akeyi anons sa a; men se pou tout bagay fèt ak onè respè.
Prezidan Venezuelyen an, Hugo Chavez, bo kote pa l, fè konnen listwa pap
padone Prezidan Obama si l pa leve anbago kap peze sou Kiba a, paske se tout
lòt peyi nan emisfèkap mande sa e menm
majorite pèp ameriken an an favè yon desizyon konsa.
|
"Mwen vle vin zanmi ou" Deklarasyon Hugo Chavez pou Barack Obama.
|
-------------------------------------------------------------
Peyi CARICOM yo,
bò kote pa yo, fè konnen
pozisyon yo pa chanje sou dosye Kiba a. Sa nou vle di se pou gen dyalòg epi
pou anbago a leve. « Se te pozisyon nou sa, e li pa chanje », deklarasyon
Premye Minis Sen Vensan e Grenadin nan, Ralph Gonzalves, ki te patisipe nan yon
rankont preliminè plizye lidè Mache Komen Karayib te fe ak tout pòt fèmen. Prezidan Gayana a, Barrat Jagdeo, di dirijan
Karayib yo ap gen yon menm pozisyon sou pwoblèm yap konfronte an komen.
------------------------------------------------------------------
Nan somè
Port-of-Spain nan, atansyon patisipan yo santre sou prezans 2 pami lidè
emisferik-yo : Barack Obama pou Etazini avèk Hugo Chavez pou Venuela ki te
premye lidè ki antre nan sal kote somè a ap dewoule a, nan Otèl Hyatt nan kapital
Trinidad-Tobago a. Diyitè yo te defile youn apre lòt ak sòlda lame Trinidadyèn
nan kòm pòt drapo.
Avan inogirasyon somè
a, manm sosyete sivil la, jèn antreprene yo, ak sektè prive a te reyini pou fè
deba antre yo epi fè rekòmandasyon sou fason yo ta renmen wè lidè yo konpòte
yo sou pouvwa. Rekòmandasyon sa yo konsènen divès domèn ; pami yo nou jwenn
respè dwa moun, transparans, lit kont koripsyon, yon patisipasyon elaji pèp la
nan desizyon otorite yo ap pran nan wo nivo pouvwa a, san bliye pwoblèm chomaj,
krim ak lòt pwoblèm kap trakase peyi yo nan emisfe a. Patisipan nan fowòm sa-yo
mande pou ta gen yon mekanis kotwòl pou garanti aplikasyon rekòmandasyon yo. Yo
soumèt doleyans sa yo bay Minis Afè Etranjè ki nan chak delegasyon yo nan fen
asanble ki te fèt pou mete fen nan rankont sa yo.
------------------------------------------------------------------
Asistan Sekretè Jeneral l’OEA a, Albert Randim, deklare pèp
nan rejyon ap tann rezilta pozitif yo espere ki va sòti somè a. Msye Randim --ki te pran la pawòl
devan yon gwoup ki reprezante sektè prive a-- di eta-manm KARIKOM yo dwe
pwofite somè a pou yo chache konnen jijan yo pral konfwonte defi ki devan yo
jounen jodiya, sòti nan kriz ekonomik
mondyal la, pase pan chomaj, kriminalite, trafik dwòg, pou rive nan sikilasyon
zam ilegal ak depòtasyon masif sitwayen yo kap viv ilegalman nan lòt peyi.
5èm Somè dè
Zamerik, ki kòmanse vandredi 17 avril la, ap pran fen dimanch 19 avril 2009 la.
.
Jean Robert
Philippe(jphilipp@voanews.com)
VOA Creole
Port of Spain